Amidalit lakay granmoun yo
Amigdalit se lè amidal yo anfle epi yo wouj (enflamasyon). Sa rive lè yon viris oubyen yon bakteri enfekte amidal yo. Tou 2 amidal ou yo, se de gland lenfatik woz epi oval ki pa dèyè gòj ou. Yo fè pati de sistèm iminitè w. Sistèm sa ede kò w goumen kont enfeksyon. Amidal yo reyaji lè jèm mikwòb yo antre anndan bouch ou oubyen anndan nen w.
Amigdalit se yon bagay ki rive souvan. Pi souvan nou jwenn li lakay timoun yo, men nou ka jwenn li lakay granmoun yo tou.
Viris yo ak bakteri yo ki lakoz amigdalit la ka soti nan yon moun al nan yon lòt byen fasil.

Kisa ki lakoz amigdalit?
Pi souvan se yon viris ki lakoz amigdalit la.
Viris ki lakoz amidalit la se:
-
Viris rim
-
Adenoviris
-
Viris Epstein-Barr
-
Enfeksyon mononikleyoz
-
Viris èpès senplèks
-
Sitomegaloviris
-
Lawoujòl
Nan kèk ka se yon bakteri ki lakoz amigdalit la. Souvan yo rele amigdalit bakteryèl la anjin estreptokoksik. Bakteri ki plis lakoz amigdalit la se estreptokòk bèta emyolitik gwoup A. Bakteri a pwopaje nan lè a pa ti gout. Sa rive lè yon moun ki deja gen viris la estène oubyen touse. Li ka pwopaje tou lè yon moun pataje manje oubyen bwason ak lòt.
Sentom amigdalit yo
Sentom yo ap depann de ki tip amigdalit ou genyen. Gen plizyè tip amigdalit.
Amigdalit Egi
Sentom pou tip amidallit sa a souvan pase aprè kèk jou. Men yo ka dire plis pase 2 semèn. Nan kèk ka, sentom yo konn tounen aprè ou fin fè tretman an. Yo rele l amigdalit egi peryodik. Sentom yo gen ladan yo:
-
Lafyèv
-
Gòj fè mal
-
Difikilte pou ou respire
-
Ou gen difikilte pou w vale
-
Pèt likid (dezidratasyon)
-
Doulè nan gangliyon lenfatik ou yo ki nan kou a
-
Fatig
-
Wonfleman, sispann respire pandan w ap dòmi, oubyen respire nan bouch
-
Tach blan, pij, oubyen amidal ou yo ki wouj
-
Plak wouj parèt sou kò ou
Amigdalit kwonik
Enfeksyon oswa enflamasyon pou tip amigdalit sa dire kèk mwa. Sentom yo gen ladan yo:
Absè amidal
Se yon fòm amidal ki sevè. Li rive lè yon pòch pij (absè) fèt nan kontou amidal la. Ou bezwen tretman tou suit. Sa ka ede w anpeche absè a bloke vwa respiratwa w. Sentom yo gen ladan yo:
-
Gwo gòj fè mal
-
Difikilte pou ou louvri bouch ou
-
Ou ap bave
-
Vwa w pa klè
-
Ou gen difikilte pou w respire
-
Yon amidal ka parèt pi gwo
Dyagnostike Amigdalit
Si ou gen sentom yo, al wè founisè swen sante w la. Oswa al wè yon doktè zòrèy, nen, ak gòj ( yonENT oswa yon otolarengolojis).
Founisè ou an ap mande ou pou pale de sentom yo. Y ap gade zòrèy ou, nen w, ak gòj ou pou wè si yo anfle oubyen enfekte. Founisè swen ou an pran echantiyon sou amidal ou yo oubyen nan gòj ou. Founisè a prale ak chantiyon sa nan biwo l pou li ka chache anjin. Yo rele sa yon tès anjin rapid. Rezilta yo ap pare nan kèk minit. Men ka gen fo negatif ak tès sa a. Si w gen kesyon konsènan yon rezilta, founisè a ap voye echantiyon an nan yon laboratwa pou yo teste l (egzamen gòj). Rezilta laboratwa a ap pran 24 è oubyen pi plis. Men kilti gòj la pi efikas.
Tretman amigdalit
Tretman ap depann de sa ki lakoz ou gen amigdalit la. Si se bakteri ki lakoz li, founisè w la ka preskri w antibyotik pou ede w geri. Fin pran tout medikaman yo menm si w santi w mye.
Antibyotik pa ka trete amigdalit si se yon viris ki bay li. Souvanfwa enfeksyon sa pase pou kont li. Swen adomisil kapab se sèl w ap bezwen. Repo ak likid ka ede w tou. Suiv etap sa yo pou ede w jere sentom yo lakay ou:
-
Pran anpil repo.
-
Bwè anpil likid, tankou dlo, soup, bouyon, ak te ki gen myèl ak sitwon.
-
Manje nouriti lejè tankou, krèm glase, konpòt pòm ak jele.
-
Gagari dlo sale ki tyèd.
-
Itilize espre oubyen sirèt kont gòj fè mal la.
-
Pran medikaman pou lafyèv ak doulè a, jan yo di w.
-
Itilize sèvyèt imid pou w kenbe lè a imid.
Nan ka li sevè, moun nan ka dezidrate oubyen vwa respiratwa li ka bloke. Yo ka oblije etène li nan lopital.
Yo ka oblije fè operasyon pou retire amidal yo si w gen youn nan sa yo:
Si ou gen absè nan amidal yo, yo dwe opere w pou yo vide absè a.
Prevansyon kont amigdalit
Amigdalit pa ka pwopaje pou kont li. Men viris yo ak bakteri yo ki lakoz amigdalit la ka soti nan yon moun al nan yon lòt moun.
Okenn vaksen ni medikaman pa ka evite amigdalit. Konsèy sa yo ka fè w evite pwopaje l oubyen evite trape yon maladi ki ka lakoz amigdalit la:
-
Tank sa posib, rete lwen moun ki malad yo.
-
Pa pataje veso, vè w ap bwè, bwòs dan, oswa lòt bagay pèsonèl ak moun ki malad.
-
Byen lave men ou yo. Lave men w souvan ak savon epi dlo k ap koule pandan omwen 20 segonn. Sèvi ak yon dezenfektan ki gen pou pi piti 60% alkòl lè ou pa ka lave men ou.
-
Kouvri bouch ou lè w ap touse oubyen lè w ap estène.
Rele 911
Rele 911 si nenpòt nan bagay sa yo rive:
Kilè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante w la tousuit si nenpòt nan bagay sa yo rive:
-
Yon fyèv 100.4°F (38°C) oswa ki pi wo, oswa jan founisè swen sante w la di w sa
-
Ou gen Yon ti boul ki vin pi gwo
-
Ou gen doulè nan gòj oubyen nan kou ki vin pi mal
-
Ou pa ka ouvri bouch ou nèt. Yo rele li tetanòs oubyen trismis.
-
Kou w rèd
-
W ap bay san
-
Ou gen difikilte pou ou vale
-
Ou santi w malad anpil
-
Ou gen gòj fè mal pandan pase plis 2 jou