Tès Depistaj Oditif Pou Timoun Ki Fenk Fèt: poukisa li enpòtan

Tès depistaj pou detèmine si yon timoun ki fenk fèt lan tande byen enpòtan anpil. Ozetazini yo souvan fè egzamen pou chak timoun, pou verifye si yo tande byen; anvan menm yo kite lopital la. Se yon pati nan pwogram inivèsèl pou depistaj pwoblèm oditif lakay timoun ki fenk fèt yo. Objektif pwogram lan se detekte pwoblèm oditif yo pi bonè posib. Pi bonè yo detekte yon pwoblèm oditif, se pi bonè y ap kapab trete l oswa jere l. Yon tretman ki fèt anvan timoun lan gen 10 mwa ap ede langaj ak kapasite timoun sa genyen pou l fè lekti devlope.  

Poukisa li enpòtan pou timoun lan tande?

Tande a enpòtan paske sa kapab afekte devlopman timoun ou an. Gen kapasite pou byen tande a se yon eleman ki endispansab pou:

  • Devlopman lapawòl ak langaj

  • Aprantisaj

  • Devlopman emosyonèl ak sosyal

Kisa w dwe atann de tès depistaj la

Tès oditif la souvan fèt pandan bebe a ap dòmi. Li pa pran tan, ni li pa pwovoke doulè. Li pran sèlman anviwon 10 minit pou l fèt. Li pwobab pou w jwenn rezilta tès sa a anvan w kite lopital la. Nan moman sa a, y ap fè w konnen si bebe ou a nan nesesite pou l fè lòt egzamen oswa si li pa nan nesesite fè lòt. Si bebe ou a gen nesesite pou l fè lòt egzamen sa pa vle di bebe ou gen pwoblèm oditif. Men, sa sèlman vle di premye tès la pa revele ase enfòmasyon. Founisè swen sante ou a ka di ou plis. Asire w bebe ou a fè tout lòt tès yo jan yo rekòmande w li a. 

Mande rezilta yo si toutfwa ou pare pou w pran egzeyat epi yo poko ba ou yo. Asire w yo eksplike w rezilta yo anvan w antre lakay ou.

Kisa k ap pase si bebe mwen an prezante siy ki montre li gen pwoblèm oditif?

Si tès la montre bebe ou a pa tande, pa panike. Anpil timoun konn bezwen fè yon egzamen suivi. Yon timoun ki fenk fèt ki tande nòmalman kapab echwe premye tès la paske l ap kriye, bouje, oswa akoz li gen yon bagay nan zòrèy li. Gen plis tès k ap fèt pou detèmine si timoun ou an reyèlman pa tande. Menmsi timoun ou an gen yon pwoblèm oditif, anpil nan pwoblèm sa yo ka rezoud. Founisè swen sante ou a ap travay avèk ou pou devlope yon plan pou ede bebe ou a.

Li vrèman enpòtan pou w suiv konsèy pwofesyonèl sante a. Lapawòl ak langaj kòmanse devlope pandan premye mwa yo nan lavi yon moun. Li pi bon lè w enfòme konsènan pwoblèm oditif bebe ou a. Lè sa a, w ap kapab fè anpil bagay pou w ede l nan devlopman kominikasyon l.

Èske bebe mwen an ka reyisi tès la epoutan li toujou gen pwoblèm oditif?

Li posib pou tès la pa rive detekte yon pwoblèm oditif. Gen kèk pwoblèm tès depistaj sa kapab pa ka detekte. Epi nan kèk ka, pwoblèm yo konn manifeste annapre. Pandan chak vizit kontwòl bebe ou a al fè, founisè swen sante a ap poze w kesyon sou konpòtman timoun ou an ak kòman l reyaji a son. Kidonk, sa ki pi bon pou w fè a se verifye si bebe ou a pase etap ki gen rapò ak tande, pale, epi devlopman langaj li toutotan l ap grandi. Mande founisè swen sante ou a pou l ba w lis etap sa yo. Si w gen nenpòt preyokipasyon konsènan kapasite pou bebe ou a tande oswa konpòtman l, ekri l epi poze pwofesyonèl sante ou a kesyon sou li.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.