Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Koloskopi

Koloskopi a se yon tès yo fè pou yo ka wè pati enferyè anndan tib dijestif ou (kolon ak rektòm). Pafwa, li ka montre dènye pati entesten grèl la (ileyon). Pandan tès la, yo ka retire ti moso tisi pou yo teste. Se sa yo rele yon biyopsi. Yo ka retire tou ti timè tankou polip. 

Yon doktè ak yon teknisyen k ap fè yon koloskopi sou yon pasyan ki kouche sou kote.
Yo itilize yon kamera ki tache nan yon tib fleksib avèk yon lantiy pou vizyalizasyon pou yo pran foto videyo.

Poukisa yo fè yon koloskopi?

Tès la fèt:

  • Pou chèche kansè kolon oswa polip

  • Pou jwenn sous vant fè mal yo oswa senyen yo

  • Pou ede jwenn sa ki lakoz gen chanjman nan abitid pou w twalèt yo

Li kapab nesesè chak 5 oswa 10 lane. Oswa li kapab nesesè pi souvan. Sa a depann de faktè tankou:

  • Laj

  • Antesedan sante

  • Antesedan sante fanmi an

  • Sentom ak enkyetid nan nivo vant oswa nan entesten yo

  • Rezilta tès avan yo

Risk ak konpliksayson ki posib yo

Tankou:

  • Bay san             

  • Yon twou (li pèse) oswa yon dechiri nan kolon an 

  • Risk oswa reyaksyon ak medikaman sedatif (anestezi)

  • Yon maleng kansè (lezyon) yo pa t wè oswa yo te retire nèt nan tès oswa pwosedi avan yo

Prepare w 

Pou prepare tès la:

  • Pale ak founisè swen sante w la sou risk ki gen nan tès la (gade anba a). Ou ka mande pou lòt opsyon yo tou.

  • Di founisè w la ki medikaman w pran. Sa gen lagan l medikaman san preskripsyon ak medikaman sou preskripsyon. Li gen ladan l tou vitamin, fèy ak lòt sipleman. Yo kapab konseye w sispann pran medikaman antikowagilan avan tès la.

  • Di founisè w la ki pwoblèm sante ak alèji ou genyen.

  • Asire w ke rektòm ou ak kolon w vid pou tès la. W ap ka fè sa a pandan w ap suiv rejim ak enstriksyon pou preparasyon entesten an jan yo ba ou yo a. Si w pa suiv enstriksyon yo, tès la ap oblije ranvoye.

Pandan tès la 

Yo souvan fè tès sa nan yon lopital nan kad sèvis anbilatwa. Oswa li fèt nan yon klinik anbilatwa. Anbilatwa vle di w ap tounen lakay ou menm jou a. Nòmalman, pwosedi a pran anviwon 30 minit. Pandan tan sa:

  • Yo ba ou medikaman relaksan (sedatif) nan venn (nan tib sewòm). Ou ka petèt ap kabicha. Oswa dòmi kapab ale avè w.

  • Founisè swen sante a ap fè yon egzamen fizik pou ou an premye. Li fè sa a pou l verifye pwoblèm ànal ak rektal yo.

  • Aprè yo librifye tou dèyè a epi yo antre enstriman ladan l.

  • Li posib pou ou santi w bezwen ale nan twalèt lè w reveye. Ou ka santi yon presyon tou lè y ap ponpe lè a nan kolon an. Se nòmal pou w pete pandan pwosedi a.

  • Biyopsi, eliminasyon polip, oswa lòt tretman ka fèt pandan tès la.

    Viwonn abdomèn nan k ap montre pòte a (portée) ki ensere nan tout kolon an atravè tou dèyè a.
    Koloskopi a ofri yon imaj anndan tout kolon an.

Aprè tès la 

Ou ka rive gen gaz apre tès la. Sa a ka ede w debarase w de gaz yo pou evite balonnman oswa malèz. Founisè swen sante w la ka pale de rezilta yo avèw touswit. Oubyen ou dwe petèt planifye yon vizit swivi pou pale de rezilta yo.

W ap bezwen yon moun pou kondi w lakay ou apre pwosedi a.

Ou ka reprann alimantasyon nòmal ou ak lòt aktivite w yo apre tès la, si w kapab fè sa. Ou ka petèt fatige akoz anestezi a epi w bezwen repoze w pandan rès jounen an. Mande founisè w la ki lè w ap ka pran medikaman abityèl ou yo ankò. Sa enpòtan sitou si ou ap pran nenpòt medikaman antikowagilan. Kèk founisè ka vle ou sispann pran antikowagilan yo pandan kèk jou apre tès la.

Rekòmanse pwogram egzèsis ou a ak mache lè founisè w la di ou ka fè sa. Epi dousman kòmanse mache plis si w kapab.

Bwè anpil dlo aprè pwosedi w la. Men pa bwè alkòl pandan 8 a 24 èdtan.

Lè pou w rele founisè swen sante w la

Rele founisè swen sante ou a imedyatman si w gen nenpòt nan sa yo:

  • Gwo doulè nan vant (abdominal)

  • Yon vant ki balonnen oswa yon vant ki di

  • Ou gen Yon fyèv 100.4°F (38°C) oswa pi wo, oswa nan nivo founisè swen sante w la di w la

  • W ap bay san nan dèyè oswa nan twalèt ou

  • Anvi vomi oswa vomi

  • Feblès oswa toudisman

Online Medical Reviewer: Marianne Fraser MSN RN
Online Medical Reviewer: Melinda Murray Ratini DO
Online Medical Reviewer: Robyn Zercher FNP
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer