Aprè yon Operasyon nan Tiwoyid (Tiwoyidektomi)
Aprè operasyon an toujou suiv egzakteman enstriksyon founisè swen sante w la. Pran medikaman w yo oswa konprime òmòn ou yo chak jou. Epi konsilte founisè w la regilyèman pou tyèkòp. Objektif la se kontwole pwoblèm tiwoyid ou a. Answit ou ka rekòmanse fè bagay ou renmen.
 |
Doktè w la ap siveye gerizon w pou l asire l w ap geri kòrèkteman epi yo gen kontwòl pwoblèm tiwoyid ou a. |
Pandan w ap geri an
-
Pa kite zòn yo te fann lan mouye pandan kèk jou aprè operasyon an.
-
Pran yon randevou pou suivi ak chirijyen ou an oswa founisè swen primè ou an. Y ap verifye kote ki te fann lan. Si ou gen agraf oswa pwen kouti toujou, yo ka retire yo. Nan yon premye moman, kote ki te fann lan ap parèt wouj epi fè yon ti monte. Li ka vin parèt plat epi pal nan anviwon 6 mwa.
-
W ap bezwen pran konprime òmòn tiwoyid. Konprime sa yo ranplase òmòn tiwoyid ou an te konn fè a. Founisè swen sante a ap chanje dozaj òmòn sa jiskaske li bon pou ou. Pran konprime tiwoyid ou a san w poko manje. Eseye pran yo a menm lè chak jou.
-
Glann paratiwoyid ou yo ka pa fonksyonne nòmalman tou. Si sa rive, ou ka bezwen pran kalsyòm ak vitamin D pandan premye semèn yo aprè operasyon an.
-
Pa fè gwo aktivite fizik pandan plizyè semèn. Tankou naje oswa leve pwa lou.
-
Pako retounen al travay jiskaske founisè ou a di w ka ale.
Jere sante w
-
Si ou gen konprime òmòn tiwoyidyen oswa lòt medikaman, pran yo jan yo mande a. Sa ap ede kenbe òmòn ou nan bon nivo a. Toujou pran konprime tiwoyid ou an san w poko manje. Epi pran yo a menm lè chak jou. W ap pi byen absòbe vitamin D an si w pran l ak manje. Kalsyòm ap entèraji ak dijesyon òmòn tiwoyidyen an. Kidonk pran yo chak nan yon moman diferan nan jounen an.
-
Konsilte founisè swen sante w la regilyèman pou fè tès san. Se pou verifye si òmòn medikal ou a nan bon dozaj la.
-
Si ou genyen bou l sou ou, ou ka bezwen tès pou suivi. Se pou verifye chanjman nan gwosè li. Oswa verifye si pa gen lòt.
-
Si ou t ap pran tretman kont kansè, w ap bezwen fè egzamen suivi regilyèman. Se pou tyeke siy rechit pou kansè a.
Kilè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante ou a imedyatman si ou gen nenpòt nan sa yo:
-
Enflamasyon oswa kote ki te fann lan ap senyen
-
Fyèv ki nan 100.4°F ( 38°C) oswa pi wo, oswa daprè konsèy founisè w la
-
Yon vwa fatige, wòk (enwe)
-
Gòj fè mal ki grav oswa ki dire plis pase 1 semèn
-
Pikotman oswa kranp nan men, pye oswa nan bouch
Online Medical Reviewer:
Chris Southard RN
Online Medical Reviewer:
Marianne Fraser MSN RN
Online Medical Reviewer:
Melinda Murray Ratini DO
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.