Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Pwoblèm Twonp Eustache: Enstwiksyon pou Swen

Eustachian Tube Problems: Care Instructions

Enstriksyon pou Swen Ou

../images/fcf19698e17331f04385172c338e3d83.jpg

Twonp Eustache pase ant andedan zòrèy yo ak gòj la. Yo kenbe presyon lè a estab nan zòrèy yo. Si twonp Eustache ou yo vin bloke, presyon lè ki nan zòrèy ou yo ap chanje. Likid ki nan yon fredi kapab bouche twonp Eustache yo, sa k ap lakòz ou gen doulè nan zòrèy yo. Yon chanjman rapid nan presyon lè a kapab lakòz twonp Eustache yo fèmen. Sa ta ka rive lè yon avyon chanje altitid oswa lè yon plonjè espè monte ak desann anba dlo.

Pwoblèm twonp Eustache ale poukont yo souvan oswa apre tretman antibyotik. Si tib ou yo kontinye bloke, ou ka bezwen operasyon.

Swen siplemantè se yon pati enpòtan nan tretman ak sekirite ou. Sonje pou pran tout randevou yo epi pou ale ladan yo, epitou rele doktè ou si ou gen pwoblèm. Se yon bon lide tou pou konnen rezilta tès ou yo, epitou pou konsève yon lis medikaman w ap pran yo.

Kijan ou kapab pran swen tèt ou lakay ou?

  • Pou soulaje doulè zòrèy la, pase yon lenjèt tyèd oswa yon tanpon cho ki regle nan tanperati ba. Ka gen ekoulman nan zòrèy la lè chalè a fonn lasi a. Mete yon twal ant sous chalè ak po ou. A itilize yon tanpon chalè sou timoun.

  • Si doktè ou te preskri ou antibyotik, pran yo selon enstriksyon doktè a. Pa sispann pran medikaman yo senpleman paske ou santi ou refè. Ou bezwen pran tout dòz antibyotik yo.

  • Doktè ou ka rekòmande pou pran medikaman san preskripsyon. Pran prekosyon ou avèk medikaman yo. Dekonjestif oral oswa nazal ka soulaje doulè a. Evite dekonjestif ki melanje avèk antiyistamin, ki ka lakòz plis blokaj. Men si alèji yo sanble se pwoblèm nan, doktè ou ka rekòmande ou yon melanj. Pran prekosyon ou avèk medikaman pou tous ak rim. Pa bay yo pou timoun ki poko gen laj 6 zan, paske yo pa efikas pou timoun laj sa a, epitou yo kapab nuizib pou yo. Pou timoun ki gen laj 6 zan ak plis, toujou swiv tout enstwiksyon yo avèk prekosyon. Asire ou konnen ki kantite medikaman pou bay ak kantite tan pou itilize li. Epi itilize aparèy dozaj la si ou jwenn youn ladan.

Kilè ou ta dwe rele pou mande èd?

Rele doktè ou kounye a oswa chèche swen medikal imedyatman si:

  • Ou pèdi odisyon ou nèt toudenkou.

  • Ou gen doulè grav oswa ou santi toudisman.

  • Ou gen nouvo oswa plis pi oswa san k ap soti nan zòrèy ou.

  • Po ki toutotou oswa dèyè zòrèy la vin wouj, anfle oswa ou gen doulè ladan.

Siveye deprè pou chanjman nan sante ou, epitou asire ou kontakte doktè ou si:

  • Ou pa refè apre 2 semèn.

  • Ou gen nenpòt nouvo sentòm, tankou demanjezon oswa ou santi zòrèy ou plen.

Ajou nan dat: 27 September 2023

Vèsyon kontni: 14.0

Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w gen kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la. Healthwise, Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon sa yo.

© 2006-2025 Healthwise, Incorporated.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer