Lè Bebe Ou a Soufri Mank Glikoz-6-Fosfat Deyidwojenaz ( Glucose-6-Phosphate Dehydrogenase, G6PD)
Yo konnen Mank Glikoz-6-Fosfat Deyidwojenaz la tou sou non mank G6PD. Sa ki pwovoke l se lè kò a pa genyen yon kantite anzim yo rele G6PD ase. Ou bezwen anzim sa pou ede selil wouj yo (RBC) fè travay yo. RBC yo pote oksijèn nan tout kò a. Lè w soufri mank G6PD a, li vin pi fasil pou RBC yo mouri oswa detwi. Si kò a pa gen ase RBC ki vivan ladan l sa ap pwovoke anemi. Founisè swen sante timoun ou an kapab evalye l epi diskite opsyon tretman ki genyen yo avèk ou.

Kisa ki pwovoke mank G6PD a?
Mank G6PD a se yon maladi ereditè. Sa vle di se yon maladi ou pran nan paran w. Lè yon timoun prezante ka sa a, paran yo ansanm ak frè ak sè yo ta sipoze teste tou.
Kiyès ki a ris?
Gen kèk moun ki plis fasil soufri mank G6PD a pase kèk lòt. Tankou Afwo-Ameriken yo ak moun ki soti nan Mediterane ak nan Sidès Azi yo. Ou plis jwenn li tou lakay gason pase w jwenn li lakay fanm.
Kisa ki souvan koz manifestasyon sentòm yo?
Gen kèk bagay ki rann sentòm yo manifeste pi fasil. Yo rele yo faktè deklannchè. Yo gen ladan yo:
-
Lè w an kontak ak kèk pwodui chimik (tankou naftalèn, ou jwenn nan boul naftalin)
-
Lè w manje kèk manje (tankou pwa fèv)
-
Lè w pran kèk medikaman (tankou kèk tip antibyotik)
-
Lè w gen yon enfeksyon bakteri oswa viris pwovoke, oubyen kèk lòt maladi
Kisa sentòm yo ye?
Sentòm yo pa manifeste lakay majorite timoun. Oswa sentòm yo manifeste sèlman lè yo an kontak ak kèk faktè deklannchè. Timoun sa yo jeneralman genyen yon emogram nòmal lè yo pa malad oswa pa an kontak ak yon faktè deklannchè. Gen lòt timoun sentòm yo manifeste an pèmanans lakay yo, yo konn menm rive soufri yon anemi alontèm (kwonik). Sentòm ki posib yo se:
-
Po pal
-
Tanperati kò a ogmante bridsoukou
-
Frison
-
Mank enèji oswa fatige fasil (fatig)
-
Souf wo oswa difikilte pou respire
-
Anvi vomi
-
Pipi fonse
-
Batman kè fèb, bat vit
-
Enkapasite pou pratike yon aktivite fizik nòmal (ou alèji ak egzèsis)
-
Vètij oswa ou endispozisyon
-
Po, je, oswa bouch ki tou jòn (lajonis)
-
Doulè nan vant (abdominal)
-
Doulè nan do
Kòman dyagnostik G6PD a fèt?
Yo kapab refere timoun ou an bay yon èmatològ pedyatrik pou dyagnostike l epi trete l. Se yon doktè espesyalis nan maladi san (èmatoloji). Doktè a ap egzamine timoun ou an epi l ap poze l kesyon konsènan sentòm, medikaman, rejim alimantè, eta sante l ak antesedan familyal li. Yo fè egzamen pou li tou. Majorite egzamen yo fèt apati yon echantiyon san yo pran nan yon venn nan bra a, nan yon dwèt oswa nan talon an. Tès yo ka:
-
Analiz sangen konplè (Complete blood count, CBC). Li mezire kantite tip selil ki nan san an.
-
Fwoti sangen. Li pèmèt yo verifye gwosè ak fòm selil sangen yo. Y ap egzamine yon ti gout san gras ak yon mikwoskòp. Yo ajoute yon koloran pou rann pati selil sangen yo pi vizib.
-
Konte retikilosit. Li mezire kantite nouvo RBC mwèl ki nan zo w yo pwodui.
-
Lòt tès san. Gen lòt tès espesyal ki fèt pou verifye nivo aktivite anzim G6PD a nan selil sangen yo.
Kòman w ka trete mank G6PD a?
-
Objektif tretman an se elimine koz la oswa faktè deklannchè sentòm yo lakay timoun ou an. Pale avèk doktè ou a konsènan kòman pou w ede timoun ou an fè prevansyon kont sentòm yo. Pwa fèv, naftalin ak dlo tonik se faktè deklannchè ou plis fasil jwenn ki pwovoke G6PD a. Gen kèk medikaman tou, ki se faktè deklannchè pou sentòm yo. Mande doktè w la lis medikaman sa yo ak lòt faktè deklannchè yo. Asire w ou konnen kilè pou w rele doktè timoun ou an.
-
Nan ka kote bagay yo grav, li rekòmande pou w ale lopital pou jere sentòm yo.
Kisa pwoblèm alontèm yo ye?
Nan majorite ka yo, timoun ki soufri mank G6PD yo kapab aprann jere eta sante yo. Menm jan ak tout lòt timoun yo kapab aktif epi pa depann de moun. Fè tout founisè swen sante timoun ou an, ni famasyen an, konnen timoun ou an soufri maladi sa a.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.