Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Aponevwozite Plantè: Egzèsis yo

Plantar Fasciitis: Exercises

Enstriksyon pou Swen Ou

Men kèk egzanp egzèsis reyabilitasyon pou pwoblèm medikal ou. Kòmanse chak egzèsis dousman. Diminye egzèsis la si ou kòmanse gen doulè.

Doktè ou oswa espesyalis terapi fizik ou ap di ou kilè ou kapab kòmanse egzèsis sa yo epi kilès ladan yo k ap pi byen travay pou ou.

Fason pou fè egzèsis yo

Detire nan twal

../images/fc69ab11be7728e7544a692a7c10a386.jpg

  1. Chita avèk janm ou lonje ak jenou toudwat.

  2. Mete yon twal toutotou pye ou jis anba zòtèy ou.

  3. Kenbe chak pwent twal la nan chak men, avèk men ou anlè jenou ou.

  4. Redi avèk twal la yon fason pou pye ou detire vin sou ou.

  5. Kenbe pozisyon an pandan omwen 15 a 30 segonn.

  6. Fè sa ankò 2 a 4 fwa pa sesyon, jiska 5 sesyon pa jou.

Egzèsis pou detire mòlèt

../images/36713b390eeebc6c8d948e4fc7ad1a8d.jpg

  1. Nòt: Egzèsis sa a ap detire miskilati ki nan dèyè pati anba janm ou (mòlèt la) ak tandon Achiy yo. Fè egzèsis sa a 3 a 4 fwa pa jou, 5 jou pa semèn.

  2. Kanpe anfas yon miray avèk men ou sou miray la apeprè nan nivo zye ou. Mete pye ou vle detire a apeprè sou yon mach eskalye dèyè lòt janm nan.

  3. Pandan ou kenbe do ou repoze atè, plwaye jenou devan ou jouk lè ou santi janm dèyè a ap detire.

  4. Kontinye detire pandan 15 a 30 segonn. Fè sa ankò 2 a 4 fwa.

Egzèsis pou detire aponevwoz plantè ak mòlèt

../images/bc3ed9adef7af963fdaf87640d97bd31.jpg

  1. Nòt: Lè ou detire aponevwoz plantè a ak miskilati mòlèt yo sa kapab ogmante fleksibilite a epi diminye doulè nan talon an. Ou kapab fè egzèsis sa a anpil fwa chak jou epi anvan ak apre aktivite.

  2. Kanpe sou yon jan sa endike anwo a. Sonje pou kenbe sou ranp lan.

  3. Dousman kite talon ou yo desann sou pwent mach eskalye a pandan ou rilaks miskilati mòlèt la. Ou ta dwe santi anba pye ou ak anlè dèyè janm ou ap detire nan jenou ou.

  4. Kontinye detire a pandan apeprè 15 a 30 segonn, epi answit sere miskilati mòlèt la enpe pou fè talon ou retounen anlè nivo mach eskalye a. Fè sa ankò 2 a 4 fwa.

Bouk twal

../images/2006b66586489b8ebd69e70728a8660d.jpg

  1. Pandan ou chita, mete pye ou sou yon twal atè a epi chifonnen twal la toutotou ou avèk zòtèy ou.

  2. Answit, avèk zòtèy ou tou, pouse twal la lwen ou.

  3. Nòt: Fè egzèsis sa a vin pi difisil lè ou mete yon objè lou, tankou yon ti bwat soup, sou lòt pwent twal la.

Ranmasaj mab

../images/c5ca1b25374ccb8f342275756d9e6a08.jpg

  1. Mete mab yo atè toupre yon tas.

  2. Avèk zòtèy ou, eseye leve mab yo anlè atè a epi mete yo nan tas.

Swen siplemantè se yon pati enpòtan nan tretman ak sekirite ou. Sonje pou pran tout randevou yo epi pou ale ladan yo, epitou rele doktè ou si ou gen pwoblèm. Se yon bon lide tou pou konnen rezilta tès ou yo, epitou pou konsève yon lis medikaman w ap pran yo.

Ajou nan dat: 17 July 2023

Vèsyon kontni: 14.0

Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w gen kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la. Healthwise, Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon sa yo.

© 2006-2025 Healthwise, Incorporated.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer