Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Swen Perine a Aprè Akouchman an

Perine a se zòn ki twouve l ant bouboun nan ak twou dèyè a. Aprè akouchman an, zòn sa ka ap fè w mal anpil. Li detire anpil pandan kouch nòmal la. Tisi ki nan zòn sa a kapab dechire. Oswa li ka koupe pandan akouchman an (epizyotomi). Zòn nan ka ap fè w mal oswa ou ka gen gwo doulè ladan l. Li ka anfle. Ou ka ap senyen. Li ka difisil pou ou pou w chita oswa al nan twalèt. Doulè a, oswa anfleman an ka dire 7 a 10 jou aprè akouchman an. Dokiman sa a ap ede w pran swen malèz ou a.

Kijan pou w di li

payr-uh-NEE-uhm

Jesyon doulè a

Yon sèvyèt ki vlope yon pòch glas.

Sa yo ka ede w soulaje doulè a:

  • Medikaman pou doulè. Ibipwofèn ak asetaminofèn kapab ede w soulaje doulè a. Mande founisè swen sante ou a ki dòz ki pa reprezante danje si ou fè alètman.

  • Konprès. Mete yon pòch glas oswa yon bagay ki frèt anpil sou perine a. Mete yon twal fen pou pwoteje po w. Kite pòch glas la sou li pandan 10 a 20 minit san w pa retire l. Ou ka fè sa plizyè fwa nan yon jounen, si w vle.

  • Chita nan dlo frèt pou w benyen. Sa vle di w ap chita nan yon benwa ki pa twò fon ki gen dlo frèt ladan l pandan 20 a 30 minit. Asire w kote k ap fè w mal la twouve l konplètman nan dlo a. Ou ka fè sa kantite fwa ou vle nan yon jounen. Fè sa chak fwa w sot nan twalèt.

  • Esprey medikal. Ou ka itilize yon esprey ki bon pou doulè nan zòn nan selon rekòmandasyon founisè swen sante ou a.

Fè founisè swen sante ou a konnen si w pa ka pipi akoz doulè. Ou kapab bezwen yon katetè pandan perine a ap geri a. Y ap mete yon tib fen ki fleksib (katetè) nan kanal ki pèmèt ou pipi a (irèt). Pipi yo ap tonbe nan yon pòch ki fèt pou sa.

Jiskaske w amelyore:

  • Pa itilize tanpon

  • Tann anvan w al nan fè sèks. Li ka pran jiska 6 semèn pou w santi w pare. Ou ka kontinye santi kèk doulè. Fè founisè swen sante ou a konnen si w pa ka fè sèks sou 3yèm mwa a oswa aprè twazyèm mwa ki suiv akouchman ou an.

Si ou te fè yon epizyotomi oswa perine ou dechire

Yon epizyotomi se lè yo fann (ensizyon) pou yo ka agrandi ouvèti vajen an. Oswa tisi a ka dechire poukont li. Yo itilize fil pou koud po perine a. Fil kouti yo ap soti pou kont yo nan kèk semèn. Founisè swen sante ou a pa bezwen retire yo. Ou dwe kenbe fil yo pwòp pou diminye risk pou w fè enfeksyon. Pou w fè sa:

  • Siye dèyè w dousman; soti devan pou ale dèyè chak fwa w fin twalèt.

  • Aprè w fin siye l, flite dlo cho sou fil yo gras ak yon resipyan ki esterilize. Seche l.

  • Lè w fin pipi, se pa yon pwoblèm si w pa siye w. Jis flite dlo tyèd epi tapote l a sèk.

  • Pa itilize savon oswa nenpòt lòt bagay ki pa dlo sèlman pou w lave l, sof si founisè swen sante ou a konseye w kontrè a.

  • Chanje kotèks ou yo omwen chak 2 a 4 èdtan.

Prevansyon kont konstipasyon

Si w ap fòse twalèt sa ka koz doulè a ogmante nan perine a. Pou ede w evite konstipasyon:

  • Konsome fib an kantite nan sa w ap manje chak jou. Manje fwi ak legim frèch ak sereyal konplè.

  • Bwè anpil dlo chak jou.

  • Itilize yon medikaman laksatif oswa yon emolyan, si sa nesesè. Pale ak founisè swen sante w la anvan w pran yon medikaman si w fè alètman.

Lè pou w rele founisè swen sante w la

Rele founisè swen sante w la si nenpòt nan bagay sa yo rive:

  • Ou gen Yon fyèv 100.4°F (38°C) oswa pi wo, oswa nan nivo founisè swen sante w la di w la

  • Mak san ki kaye, enflamasyon oswa doulè k ap vin pi grav

  • Doulè medikaman anti-doulè pa ka soulaje

  • Gen likid k ap koule soti nan fil yo

  • Fil yo ap dekoud

  • Ou gen difikilte pou w kontwole pipi w oswa twalèt ou

  • Lòt nouvo sentòm

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer