Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Maladi refli gastwoezofajyen(GERD) lakay tibebe yo

GERD la vle di Maladi refli gastwoezofajyen. Ou ka tande yo rele li tou endijesyon asid oswa kè boule. Sa rive lè manje ki soti nan lestomak lan tounen moute (refli) nan tib ki konekte bouch la ak lestomak la (esofaj). Fè rapò si oswa rann komen lakay tibebe yo. Yo rele sa refli gastwoezofajyen oswa GER. An reyalite, plis pase mwatye nan ti bebe yo gen GER pandan 3 premye mwa yo. Tibebe ki gen GER yo ap rann souvan apre yo fin manje. Pafwa yo ka rann lè y ap touse oswa kriye. Yo kapab tou vin rechiya pandan oswa apre manje. Pifò bebe souvan pa gen GER ankò lè yo gen apeprè 12 a 18 mwa. Lè fenomèजn kote manje yo ap remonte nan bouch bebe a pwovoke yon seri sentom ki deranje, tankou yon pwa ki fèb oubyen domajman tisi gòj oubyen ezofaj yo, yo rele sa GERD.

Yon fi ki kenbe yon ti bebe sou zepòl li.
Kenbe tibebe a dwat pandan yon moman apre li fin tete pou w anpeche li rann.

Èske GERD a se yon pwoblèm pou tibebe mwen an?

Si yon ti bebe kontan epi li pran pwa nòmalman, rann rapò si a se pwobableman yon GER ki lakoz li epi li gen anpil chans pou l pa lakòz domaj. Men kèk sentom ka siy GERD, yon pwoblèm ki pi grav. Rele founisè swen sante w la tousuit si tibebe w gen youn nan sentom sa yo ki vin apre yo:

  • San, oswa likid vèt oswa jòn nan vomisman

  • Pa pran pwa oswa pa grandi byen

  • Kontinye refize manje

  • Difikilte pou manje oswa vale

  • Pwoblèm pou respire tankou fè bri lè l ap repire, tous ki pèsistan, oswa difikilte pou l respire

  • Leve lannuit ap touse oubyen ap respire ak bri

Kijan mwen ka ede pitit mwen santi l pi byen? 

Tibebe w la ap gen anpil chans depase GER la. Pou ede diminye GER la ak rann tanzantan yo, chanjman sa yo ka ede:

  • Bay tibebe w la ti kantite manje pi souvan.

  • Bay tibebe w la manje nan yon pozisyon dwat.

  • Bat do tibebe w la dousman chak fwa w fin ba li tete, oubyen aprè 1 a 2 ons bibwon.

  • Kenbe bebe w la nan pozisyon vètikal pandan 20 a 30 minit apre l fin manje. Fè sa pandan w ap kenbe bebe w la nan yon pozisyon dwat (pa egzanp, sou zepòl ou). Pa mete tibebe w la sou yon pòt bebe oswa yon chèz machin.

  • Pou bebe ki bwè nan bibwon yo, mande founisè swen sante w la si l posib pou w fऑè lèt la pi pwès.

  • Pa mete rad bebe yo ak senti ki sere ni ak daypè ki byen sere.

  • Kenbe lafime tabak la lwen tibebe w la.

Yo pa konnen si mezi sa yo ka anpeche GER pwogrese nan GERD, men yo itil pou tou de kondisyon yo. Pa bliye tou pou w toujou mete bebe w la sou do pou l dòmi. Gen pi gwo chans pou gen Sendwom Mò Sibit Lakay Bebe (Sudden Infant Death Syndrome, SIDS) si w mete l dòmi sou vant.

Kilè pitit mwen an ta dwe wè founisè swen sante a? 

Si pitit ou a gen sentom GERD ki pi grav, founisè swen sante oswa enfimyè bebe w la ap travay avèk ou pou ede w soulaje yo. Founisè swen sante w la ka sijere kèk chanjman anplis de sa ki anwo yo. Sa ka mande pou w eseye yon lòt lऑèt. Pafwa yo preskri medikaman Nan sèten ka, tibebe w la ka bezwen tès pou ede asire koz sentom yo. Nan kèk ka ki ra, li ka nesesè pou gen yon operasyon ki fèt, patikilyèman nan ka GERD grav yo.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer