Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Enstriksyon pou Egzeyat: Lè Tibebe w la ap Kriye

Fason tibebe w la ap kriye ka di w ki jan l santi l. Li kapab avèti w tou sa tibebe w la bezwen. Fèy sa a ap ede w konprann kisa sa sa vle di lè tibebe w la ap kriye epi sa w ka fè pou ede l.

Kriye

Li nòmal pou ti bebe yo kriye. Pafwa ti bebe a jis bezwen w kenbe l. Men, si l pa sispann kriye, chèche konn kòz la. Koz ki souvan lakoz kriye yo gen ladan:

  • Grangou

  • Enkonfò, daypè mouye, rad twò sere, santi l twò cho oswa twò frèt, oswa doulè gaz

  • Yon nen bouche. Sa ka Lakoz li difisil pou ti bebe a respire.

  • Estrès oswa twòp eksitasyon

  • Maladi

Kisa pou w fè lè tibebe w la ap kriye

Kriye kapab yon mwayen pou ti bebe a di w li gen yon pwoblèm. Tibebe a fè w konfyans pou w pot atansyon ak kriye a epi repare sa ki lakòz pwoblèm nan. Ou konn tibebe w la pi byen pase nenpòt lòt moun, malgre chèche konnen egzakteman sa tibebe w la ap eseye di w ka mande pou w tire devinèt nan kòmansman. Si kenbe tibebe w la pa sifi, men kèk lòt bagay ou ka eseye:

  • Eseye ba l manje, si tibebe w la grangou. Pou evite doulè gaz, fè ti bebe a rann gaz chak 5 minit pandan l ap manje. Kenbe tèt ti bebe a pi wo ke rès kò a lè w ap bal manje. Pa bay tibebe w la twòp manje. Sa ka lakoz enkonfò. Eseye tann omwen 2 èdtan ant 2 manje.

  • Verifye kouchèt tibebe a. Chanje li si sa nesesè.

  • Bay tibebe w la yon beny cho. Oswa mete yon sèvyèt mouye sèk sou vant tibebe a pandan yon ti moman. Sa ka kalme kèk ti bebe. 

  • Fè ti sekwe oswa mache ak tibebe w la. Mouvman an ap kalme l. Gen kèk paran ak ti bebe ki renmen itilize pòt bebe oswa lòt echap pou pote tibebe nan objektif sa a.

  • Bay tibebe w la yon sison lè l ap fè syès oswa lè l ap dòmi. Pa mete kòd oswa klanps nan tetin lan. Epi pa ba l sison jiskaske l fin byen pran tete a. Bay tete ak tchèkòp regilye yo ede diminye ris pou ti bebe a fè SIDS (sendwom lanmò sibit lakay ti bebe yo).

  • Vlope ti bebe a byen nan yon dra. Yo rele sa anmayote (vlope). Sa ka ede tibebe a santi l an sekirite. (Gade nan ankadre ki pi ba paj sa pou w aprann anmayote tibebe w la.) Anmayotaj se yon bagay ki kouran nan tout monn lan men li vin kontwovèse. Anmayotaj ka fè yon ti bebe twò cho. Sa ki pi enpòtan, si dra a vin lach oswa ti bebe a woule, ti bebe a ka toufe. Diskite sou anmayotaj tibebe w la ak founisè swen sante tibebe w la.  

  • Kenbe tibebe w la sou lestomak ou san rad. Kontak po ak po ka rekonfòte tibebe a.

  • Pa janm souke tibebe w la. Tibebe yo souke yo ka soufri andikap ki dire pandan tout lavi yo. Si w paka kalme tibebe w la , ou ka mete l yon kote ki san danje pou w pran ton ti poz. Mande yon manm nan fanmi w oswa yon zanmi w tou pou l ba w yon repo ak tibebe w la.

  • Si nen tibebe a bouche, sèvi ak yon sereng anpoul pou w netwaye l. (Founisè swen sante w la ka montre w kijan pou w fè sa.)

  • Verifye siy maladi, tankou lafyèv oswa dyare. Si tibebe a sanble malad, rele founisè swen sante a.

Lè pou w rele founisè swen sante tibebe w la

Rele founisè swen sante a si tibebe w la:

  • Gen dyare, vomisman, oswa ap mal manje

  • Gen yon lafyèv (gade pati ki pale de Lafyèv ak ti bebe yo anba a)

Lafyèv ak timoun

Itilize yon tèmomèt dijital pou w tcheke tanperati timoun ou an. Pa itilize yon tèmomèt a mèki. Gen anpil tèmomèt dijital ak plizyè fason pou itilize yo. Sa yo gen ladan yo:

  • Tèmomèt pou Dèyè Pou timoun ki gen mwen pase 3 lane, pran tanperati nan dèyè l pi efikas.

  • Fwon (tanporal). Sa ap mache pou timoun ki gen 3 mwa oubyen timoun ki pi gran. Si yon ti bebe pi piti pase 3 mwa gen siy maladi, yo ka itilize tèmomèt sa kòm premye aparèy pou pran tanperati l. Founisè swen sante a ka vle konfime avèk yon tanperati rektal.

  • Zòrèy (tenpan). Tanperati nan zòrèy la efikas aprè l fin gen 6 mwa, men anvan sa li pa efikas.

  • Anbabra (aksilè). Sa mwens fyab men yo ka itilize l pou premye chache siy maladi kay timoun nenpòt laj. Founisè swen sante a ka vle konfime l ak tanperati nan dèyè ti bebe a.

  • Bouch (oral). Pa itilize tèmomèt nan bouch ti moun ou an jiskaske li gen omwen 4 làne.

Itilize tèmomèt nan dèyè ti bebe a ak prekosyon. Suiv enfòmasyon fabrikan pwodui a bay la pou w ka byen itilize l. Mete l nan dèyè ti bebe a dousman. Mete etikèt sou li epi asire w pa itilize l nan bouch li. Li ka gen jèm twalèt ki rete sou li. Si w pa alèz pou w itilize tèmomèt nan dèyè a, mande founisè swen sante a ki tip ou ka itilize nan plas li. Lè w ap pale ak nenpòt founisè swen sante sou lafyèv pitit ou a, di yo ki kalite w te itilize.

Anba a w ap jwenn sa pou w suiv pou w konnen si timoun ou an gen yon lafyèv. Founisè swen timoun ou an ka ba ou yon nimewo degre ki diferan pou timoun ou an. Suiv enstriksyon espesifik founisè swen an.

Fich lafyèv yon ti bebe ki gen mwens pase 3 mwa:

  • Anvan, mande founisè swen timoun ou an kijan w ta dwe pran tanperati ti bebe a.

  • Nan dèyè oswa nan fwon: 100,4°F (38°C) oswa pi wo

  • Anba bra: 99°F (37,2°C) oswa pi wo

Fich lafyèv yon ti bebe 3 mwa a 36 mwa (3 lane):

  • Nan dèyè, nan fwon, oswa nan zòrèy: 102°F (38,9°C) oswa pi wo

  • Anba bra: 101°F (38,3°C) oswa pi wo

Rele founisè swen an nan ka sa yo:

  • Yon tanperati 104 °F (40 °C) ki ap plede repete oubyen pi wo nan yon ti moun nenpòt laj

  • Lafyèv 100,4° F (38°C) oubyen ki pi wo lakay ti bebe ki gen mwens pase 3 mwa yo

  • Yon lafyèv ki dire plis pase 24è nan yon timoun ki gen mwen pase 2 lane

  • Yon lafyèv ki dire 3 jou nan yon timoun 2 lane oubyen pi gran

Ki jan pou anmayote tibebe w la

Vlope tibebe w la byen an sekirite nan yon dra ki lejè (anmayotaj) ka ede tibebe w la santi l cho epi an sekirite. Men, anmayotaj ka gen kèk ris epi yo sipoze fè l san danje. Pa anmayote ti bebe ki gen plis pase 2 mwa yo, paske yo gen laj pou aprann lòt fason pou yo rekonfòte tèt yo. Yo kòmanse eseye woule tou sou kan oswa sou vant yo. Men yon metòd pou anmayotaj:

  • Pliye yon dra kare an dyagonal pou fè yon triyang. Vire triyang lan pou baz plat la anlè epi pwent lan anba.

  • Mete ti bebe a kouche sou dra a, mete tèt li sou baz dwat triyang lan epi pye l yo nan direksyon pwent lan.

  • Rale yon kote triyang lan sou tout lestomak tibebe a epi glise l anba tibebe a (Imaj 1). Yon ti bebe pi alèz ak bra l yo pliye sou pwatrin li. Li pi bon pou w kite yon ponyèt tibebe a lib konsa l ap ka souse dwèt epi aprann kalme tèt li, evantyèlman san li pa bezwen anmayotaj.

  • Rale pwent dra a san w pa sere l sou pye tibebe a epi pou rive jous nan kou l (Figi 2). Li enpòtan anpil pou w kite pye ak janm tibebe a lib pou l bouje. Janm tibebe w la ta dwe ka koubi epi rive nan ranch li. Pa mete janm ti bebe w la konsa kole ansanm epi pou yo bay fas yo drèkteman atè. Sa ogmante risk pou jwenti ranch li yo pa grandi ak devlope kòrèkteman. Sa ka lakoz yon pwoblèm ki rele displazi ak dislokasyon ranch. Si tibebe w la gen displazi nan anch, pa anmayote l. 

  • Vlope lòt pwent triyang lan sou pwatrin tibebe a (Figi 3).

  • Apre w fin anvlope tibebe w la, verifye bagay sa yo souvan:

    • Dra a rete an sekirite. Yon dra ki lach ka kouvri figi ti bebe a epi lakòz li toufe. Men, dra ki sere yo ka rann li difisil pou ti bebe yo respire, kidonk asire w ou ka fasilman mete 3 dwèt ant dra a ak pwatrin tibebe a.

    • Tibebe a kouche sou do. Tibebe ki kouche sou kan oswa sou vant yo (oswa ti bebe ki woule sou kote yo oswa sou vant yo) gen pi gwo ris pou yo fè SIDS.

    • Ti bebe a pa twò cho. Sa ka ogmante ris pou ti bebe yo fè SIDS. Eseye itilize kouvèti oswa dra ki lejè pou anmayotaj.

Etap 1 nan vlope; ti bebe ki kouche sou yon ti dra, avèk yon flèch k ap montre pwent goch la ki pliye sou kò l.
Figi 1.
Etap 2 nan vlope; ti bebe ki kouche sou yon ti dra, pwent goch la pliye epi li antre anba kò l. Flèch la montre yo pliye pwent anba a.
Figi 2.
Etap 3 nan vlope; ti bebe ki kouche sou yon ti dra, pwent goch la ak pwent anba ti dra yo pliye epi antre pa anndan. Flèch la montre y ap pliye pwent dwat ti dra a.
Figi 3.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer