Semèn 10 ak 14 nan gwosès ou : direktiv swen
Weeks 10 to 14 of Your Pregnancy: Care Instructions
Kounyeya, li posib pou tande batman kè bebe w ak yon aparèy iltrason espesyal. Ògan nan kò bebe w ap
devlòpe yo. Epi bra ak janm bebe w ka pliye.

Deside si w vle fè tès pou wè si bebe w gen yon anomali konjenital. Panse ak laj ou,
chans ou genyen pou pase yon maladi ki kouran nan fanmi w bay bebe a, si w ta bezwen
okouran de nenpòt pwoblèm ki genyen, epi kisa w pral fè lè w fin resevwa rezilta yo.
|

Li pa yon pwoblèm pou fè egzèsis. Eseye mache oswa naje. Mande doktè w anvan w lanse
yon nouvo pwogram egzèsis.
|

|
Ou ka santi ou pi fatige pase jan sa konn ye. Fè ti
dòmi pandan jounen an ka ede w.
|

|
Ou ka santi w emosyonèl. Sa gen dwa ede w si w pale ak
yon moun.
|

|
Ou ka genyen tèt fè mal. Eseye kouche epi mete yon
twal fre sou fwon ou.
|

|
Ou ka itilize asetaminofèn (Tylenol) pou soulaje doulè a.
Pa pran okenn medikaman anti enflamatwa (tankou Advil, Motrin, Aleve) sof si
doktè ou di li bon pou pran.
|

|
Ou ka santi w plen oswa yon doulè nan ba vant ou. Sa
ka santi tankou kalite kranp ou ta ka jwenn avan règ ou. Si w fè yo fwote do w, sa
gen dwa ede w.
|

|
Ou ka bezwen fè pi pipi plis. Iteris ou k ap grandi ak
òmonn kap chanje yo ka afekte blad pipi w.
|

|
Ou kapab santi w malad nan vant ou (maladi maten).
Evite manje ak odè ki fè w santi w malad.
|

|
Tete w ou ka genyen sansasyon diferan. Yo ka sansib
oswa vin pi gwo. Pwent tete ou yo ka vin pi fonse. Eseye nouvo soutyen ki ba ou bon
sipò.
|

|
Evite bagay ki ka fè ti bebe ou a mal. Sa enkli alkòl,
tabak epi dwòg (sa gen ladann mariwana).
|

|
Pran yon vitamin prenatal chak jou. Chwazi youn ak
asid folik.
|
Swen siplemantè se yon pati enpòtan nan tretman ak sekirite ou. Sonje pou pran tout randevou
yo epi pou ale ladan yo, epitou rele doktè ou si ou gen pwoblèm. Se yon bon lide tou pou konnen
rezilta tès ou yo, epitou pou konsève yon lis medikaman w ap pran yo.
Ajou nan dat: 10 July 2023
Vèsyon kontni: 14.0
Adapte anba yon lisans Enstriksyon pou swen pwofesyonèl swen sante w la Si w
gen kesyon sou yon maladi oswa enstriksyon sa a, toujou mande pwofesyonèl swen sante w la.
Healthwise, Incorporated voye jete tout garanti oswa responsablite pou itilize ou itilize enfòmasyon
sa yo.
© 2006-2025 Healthwise, Incorporated.