Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Fè Fas ak Dyagnostik Pwoblèm Sante Kronik ou an

Si ou gen yon maladi kronik, ou gen yon pwoblèm ki ka pa janm disparèt ak tan an. Maladi kadyak, opresyon, doulè rimatis ak dyabèt se kèk nan maladi kronik ki egziste. Pandan pwoblèm ou an ka pa gen gerizon, ou ka jwe yon wòl aktif nan jere sante w.

Fè fas a dyagnostik lan

Si ou fenk aprann ou gen yon pwoblèm sante, ou ka an kolè, deprime oswa pè. Oswa ou ka santi w soulaje lè w konnen kisa ki pa mache. Menm si ou konnen pwob sante ou a depi kèk tan, li ka difisil pou w adapte w. Men aprann plis sou pwoblèm sante ou a ka ede w fè fas avè l. Chache liv ki presi epi ki aktyalize nan bibliyotèk lokal ou a oswa sou entènèt. Mande founisè swen sante ou a ki resous sou entènèt ki bay enfòmasyon ki pi presi epi aktyalize. Oswa kontakte yon gwoup ki konsantre l sou pwoblèm espesifik ou a.

Yon gason ak yon fi ki chita sou yon tab k ap gade nan yon tablèt elektwonik.

Aksepte chanjman

Chanjman difisil pou anpil moun. Poutan kounya ou ka ap fè fas ak anpil chanjman. Sa ou manje oswa fason ou travay ka chanje. Eta espri ou ansanm ak sentom ou yo ka varye soti nan yon jou pou rive nan yon lòt. Sa pa fasil. Men aprann aksepte chanjman ka ede ou santi w plis an kontwòl.

Panse mande fanmi ak zanmi ou fè konfyans èd. Sonje yo gen dwa pa konnen anyen sou pwoblèm ou a. Yo ka bezwen enfòmasyon pou konprann sa w ap travèse a. Plis yon konprann se plis y ap kapab ede w.

Pran kontwòl la

Santi ou kontwòle sa ka rann li pi fasil pou w viv ak pwoblèm ou an. Pale sou opsyon tretman yo avèk founisè swen sante w la. Plis ou konnen, se plis ou ka aktif nan swen yo.

Kèk moun ki gen maladi kwonik grav wè estrateji adaptasyon sa yo itil:

  • Ekri tout kesyon ou yo epi pote yo bay founisè swen sante ou a pou n diskite sou yo. Nan randevou ou yo, ou kapab vini avèk yon zanmi ou fè konfyans oswa yon manm nan fanmi w.

  • Mande founisè ou a ki mezi espesifik ou ka pran k ap pi bon pou sante w.

  • Eseye jere pati nan lavi w lan ki sou kontwòl ou. Pa egzanp, chwazi manje nouriti ki sen, fè egzèsis jan w kapab, pran medikaman yo jan yo preskri w la epi pase mwens tan ak moun ki pa soutni w.

Avanse

Ou ka ap mande si w ap kapab fè bagay ou toujou konn abitye fè yo. Sa depan de laj ou, pwoblèm sante ou genyen an ak objektif ou. Pou w pwofite pi byen chak jou, eseye konstwi relasyon byenveyant, rete aktif, limite pwa w ap pran, evite fimen ak bwè anpil alkòl epi manje byen. Panse jwenn konsèy si ou gen pwoblèm pou w fè fas ak dyagnostik la epi si santiman tristès ak fristasyon ap anvayi w plis. Sa ka difisil pafwa. Men fè tout sa w kapab pou w kapab rete jwaye.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer