Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Konprann frakti nan hanch yo

Hanch lan se youn nan pi gwo atikilasyon ki ap soutni kò a. Se kote ki pi fasil pou l fraktire lè w tonbe-espesyalman lè w granmoun. Frakti nan hanch lan pwobab pou l rive moun ki gen osteyopowoz, yon maladi ki fè zo nan kò a vin fèb.

Yon hanch ki an sante

Hanch lan se yon atikilasyon ki gen fòm won kote zo kwis la (femi) kontre ak basen an. Lè hanch lan an sante, ou ka mache, vire, epi bouje san pwoblèm. Tèt la oubyen boul femi an antre nan kavite basen an. Boul la ak kavite a yo chak yo kouvri ak yon katilaj ki swa. Sa pèmèt boul la glise pi byen nan kavite a. Veso sangen yo bay oksijèn ak nitriman pou kenbe hanch ou an sante.

Yon imaj fas hanch lan.

Yon hanch ki fraktire

Hanch lan ka fraktire anpil kote. Leplisouvan, frakti a rive nan pati anlè femi an. Nan ka ki ra, ou ka genyen tou plis pase yon tip frakti an menm tan:

  • Frakti transèvikal. Li kase nan kòl femi an jis anba boul la. Tip frakti sa ka kanpe kantite san ki ale nan atikilasyon an.

  • Frakti entwochanteryen. Li kase pa anwo femi an.

  • Frakti sibstwochanteryen. Li kase nan tij siperyè femi an.

Yon imaj fas hanch lan ki moutre twa tip frakti yo.

Online Medical Reviewer: Rahul Banerjee MD
Online Medical Reviewer: Raymond Turley Jr PA-C
Online Medical Reviewer: Rita Sather RN
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer