Depistaj Kansè Pwostat
Pwostat la se yon ti glann ki sitiye jis anba blad pipi a epi devan rektòm lan kay gason. Li vlope toutotou irèt la. Sa se tib ki transpòte pipi ak dechay sot nan pijon gason an. Pwostat la se yon pati nan sistèm ki pèmèt gason fè pitit. Li pwodui enpe nan likid ki fè pati dechay la.
Pwoblèm nan pwostat gen tandans vin pi kouran amezi yon gason ap vyeyi. Pwoblèm sa yo gen ladan kansè pwostat, yon kansè ki kouran kay gason. Yo itilize tès depistaj yo pou ede jwenn kansè a bonè. Se lè li piti, li pa te gaye, epi li pa lakòz sentòm.
Kansè pwostat pa lakòz sentòm nan premye estad li yo. Kidonk, tès depistaj yo ka souvan ede jwenn kansè pwostat la bonè. Men, tout ekspè nan kansè pa dakò tout gason ta dwe fè depistaj. Se paske depistaj la kapab mennen nan pwoblèm grav. Pa egzanp, li ka detekte kansè ki gendwa pa bezwen trete. Sa kapab lakòz strès. Li ka mennen tou nan gwo efè segondè nan tretman ki gendwa pa te nesesè. Sa yo gen ladan pwoblèm bann ak pwoblèm pou kontwole ekoulman pipi. Pifò ekspè dakò gason yo dwe pale avèk founisè swen sante yo sou avantaj ak dezavantaj depistaj la anvan li fèt.
Kisa kansè pwostat ye?
Kansè pwostat se kwasans san kontwòl nan selil pwostat yo ki modifye (sibi mitasyon). Selil sa yo pa gen aparans, yo pa aji, ni fonksyone jan yo ta dwe fè l.
Kansè pwostat kòmanse nan pwostat la. Men, apre yon sèten tan, li ka devlope epi gaye nan lòt pati nan kò a.
Faktè risk pou kansè pwostat
Bagay ki ka ogmante risk pou yon gason gen kansè pwostat rele faktè risk. Sa yo gen ladan:
-
Laj. Amezi w ap vyeyi, risk ou pou kansè pwostat ogmante.
-
Istwa fanmi. Si papa w oswa frè w te gen kansè pwostat, risk ou ka pi gwo.
-
Ras. Gason Afriken-Ameriken ak lòt gason ki gen zansèt Afriken gen plis risk pase lòt gason pou devlope kansè pwostat. Epitou yo gen plis tandans pou mouri ak kansè pwostat pase gason blan ki gen maladi sa a. Yo pa konprann aklè rezon ki fè sa.
Depistaj pou kansè
Depistaj pou kansè pwostat kapab ede detekte kansè a anvan li lakòz pwoblèm. Tès depistaj ki pi souvan itilize se egzamen ak dwèt nan twou dèyè (pou sig an anglè Digital Rectal Exam, DRE) ak yon tès san antijèn byen presi pwostat (pou sig an anglè Prostate Specific Antigen, PSA).
Pale avèk founisè swen sante w sou avantaj ak dezavantaj depistaj regilye apati laj 50 lane si w gen risk mwayen pou kansè pwostat. Fè konvèsasyon sa a lè w gen 40 lane si w gen pi gwo risk akòz faktè risk ou yo.
Anvan tès depistaj ou a
Si w deside fè depistaj pou kansè pwostat, asire w enfòme founisè swen sante w sou:
-
Pwoblèm sante ou genyen
-
Manm fanmi ki te gen kansè pwostat oswa lòt kansè
-
Tout medikaman, remèd fèy, vitamin, ak sipleman w ap pran
-
Pwoblèm pou pipi oswa sentòm enfeksyon nan aparèy pipi
Egzamen ak dwèt nan twou dèyè (pou sig an anglè DRE)
Founisè swen sante w ka fè yon DRE. Pou fè sa, li foure dousman yon dwèt grese ki gen gan nan twou dèyè w pou santi sifas pwostat ou (ki touswit akote rektòm ou). Li rapid epi anjeneral li pa fè mal. Anpil pwoblèm pwostat ka detekte avèk egzamen sa a. Se pa tout zòn nan pwostat la ki ka santi pandan yon DRE.
 |
Egzamen rektal dijital (DRE) la fèt nan sèlman kèk segonn. |
Tès PSA
PSA se yon pwoteyin selil pwostat la fabrike (ni selil nòmal ni selil kansè yo). Nivo PSA w ka mezire avèk yon tès san. Kansè pwostat ka lakòz yon nivo PSA ki wo oswa k ap ogmante ofiramezi. Men tou, se ta ka akòz yon lòt pwoblèm ki pa kansè. Yon nivo PSA pi ba siyifi gen mwens risk pou se kansè.
Si rezilta tès PSA total ou yo pa nòmal, founisè swen sante w ka verifye tou:
-
Pousantaj PSA lib (an anglè free PSA, fPSA). Sa se rapò ant PSA lib ak PSA total. PSA lib se PSA ki pa lye ak sèten pwoteyin nan san an. Yon pousantaj PSA lib ki pi ba siyifi yon pi gwo risk pou gen kansè pwostat.
-
Endis sante pwostat (pou sig an anglè Prostate Health Index, PHI) oswa tès 4Kscore. Sa yo mete ansanm rezilta diferan tip PSA pou jwenn yon eskò ki montre pwobabilite pou yon gason gen kansè pwostat.
-
Vitès PSA. Sa se nan ki vitès nivo PSA a ap monte ofiramezi tan ap pase.
-
Dansite PSA (pou sig an anglè PSAD). Se relasyon ant nivo PSA a ak gwosè pwostat la.
Anpil faktè ka afekte nivo PSA yo. Sa yo gen ladan laj, yon pwostat agrandi, sèten medikaman, kèk sipleman, epi kansè pwostat. Lòt faktè ka lakòz chanjman dire kout nan PSA, tankou yon enfeksyon nan pwostat oswa rapò seksyèl resan. Founisè swen sante w ka eksplike kijan faktè sa yo gendwa afekte moman pou tès PSA a ak rezilta ou yo.
Lòt tès
Men pwoblèm ki gen nan depistaj kansè pwostat: Pwoblèm ki detekte avèk DRE gendwa pa timè. Epi yon gwo nivo PSA pa toujou siyifi kansè. Kidonk, plis tès gendwa nesesè. Sa yo ka gen ladan:
-
Refè tès PSA. Ou ka tann yon ti tan epi apresa ou fè yon lòt tès PSA.
-
Egzamen ak dwèt nan twou dèyè. Sa gendwa nesesè si yo pa te fè yon DRE avèk tès PSA a.
-
Tès PSA diferan. Lòt tip tès PSA yo (jan yo dekri anwo a) ta ka fèt pou jwenn plis enfòmasyon an detay.
-
Tès imajri. Si yo sispèk kansè, yo ka fè tès imajri pou ede chèche chanjman andedan pwostat la. Ekografi transrektal ak eskanè imajri rezonans mayetik (pou sig an anglè MRI) ka detekte chanjman ki ta ka kansè pwostat.
-
Byopsi. Tès sa a pran moso tisi toupiti (yo rele echantiyon) nan pwostat la avèk èd yon zegwi mens, kre. Yon tès imajri, tankou ekografi oswa MRI, itilize pou ede gide zegwi a nan bon kote nan pwostat la. Apresa, yo teste echantiyon tisi yo nan yon laboratwa pou detekte prezans selil kansè yo.