Konprann divètikiloz la ak divètikilit la
Kolon (gwo entesten) an se dènye pati tib dijestif la. Li absòbe dlo ki nan twalèt yo epi li fजèl tounen solid. Lakay kèk moun, ti pòch yo rele divètikil epi yo ka devlope nan pawa kolon an. Yo rele sa divètikiloz. Plis moun yo ap pran laj se plis nou ka jwenn sa. Pòch yo ka anfle epi yo ka enfekte. Lè sa fèt, li tounen yon pwoblèm pi grav ki rele divètikilit. Pwoblèm sa yo ka bay doulè. Men yo ka trete.
 |
Pòch oubyen divètikil yo fèt nan pati enferyè kolon an ki rele sigmoyid la. |
 |
Divèkilit yo vini lè pòch yo enfekte oubyen anfle. |
Jere kondisyon w
Founisè swen sante ou a ka preskri w pou w chanje rejim alimantè oswa medikaman. Ou ka bezwen opere si pwoblèm ou an grav.
Kèk medikaman ka ede w lache oswa sere twalèt ou, konsa ou twalèt pi fasil. Disponib sou fòm konprime, poud ak anpoul, medikaman sa yo gen ladan l:
-
Psyllium
-
Methylcellulose
-
Polycarbophil
Si w gen yon divètikiloz
Swiv konsèy tretman sa:
-
Chanje rejim alimantè w. Souvan, se tout sa ou dwe fè pou ou kontwole sentom yo. Prensipal chanjman yo se ajoute fib epi bwè plis dlo. Fib yo absòbe dlo a lè l travèse kolon w. Sa ede twalèt ou yo rete mòl epi bouje dousman. Dlo ede nan pwosesis sa.
-
Si sa nesesè, y ap mande w pou w pran emolyan fekal (ki se yon seri medikaman ki ede swanye ak prevwa konstipasyon) yo vann san preskripsyon yo.
-
Pou ede w soulaje doulè, pran medikaman antispasmodik yo jan yo te preskri w yo a.
-
Siveye chanjman nan twalèt ou yo. Si w remake chanjman di doktè w la sa.
-
Kòmanse yon pwogram egzèsis. Mande doktè w la kòman pou w kòmanse.
-
Repoze w epi dòmi anpil.
Si w gen yon divètikilit
Tretman an depann de gravite sentom ou yo. Yo gen ladan yo:
-
Pou sentom lejè yo. Yo ka mete w sou yon rejim likid pandan yon peryòd ki kout. Yo ka preskri w medikaman antibyotik. Si de etap sa yo soulaje sentom ou yo, yo ka preskri w yon rejim alimantè ki rich an fib. Si w toujou gen sentom yo, founisè swen sante w la ap diskite avèk ou sou lòt opsyon tretman yo.
-
Pou sentom grav yo. Ou ka bezwen etène nan lopital. La, yo ka ba ou kèk antibyotik ak likid nan sewòm (vwa entravenez). Y ap metew tou sou yon rejim alimantè ki pa gen anpil fib oubyen likid. Ou ka bezwen opere si tretman medikal yo pa soulaje sentom yo oswa si divètikil la pete.
Kle sante kolon an
Ede kolon w rete an bòn sante ak konsèy sou fason pou w viv:
-
Manje yon rejim ki sen. Tankou anpil fwi, legim ak sereyal konplè ki gen anpil fib.
-
Bwè anpil likid tankou dlo ak ji.
-
Viv yon fason ki sen. Toujou fè egzèsis, jere estrès ou epi repoze ak dòmi ase.
Online Medical Reviewer:
Marianne Fraser MSN RN
Online Medical Reviewer:
Rajadurai Samnishanth
Online Medical Reviewer:
Raymond Turley Jr PA-C
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.