Ki jan pou w bay tibebe bibwon
Bebe ki fenk fèt yo bezwen manje ak anpil lanmou. Sa yo se de bagay ou ka ba li pandan w ap ba l lèt nan bibwon an. Ou ka bay tibebe w la ni lèt manman ni lèt matènize nan bibwon.
 |
Asire w ou mete tetin nan sou lang tibebe w la epi ou byen mete l nan bouch li. |
Konsèy pou sekirite
Ou pa bezwen chofe lèt manman an oswa lèt bebe a anvan ou bay bebe w la li. Si ou vle chofe lèt manman an oswa lèt bebe a, pa janm itilize maykwowev (microwave). Maykwowev pa chofe bagay yo yon fason egal. Lèt cho a ka boule bouch tibebe w la. Olye w fè sa, pito w chofe bibwon an pandan w ap mete l nan yon bòl dlo tyèd (ki pa cho). Itilizasyon dlo cho pou chofe lèt bebe a oswa lèt manman an ka boule bouch oswa gòj bebe w la. Twòp chalè tou kapab detwi kèk eleman nan lèt manman an ki enpòtan pou sante bebe w la. Teste tanperati lèt la pandan w ap lage kèk gout sou ponyèt ou. Asire w li pa cho anvan ou bay tibebe w la li l.
Pran swen bibwon an
Kit w ap itilize lèt manman kit w ap itilize lèt bebe, bibwon, tetin ak zouti ou itilize pou w prepare lèt bebe a, dwe pwòp. Anba a w ap jwenn sijesyon pou w ka pran swen bibwon yo. Men, mande founisè swen sante w la ki jan pou w pran swen bibwon yo:
-
Lave men w ak dlo k ap koule ki pwòp anvan w melanje lèt bebe a, anvan w ranpli yon bibwon, oswa anvan w ba l bibwon. Fè sa a chak fwa. Itilize yon pwodui pou netwaye men ki fèt ak alkòl si w pa jwenn dlo ak savon.
-
Lave bibwon ak tetin an vè yo nan machin a lave. Itilize paramèt dlo cho a epi yon sik sechaj cho. Oswa lave bibwon ak tetin yo nan dlo cho ki byen kimen. Asire w ou byen rense tou de nèt. Si w pa gen yon machin alave, bouyi yo pandan 5 minit pou w dezenfekte yo. Kite yo frèt anvan w itilize yo.
-
Asire w tout pati bibwon yo fin sèch nèt anvan ou remonte yo epi ranje bibwon yo nan plas yo. Sa ap anpeche mwazi.
-
W ap toujou bezwen asire w bibwon ak tetin yo pwòp si w ap itilize bibwon an plastik ki gen sak jetab.
-
Konsève bibwon pwòp ki pa sèvi yo ak tout bouchon yo. Sa ap fè tetin yo rete pwòp.
Enfòmasyon konsènan lèt bebe yo
Pifò lèt bebe yo fèt ak lèt bèf. Tout lèt bebe w ap itilize yo dwe gen fè ladan yo. Asire w ou chèche youn ki gen fè. Pale ak founisè swen sante tibebe w la de lèt bebe ou chwazi a. Se pou w ka asire w si li se pi bon chwa pou ti bebe w la.
Lèt bebe ki tou prepare
Lèt bebe ki tou prepare yo pi fasil pou itilize, men yo koute pi chè. Mak ki gen non yo koute pi chè pase Lèt bebe mak magazen yo paske konpayi sa yo depanse plis lajan pou fè piblisite.
-
Vide kantite lèt bebe ki tou prepare ou vle a nan yon bibwon pwòp. Mande founisè swen sante w la ki kantite lèt bebe pou w bay tibebe w la chak fwa w ap ba l bibwon.
-
Itilize byen rapid lèt bebe tou prepare ki ouvè yo oswa byen konsève yo yon kote san danje. Si w kite l konsa li ka gate. Ou dwe itilize l touswit. Oswa, si w pa itilize l, konsève l nan frijidè.
-
Si ou pa mete l nan frijidè touswit, itilize l nan 2 èdtan apre preparasyon an epi nan 1 èdtan apre lè li kòmanse manje a. Si tibebe w la pa fin bwè tout bibwon an nan 1 èdtan, jete lèt ki rete a.
-
Si ou pa ko kòmanse sèvi ak lèt ki prepare a nan 2 èdtan, mete bibwon an nan frijidè touswit. Li ka konsève pou 24 èdtan sèlman. Apre sa a, ou dwe jete l.
-
Ou ka plen bibwon yo ak lèt ki tou prepare a jiska 24 èdtan alavans. Ou dwe konsève yo nan frijidè jiskaske ou sèvi ak yo.
Lèt bebe konsantre likid
Ou dwe melanje lèt bebe konsantre likid yo ak dlo anvan ou itilize yo. Byen swiv enstriksyon ki sou bwat la. Itilize twòp oswa twò piti dlo ka bay tibebe w la pwoblèm. Suiv konsèy sa yo:
-
Itilize dlo tiyo fliyore ki te bouyi epi ki vin frऑèt. Oswa itilize bidon dlo trete.
-
Vide tout bwat lèt bebe konsantre likid la nan yon po pwòp.
-
Plen bwat la ak dlo rive jis anlè epi vide l nan po a. Byen melanje yo.
-
Vide kantite lèt ou vle a nan yon bibwon pwòp.
-
Konsève po lèt ki melanje a nan frijidè. Konsève l pou sèlman 24 èdtan. Si li pa nan frijidè, lèt la ka sèlman rete konsa pandan 1 èdtan. Apre sa a, ou dwe jete l.
-
Mande founisè swen sante w la ki kantite lèt bebe pou w bay tibebe w la chak fwa w ap ba l bibwon.
Lèt bebe konsantre an poud
Ou dwe melanje lèt bebe konsantre an poud yo ak dlo anvan ou itilize yo. Lèt bebe likid yo pa gen jèm (esteril). Men lèt bebe an poud yo ka pran jèm (bakteri) pandan y ap fè yo a oswa pandan y ap estoke yo. Swiv konsèy sa yo pou w ka pwoteje ti bebe w la kont jèm sa yo:
-
Ou dwe melanje lèt bebe an poud yo ak dlo pwòp ki soti nan yon sous ki san danje. Li kapab se bidon dlo trete oubyen dlo tiyo fliyore ki te bouyi. Si w pa sèten si w ka itilize dlo tiyo a san danje pou w prepare lèt pou bebe w la, rele depatman sante oswa depatman dlo ki nan zòn ou an.
-
Lave epi siye tèt bwat lèt la anvan w ouvri l. Asire w kle pou ouvri mamit la, kiyè a, mezirèt la, ak lòt zouti w ap itilize pou w fè lèt la pwòp.
-
Pa melanje lèt la ak dlo toutotan ou pa pral bay ti bebe w la bibwon.
-
Mete bon kantite dlo a nan bibwon an. Epi apre sa, ajoute bon kantite lèt an poud la. Li enpòtan pou w mete dlo a an premye. Si w mete lèt la an premye sa a ka koz li twò fò epi fè ti bebe w la konstipe.
-
Byen melanje dlo a ak lèt la.
-
Si ou pa prevwa itilize lèt ou prepare a touswit, mete l nan frijidè epi sèvi ak li nan espas 24 èdtan.
-
Li enpòtan pou w kite poud lèt sèch ki nan bwat la pwòp pou w anpeche miltiplikasyon bakteri.
-
Mande founisè swen sante w la ki kantite lèt bebe pou w bay tibebe w la chak fwa w ap ba l bibwon.
Kenbe ti bebe a ak bibwon an
Pou w kenbe bebe w la epi ba li lèt nan bibwon, swiv konsèy sa yo:
-
Kenbe ti bebe w la nan bra w, mete tèt li yon ti jan pi wo pase dèyè l.
-
Kenbe l nan pozisyon ki kòrèk la diminye chans pou ti bebe w la toufe.
-
Karese po bouch anba ti bebe w la. Lè bouch bebe w la ouvri, plase tetin nan sou lang li epi santi l k ap rale l nan bouch li.
-
Fè yon ti panche bibwon an tou piti pou lèt la ka desann nan tetin nan. Lè sa a, ti bebe w la ta dwe tete pou retire lèt la nan tetin nan. Si ti bebe w la trangle oswa si li mal pou l "suiv vitès" lèt la ap koule a, fè yon ti enkline bibwon an pou lèt la ka soti nan tetin nan. Sa ap bay tibebe w la yon chans pou l respire epi pou l "ratrape" vitès pou l bwè nan bibwon an. Li enpòtan pou w kite tibebe a bwè a pwòp vitès pa l, epi pa twò vit.
-
Pou sekirite l, pa janm kore bibwon an. Ti bebe w la ka toufe si w kite l pou kont li avèk yon bibwon ki kore nan yon sipò, nan bouch li. Kore bibwon yo ka ogmante risk pou ti bebe w la fè enfeksyon nan zòrèy epi gen dan gate.
-
Moman w ap bay ti bebe w la manje a kapab yon moman pou kreye lyen epi bati konfyans. Kenbe tibebe w la pre kò w, gade l nan je, epi pale ak ti bebe w la. Sa yo se mwayen enpòtan ki pou ede yo devlope.
Si bebe w la sanble grangou men l pa manje byen, ou kapab eseye yon tetin ki gen yon lòt fòm. Ou ka verifye tou ki nan pwent tetin nan tou. Gen kèk ti bebe ki pito lè lèt la koule rapid la. Yo ka fristre si lèt la koule twò dousman. Si ti bebe w la parèt ap trangle epi toufe, ou petèt bezwen yon tetin ki gen yon tou ki pi piti. Tou ki pi piti a ralanti vitès lèt la ap koule a.
Eseye plizyè tetin bibwon diferan. Kite ti bebe w la chwazi ki tetin bibwon ki pi bon pou li.
Fè ti bebe w la wote
Li fasil pou ti bebe yo vale lè pandan y ap bwè nan bibwon. Wote ede tibebe w la elimine lè a. Men kèk konsèy pou w fè ti bebe w la wote:
-
Fè ti bebe w la rann gaz lè l ap bat kò l, lè l esese kite tetin nan oswa lè l ralanti sou jan l t ap tete l la. Souvan fwa sa a rive chak apre yo fin bwè 1/2 a 1 ons lèt ak lè yo fin tete.
-
Ou ka fè ti bebe w la wote chita pandan w kenbe machwè l, ou ka mete l kouche sou vant sou pye w, oswa ou ka kenbe l dwat ak vant li sou zepòl ou.
Pa ba l manje depase
Swiv konsèy sa yo pou pa bay ti bebe w la manje depase:
-
Pa bay ti bebe w la twòp manje oswa pa fòse ti bebe w la pou l fin bwè tout bibwon an si li montre siy ki di vant li plen. Sa ka lakoz ti bebe w la manje plis pase sa ki nesesè epi li ka lakoz li fè rechiya. Fè ti bebe w la wote plizyè fwa pandan epi apre l fin manje. Sa ap pèmèt gaz yo pase. Sa ap pèmèt ou espase lè manje yo epi ba l tan pou l dijere.
-
Kenbe ti bebe w la an pozisyon vètikal pandan l ap tete a epi pandan 20 a 30 minit apre chak tete.
-
Rete tann omwen 2 a 3 èdtan ant tete yo pou vant ti bebe w la ka vid. Oswa ba l ti kras detanzantan.
Sinyal tete
-
Pa tann ti bebe w la kriye anvan w ba l tete. Kriye se yon siy ki di ti bebe w la pare pou l manje ki rive byen twò ta.
-
Depi ti bebe w la ap bat je l epi l ap deplase men l nan bouch li lè l leve, li pare pou l manje.
-
Respekte siy ki montre bebe w la fini yo. Tankou lage bibwon an, vire tèt li, fè tankou l ap dòmi, oswa sispann tete.
Si ti bebe w la sanble vle tete toujou apre ou fin ba li kantite lèt founisè swen sante w la konseye pou w ba li a, ba li yon sison. Tibebe renmen tete. Men, ti bebe ki bwè nan bibwon yo ka tèlman manje vit yo pa menm jwenn ase tan pou yo tete.