Enstriksyon pou Moun ki fè Estwòk y ap bay Egzeyat
Ou gen yon gwo risk pou w fè estwòk, oswa TIA (Aksidan Iskemik Tranzitwa, AIT). Pandan yon estwòk, san an sispann sikile nan yon pati nan sèvo w. Sa ka andomaje kèk pati nan sèvo w ki kontwole lòt pati nan kò a. Sentom yon estwòk depann de ki pati nan sèvo a ki afekte.
Faktè ris estwòk
Imedyatman ou fè yon estwòk ou gen anpil risk pou w fè yon lòt ankò. Lis ki anba a se lòt faktè ki ogmante chans pou w fè yon estwòk:
-
Tansyon wo
-
Kolestewòl ki wo
-
Fimen sigarèt oswa fimen siga
-
Dyabèt
-
Maladi karotid oswa lòt pwoblèm nan atè
-
Ou gen fibrilasyon orikilè, flòtè orikilè, oubyen lòt pwoblèm kè
-
Ou pa aktif fizikman
-
Obezite
-
Kèk pwoblèm nan san tankou anemi falsifòm
-
Ou bwè twòp alkòl
-
Konsomasyon abizif dwòg ki ilegal yo
-
Ras
-
Sèks
-
Si fanmi w konn fè estwòk
-
Rejim ki gen anpil sèl, ki fri oswa ki gen anpil grès
Chanjman nan lavi toulèjou
Gen kèk bagay nan lavi toulèjou ou ki ka parèt difisil apre w fin fè yon estwòk. Men ou ka aprann nouvo fason pou w jere yo. An reyalite, aktivite sa yo ka ede w reprann fòs nan mis ou yo. Sa ka ede men w oswa pye w oswa bra w ki afekte a pou l ka fonksyone pi nòmalman. Gen pasyans. Bay tèt ou tan pou w adapte w. Epi apresye efò w ap fè yo.
Aktivite toulèjou
Ou kapab gen risk pou w tonbe. Fè kèk chanjman lakay ou pou ede w sikile pi byen. Yon terapet ap deside si w ap bezwen yon bagay pou ede w mache an sekirite, tankou yon baton, yon aparèy pou ede w mache.
Ou ka bezwen yon espesyalis nan ègoterapi (OT). Oswa yon espesyalis nan fizyoterapi (PT). Moun ki bay swen sa yo ka ede w aprann nouvo fason pou w fè yon bagay. Pa egzanp, ou ka bezwen pou w fè chanjman nan fason pou w benyen ak fason pou w met rad sou ou. Ou ka bezwen yon espesyalis nan langaj. Se yon moun k ap ede w pale nòmalman ankò epi reyaprann ou kòman pou w vale.
Konsèy pou w pran yon douch oswa pou w benyen
-
Teste tanperati dlo a ak yon men oswa yon pye estwòk la pa t bay pwoblèm.
-
Itilize yon ba pou w pran api, yon chèz pou douch, yon tiyo douch ou ka kenbe nan men w, ak yon bwòs ki gen yon manch ki long.
-
Itilize nenpòt lòt aparèy terapet ou a ta konseye w.
Konsèy pou w abiye
-
Mete rad sou ou pandan w chita, kòmanse nan pati oswa manm estwòk la te afekte a.
-
Mete mayo ki ka pase fasilman nan tèt ou. Mete pantalon oswa jip ki gen senti elastik.
-
Itilize zip ki gen yon pwent pou rale l byen fasil.
Fason w te konn viv la ap chanje
-
Pran medikaman yo egzateman jan sa dwe fèt. Pa sote dòz yo.
-
Kòmanse yon pwogram egzèsis. Mande founisè swen sante w la kòman ou ka kòmanse. Mande konbyen aktivite ou ka eseye fè chak jou oswa nan yon semèn. Ou ka jwenn benefis nan fè ti aktivite ki senp tankou mache oswa fè jadinaj.
-
Limite kantite alkòl w ap bwè.
-
Kontwole to kolestewòl ou. Suiv enstriksyon founisè w la sou kòman pou w fè sa.
-
Si w te konn fimen, kite kounya. Rejwenn yon pwogram kite fimen pou w ogmante chans pou w kite a. Mande founisè w la medikaman ak lòt metòd pou ede w kite fimen.
-
Aprann metòd kòman pou w jere estrès ou. Sa ka ede w konbat estrès lakay ou ak nan travay w ap fè.
Rejim
Founisè swen sante w la ap gide w sou ki chanjman ou sipoze fè nan rejim ou an. Yo ka konseye w pou w wè yon dyetetisyen ki gen lisans pou sa, pou ede w fè chanjman. Chanjman nan rejim ou an, ka amelyore kolestewòl ou, tansyon w, ak sik ki nan san w. Chanjman yo ka gen ladan yo:
-
Redui sou kantite grès ak kolestewòl ou pran
-
Redui kantite sèl (sodyòm) w ap manje, espesyalman si w fè tansyon wo
-
Manje plis legim ak fwi
-
Manje plis pwoteyin ki sèch tankou pwason, volay, pwa sèch ak pwa vèt (legim)
-
Manje mwens vyann wouj ak vyann yo transfòme
-
Itilize pwodui ki pa gen anpil grès
-
Limite kantite luil vèjetal ak luil ki sot nan nwa yo
-
Limite kantite fridòdòy ak manje yo transfòme yo, tankou tchips, ti gato, ak manje patisri
-
Pa manje move grès. Yo jwenn sa yo souvan nan manje yo transfòme. Pa manje okenn manje ki gen luil idwojene ladan yo.
Suivi pou swen yo
-
Toujou suiv randevou ou yo. Yon suivi ki regilye enpòtan pou w ka refè epi reprann kò w.
-
Kèk medikaman mande pou yo fè tès san pou ou pou yo gade si w ap fè pwogrè oswa si gen yon pwoblèm. Toujou suiv randevou w yo pou w fè nenpòt ki tès sangen moun ki ap ba w swen an ta mande w.
Rele 911
Rele 911 imedyatman si w gen nenpòt nan sentom estwòk sa yo:
-
Feblès, pikotman, ou pa santi anyen nan yon pati vizaj ou oswa kò w
-
Yon vizyon twoub sanzatann, oswa w gen yon pwoblèm pou w wè nan yon zye oswa nan tou de zye w
-
Yon pwoblèm pou w pale sanzatann oswa pwoblèm pou w atikile
-
Ou gen pwoblèm pou w konprann moun k ap pale avè w
-
Gwo tèt fè mal sanzatann
-
Vètij, ou pa gen ekilib, ou santi w pral tonbe
-
Twoub memwa oswa kriz malkadi
B.E. F.A.S.T. se pi bon fason pou w sonje siy estwòk yo. Lè w wè siy sa yo, w ap konnen ou sipoze rele 911 rapid.
B.E. F.A.S.T. vle di:
-
B a se pou ekilib. Pèdi ekilib oswa kowòdinasyon sanzatann.
-
E a se pou Je. Chanjman vizyèl nan youn oswa nan toulède je yo.
-
F se pou figi ki vide. Yon pati nan vizaj la ap tonbe oubyen ou pa p santi anyen ladan l. Lè moun nan ap souri, souri ap fèt nan yon sèl pati nan bouch li.
-
A a se pou bra ki fèb. Yonn nan bra w yo ap fèb oubyen ou p ap santi anyen ladan l. Lè moun nan leve toude bra l an menm tan, gen youn nan bra yo ki ap gen tandans tonbe.
-
S lan se pou Difikilte pou pale. Ou ka remake moun nan gen difikilte pou l atikile oubyen pou l pale. Moun nan pa ka repete yon senp fraz kòrèkteman lè yo mande l sa.
-
T a se pou tan pou w rele 911 . Si yon moun genyen yonn nan nenpòt nan sentom sa yo, menm si yo pa dire, rele 911 menm moman an. Pran nòt a kilè sentom yo premye parèt.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.