Trete Pwoblèm Tiwoyid yo
Founisè swen sante w la te dyagnostike yon pwoblèm tiwoyid. Li pral travay avèk ou pou l ka fè yon plan tretman. Menm si ou pa gen pyès sentom, li enpòtan pou w jwenn swen ki apwopriye yo. Men ki kalite maladi tiwoyid ki pi kouran yo ak tretman yo.

Trete ipotiwoyidi
Ipotiwoyidi a se yon tiwoyid ki pa ase aktif. Li pa gen gerizon. Men, yon tretman ka soulaje pifò oswa tout sentom yo. Yo fè tretman an ak konprime òmòn tiwoyid moun nan ap gen pou l bwè chak jou. Konprime sa yo ranplase òmòn tiwoyid ou pa fè a. W ap petèt bezwen pran yon konprime chak jou pandan tout rès lavi w.
Founisè swen sante w la ap modifye dòz ou a pou l ka jwenn bon nivo òmòn yo. Pran konprime òmòn tiwoyid la a jen. Pran l poukont li. Epi pran li a menm lè a chak jou. Sa a pèmèt ou asire w li aji kòmsadwa.
Apre yon tan, yo ka chanje dòz ou a. Medikaman an pa gen twòp efè segondè si dòz la bon pou ou. Men, si dòz la twò fò pou ou, ou ka gen sentom yon tiwoyid ki twò aktif. Tankou:
Si dòz la twò fèb pou ou, ou ka gen sentom yon tiwoyid ki pa ase aktif. Tankou:
-
Mank enèji
-
Ou kagou
-
Pwoblèm memwa
-
Pran pwa
Di founisè w la sa si w gen nenpòt sentom pwoblèm tiwoyid. Fè li konn sa a tou si yo preskri w nouvo medikaman. Di li si w ap pran estwojèn oswa testostewòn. Sa yo ap modifye dòz òmòn tiwoyid ki bon pou ou an. Y ap bezwen modifye dòz ou a tou si w ansent.
Trete ipètiwoyidi
Ipètiwoyidi a se yon tiwoyid ki twò aktif. Tretman yo kapab se:
-
Medikaman anti tiwoyidyen. Li ka redui kantite òmòn tiwoyidyen glann tiwoyid ou pwodwi a. Reyaksyon ak medikaman sa yo ra. Men, nan kèk ka, li ka lakoz kantite globil blan yo bese yon fason ki danjere. Li ka lakoz domaj nan fwa tou. Pale ak founisè swen sante w la pou plis enfòmasyon. Si w gen lafyèv oswa gòj fè mal pandan w ap pran medikaman sa a, di doktè w la sa touswit.
-
Ablasyon ak yòd radyoaktif. Sa se tretman ki pi kouran an. Li fèt pandan w ap pran yon konprime oswa yon dòz likid yòd radyoaktif. Sa detwi selil tiwoyid ki fabrike twòp òmòn yo. Ou ka bezwen pran òmòn tiwoyid chak jou apre tretman sa a.
-
Operasyon. Se lè yo retire yon pati oswa tout glann tiwoyid ou. Apre operasyon an, ou ka bezwen pran konprime òmòn tiwoyid chak jou.
-
Beta blokan yo. Yo ka itilize tretman ki anwo yo poukont yo. Oswa yo ka itilize yo ak beta blokan. Yo se medikaman ki ka diminye sentom yon eksè òmòn tiwoyid lakoz.
Trete nodil (ti boul)
Si ou gen nodil ki pa kansere (benin), ou ka pa bezwen tretman touswit. Olye de sa a, founisè swen sante w la ka konseye w fè egzamen regilye yo ak ekografi. Sa a se pou l ka wè si nodil yo grandi. Ou ka petèt bezwen pran yon dòz òmòn tiwoyid. Sa ap pèmèt nodil yo retresi. Si ou bezwen lòt tretman, li kapab se:
-
Medikaman anti tiwoyidyen. Si se yon nodil tiwoyid benin ki lakoz yon tiwoyid twò aktif, founisè w la ka trete l ak medikaman sa an premye. Si sa pa mache, ou ka bezwen 1 nan tretman ki anba yo.
-
Ablasyon ak yòd radyoaktif. Sa se tretman ki pi kouran pou ipètiwoyidi. Li fèt pandan w ap pran yon konprime oswa yon dòz likid yòd radyoaktif. Sa detwi selil tiwoyid ki fabrike twòp òmòn yo. Ou ka bezwen pran òmòn tiwoyid chak jou apre tretman sa a.
-
Ablasyon avèk radyofrekans. Se yon operasyon ki pa twò envazif ki itilize chalè pou l detui selil yo. Yo itilize tès imajri pou yo dirije yon egi fen nan po a oswa nan yon kote yo koupe (ensizyon) ak nan tisi yo. Yon enèji ak frekans ki wo pase nan egi a. Sa lakoz tisi ki alantou yo rechofe epi li detui selil vwazen yo. Selil ki an sante yo pa detui.
-
Operasyon. Yo ka fè sa a pou yo ka trete nodil ki lakoz sentòm yo. Sentòm yo ka gen ladan yo etoufman oswa difikilte pou w vale. Nan operasyon an yo retire yon pati oswa tout glann tiwoyid ou. Apre operasyon an, ou ka sibi yon ablasyon ak yòd radyoaktif. Ou ka bezwen pran òmòn tiwoyid chak jou tou.
Si ou sibi yon ablasyon ak yòd radyoaktif
Yo itilize ti kantite radyasyon pou yo fè ablation ak yòd radyoaktif la. Men, se yon tretman ki san danje. Founisè swen sante w la ap pale avèk ou sou risk ak pwoblèm ki ka genyen. Li pwobab pou w resevwa yòd la nan lopital la epi pou w ale lakay ou menm jou a. Risk radyasyon pou ou ak pou lòt moun yo piti anpil. Men, ou ka petèt dwe rete lwen lòt moun pandan kèk jou. Li pi enpòtan pou w rete lwen timoun ak moun ki ansent.
Online Medical Reviewer:
Chris Southard RN
Online Medical Reviewer:
Marianne Fraser MSN RN
Online Medical Reviewer:
Melinda Murray Ratini DO
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.