Prevansyon twomatis abizif nan tèt
Souke, frape, voye yon ti bebe lòtbò oswa jete l, danjere anpil. Li bay yon gwo pwoblèm ki rele twomatis abizif nan tèt (abusive head trauma, AHT), ki enkli sendwom ti bebe souke a tou. AHT a se yon fòm abi fizik sou timoun ki grav. Sa ka mennen nan gwo domaj nan sèvo ak nan lanmò. Lè yon ti bebe pa janm sispann kriye, sa ka fristran. Estrès ki tou mache ak okipe yon bebe peze tankou yon chay sou do paran yo. Sa ka vin pi estresan toujou si ti bebe w la te malad. Men kèlkeswa jan w ta ka santi w about, fatige, oswa kontrarye ou pa dwe janm souke, frape, voye ti bebe w la lòtbò, oswa jete l. Yo ka prevwa AHT.
Poukisa li se yon pwoblèm
Lè yo souke, frape, voye yon ti bebe lòtbò oswa jete l, sèvo a souke devan dèyè anndan kràn nan. Menm yon ti fòs tou piti sifi pou sèvo a frape anndan kràn nan. Mis kou yon ti bebe pa ka sipòte chòk sekous yo. Sa ka lakoz senyen oswa enflamasyon anndan kràn nan. Li ka lakoz domaj pèmanan nan sèvo, twoub aprantisaj, defisyans entèlektyèl, sa ka rann ti bebe a avèg, soud, fè l fè malkadi, lakoz li paralize, fè l tonbe nan koma oswa touye l. Ti bebe ki chape anba AHT yo ap bezwen swen medikal pandan tout vi yo. Preske tout viktim AHT yo soufri anba gwo konsekans alontèm sou sante yo.
 |
Si yo souke yon ti bebe, sèvo a kapab frape sou anndan zo tèt la. |
Si w fristre
Si w santi w about, men kijan pou w fè fas ak sa:
-
Konprann kriye ti bebe yo pi mal pandan premye mwa lavi l yo, men yo ap amelyore amezi timoun nan ap grandi.
-
Mete ti bebe a kouche yon kote ki san danje, tankou nan bèso l, menm si l ap kriye.
-
Rale yon gwo souf. Fè yon ti deplase. Konte jiska 10. Fè tout sa w kapab pou w kalme w.
-
Kite lòt moun ede w pran swen ti bebe a. Fè patnè w la, gran paran ti bebe a oswa lòt manm nan fanmi an pran larelèv.
-
Asire w ti bebe a manje epi li pa mouye. Bay ti bebe a manje tou dousman. Fè ti bebe a rann gaz souvan. Chante oswa pale jantiman ak ti bebe w la. Balanse ti bebe a tou dousman oswa mache avè l. Kole ti bebe a sou po w toutouni (po a po). Mennen ti bebe w la flannen nan yon pousèt oswa nan yon machin.
-
Diskite sa ak founisè swen sante ti bebe w la sou koz kriye yo. Sa ka rive gen yon pwoblèm sante oswa yon lòt bagay ki fè ti bebe a kriye plis pase jan li ta dwe. Founisè swen sante a ka ba w yon ide sou kòman pou w konsole ti bebe w la.
-
Si founisè swen sante w la panse se kapris ti bebe w la ap fè, konnen se pa fòt ou. Ti bebe w la ap kite peryòd kapris sa a. Sa pa vle di ti bebe a pa renmen w oswa ou p ap fè yon bon travay. Yon ti bebe ki an sante ka fè 1 a 2 èdtan ap kriye.
-
Si w santi w depase, pale ak founisè swen sante ti bebe w la sou posiblite gadri, sou konsèy oswa lòt resous ki kapab ede w.
-
Rele Liy asistans nan telefòn Childhelp National Child Abuse la nan 800-422-4453. Operatè kalifye a ap ka ede w jere fristrasyon w lan, pou w ka pa blese ti bebe w la.
-
Pa janm kite ti bebe w la poukò l ak yon moun ki an kòlè fasilman, oswa ki gen antesedan vyolans.
Yo ta dwe bay tout moun k ap bay ti bebe w la swen konsèy sa yo, paske gadò yo ak patnè paran yo souvan santi yo fristre lè ti bebe yo pa sispann kriye.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.