Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Machin Pasajè Sekirite: Chèz Sekirite pou machin

Chak ane gen yon santèn timoun ki blese oswa ki mouri nan aksidan machin. Chèz sekirite a kapab ede w kenbe timoun ou an oswa bebe ou a san danje epi an sekirite nan machin ou. Men pou sa fèt ou sipoze itilize yo kòrèkteman. Senk bagay enpòtan ou kapab fè pou w asire sekirite timoun ou an se:

  • Itilize yon chèz sekirite chak fwa timoun ou an ap vwayaje nan yon machin. San eksepsyon.

  • Pozisyone timoun ou an devan dèyè nan machin lan toutotan chèz la pèmèt ou fè sa.

  • Itilize chèz sekirite ou a selon enstriksyon konpayi a bay yo. Konsilte manyèl itilizasyon machin ou an tou. Konsève toulède manyèl yo sou men kòm referans. Bwat pou mete gan ki nan machin ou an se yon bon espas pou w mete yo.

  • Toujou plase chèz sekirite a sou chèz ki dèyè nan machin ou an.

  • Itilize yon chèz elevatè lè timoun ou an pa bezwen yon chèz bebe ankò. Selon Akademi Pedyat Ameriken, timoun ki pi gran oswa pwa yo depase limit ki fikse pou yon chèz bebe ki bay fas li devan yo ta sipoze itilize yon chèz elevatè ki gen yon senti sekirite ki pase ladan l. Li enpòtan pou w konsilte manyèl itilizasyon chèz sekirite ou a pou w verifye limit pwa ak tay chèz la.

Pozisyon chèz sekirite machin yo

Chèz sekirite yo kapab bay fas yo swa devan, swa dèyè. Règ jeneral la se timoun lan dwe bay fas li dèyè pou pi lontan posib. Se pozisyon ki plis sekirize pou yon timoun nan yon aksidan machin. Peryòd tan timoun lan dwe bay fas li dèyè a depann de laj li, tay li, ak pwa li. W ap jwenn nan liy ki vin aprè yo, plis enfòmasyon sou pozisyon chèz sekirite yo:

Chèz bebe ki bay fas yo dèyè

  • Bebe ak timoun piti yo ta dwe nan yon chèz sekirite ki bat sou dèyè pou pi lontan posib. Sa vle di jiskaske yo gen tay oubyen pwa ki otorize pou yo chita nòmalman nan machin nan.  Verifye enstriksyon chèz sekirite ou a.

  • Genyen 2 kalite chèz sekirite ki bay fas yo dèyè: chèz ki pou bebe sèlman yo, ak chèz ki gen doub fonksyon yo. Chèz ki pou bebe sèlman yo dwe toujou bay fas yo dèyè. Yon chèz ki gen doub fonksyon kapab bay fas li dèyè epi li itilize l annapre fas li devan. Majorite chèz sekirite ki gen doub fonksyon yo, gen yon maksimòm pwa ak tay k ap pèmèt timoun nan rete fas dèyè pandan 2 an oswa plis lè l nan machin.

  • Lè w ap itilize yo pou tibebe, chèz sa yo sipoze panche selon enstriksyon fabrikan chèz la bay yo. Sa anpeche tèt bebe w la baskile al devan.

  • Anè a dwe plase nan fant chèz la yon fason pou l nan nivo epòl timoun lan oswa pi ba. Toujou suiv enstriksyon fabrikan chèz la bay yo konsènan kòman pou w byen pozisyone yon anè.

Bebe a chita an sekirite nan yon chèz machin nan ki bay sou dèyè, sou chèz dèyè nan machin nan.

Chèz ki bay fas yo devan

  • Chèz sa yo kapab itilize pou timoun ki depase limit maksimòm pwa oswa tay fabrikan an fikse pou itilize chèz sekirite ki bay fas dèyè yo.

  • Gen plizyè kalite chèz ki kapab bay fas yo devan. Tankou chèz entegre yo, chèz konbine avèk fonksyon fas avan yo/chèz elevatè yo, ak jilè vwayaj yo. Konsilte manyèl itilizasyon chèz la pou w konnen kòman pou w byen ranje l.

  • Anè a dwe plase nan fant chèz la yon fason pou l nan nivo epòl timoun lan oswa pi ba. Toujou suiv enstriksyon fabrikan chèz la bay yo konsènan kòman pou w byen pozisyone yon anè.

Yon timoun piti ki chita an sekrite nan yon chèz machin ki bay sou devan, sou chèz dèyè nan machin nan.

Itilize yon chèz sekirite pou machin san pwoblèm

  • Achte chèz ki apwopriye ak timoun ou an:

    • N ap enfòme w pi bon chèz pou timoun ou an se sa ki konfòm ak pwa l ansanm ak tay li a. Se sa ki byen chita nan machin ou an tou. Pa sèlman gade sou pri yo.

    • Eseye chèz la. Plase timoun ou an ladan l, ranje anè sekirite a epi boukle l. Verifye si l konfòm ak timoun ou an epi ak machin ou an.

    • Nenpòt chèz ou achte a, verifye si w ap kapab itilize l kòrèkteman a chak fwa.

  • Enstale chèz sekirite a kòrèkteman:

  • Verifye si timoun ou an enstale an sekirite nan machin lan:

    • Verifye enstriksyon sou itilizasyon chèz machin nan pou w asire ou, w ap itilize ekipman yo kòrèkteman.

    • Verifye si anè yo byen ranje epi plake sou pwatrin timoun lan.

    • Mete dispozitif pou w boukle l la nan nivo anba bra a.

  • Toujou plase chèz sekirite a sou chèz ki dèyè nan machin lan. Timoun ki genyen pi piti pase 13 lane yo dwe toujou chita dèyè sou yon chèz elevatè jiskaske li vin gran ase pou l chita kòrèkteman nan yon senti sekirite. Otomatikman timoun ou an gran ase pou l pa bezwen yon chèz elevatè, ou dwe kontinye mete l chita dèyè lè w ap vwayaje nan machin avè l. Sa rann li plis an sekirite nan ka yon aksidan machin.

  • Pa itilize yon chèz machin ki ekspire. Chèz yo souvan ekspire lè yo rive sou anviwon 6 lane. Verifye manyèl itilizasyon chèz sekirite a pou w jwenn enfòmasyon sou dat ekspirasyon l.

  • Amelyore chèz timoun ou an toutotan l ap grandi. Konsève tras pwa ak tay timoun ou an lè w al vizite yon founisè swen sante avè l, yon fason pou w kapab konnen si li depase limit pwa ak tay chèz la.

  • Lè timoun ou an vin twò gran pou yon chèz bebe, travèse l nan yon chèz elevatè.

Resous ak konsèy pou prezève sekirite timoun yo nan machin

Men kèk ti konsèy sou sekirite: 

  • Itilize chèz sekirite oswa senti sekirite nan tout ti vwayaj w ap fè—menmsi se yon senp ti vire bò lakay ou.

  • Bay egzanp yon bon konpòtman. Si w pase senti sekirite w timoun ou an ap plis anvi fè sa tou.

  • Verifye si timoun ou an konprann si tout moun pa pase senti sekirite yo, machin lan p ap deplase. San eksepsyon.

  • Nan sezon ivè, rad ki gonfle yo ka anpeche w byen ranje senti sekirite a.

  • Pa janm itilize yon chèz ki te sibi yon aksidan machin grav. Ou ka petèt itilize yon chèz ki te sibi yon ti aksidan minim. Pou plis enfòmasyon, ale sou www.nhtsa.gov.

  • Pa itilize yon chèz ki te itilize deja si w pa konn istwa l.

  • Pa itilize materyèl pou boure chèz la oswa lòt pwodui ki pat vin ansanm ak chèz sekirite ou a.

  • Pa janm itilize yon chèz ou te pote tounen. Pou plis enfòmasyon sou rapèl la, kontakte fabrikan oswa Sèvis Asistans Telefonik pou Sekirite Machin lan nan 888-327-4236. Ranpli fòmilè anrejistreman an tou lè w ap achte chèz sekirite ou a. Konsa y ap enfòme w konsènan tout rapèl ki gen sou chèz sa.

  • Dekouvri plis sou lwa pou sekirite pasajè yo nan eta w la nan Safe Kids Worldwide.

Sistèm LATCH lan

LATCH siyifi Lower Anchors and Tethers for Children (Ankraj ak atach Enferyè pou Timoun). Sistèm sa pèmèt ou sekirize yon chèz san w pa bezwen itilize yon senti sekirite. LATCH itilize 2 oswa plizyè ti ba (ankraj) ki twouve yo sou chèz dèyè nan machin lan. Li kapab genyen yon atach siperyè tou. Majorite machin yo fè depi septanm 2002 yo gen LATCH. Machin lan ansanm ak tout chèz la, toulède dwe kreye pou itilize sistèm lan. Pou w konnen si w gen LATCH, konsilte manyèl itilizasyon machin lan ak enstriksyon pou chèz sekirite a. Pa janm itilize LATCH lan nan menm moman ak senti sekirite a. Swa w itilize youn oswa w itilize lòt la.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer