Ipètansyon Pilmonè
Ipètansyon Pilmonè se gwo presyon ki fèt nan veso sangen yo ki mennen san nan poumon yo. Sa a fatige poumon yo ak kè a. Li ka mennen nan pwoblèm ki grav.

Tansyon wo
Ipètansyon sistemik vle di presyon an twò wo nan veso sangen yo ki nan kò a. Yon moun ki gen ipètansyon pilmonè ka gen tansyon wo tou nan tout kò a.
Kisa ki lakoz ipètansyon pilmonè a?
Pafwa yo konn pa konn koz la. Men pi souvan se yon lòt pwoblèm sante ki lakoz li. Nan anpil ka, kontwole pwoblèm sa a ka ede evite oswa kontwole ipètansyon pilmonè a. Men kèk nan koz ipètansyon pilmonè nou plis konnen yo pi ba a.
Lakay timoun:
-
Pwoblèm nan poumon ki grav lakay yon tibebe ki fèk fèt
-
Enfeksyon pilmonè, tankou fibwoz oswa maladi pilmonè entèstisyèl
-
Malfòmasyon kadyak konjenital
-
Lòt enfeksyon, tankou esklewodèmi, lipis, oswa drepanositoz
-
Maladi jenetik
Lakay granmoun:
-
Enfeksyon pilmonè, tankou maladi pilmonè kwonik obstriktif (COPD), bwonch avanse, fibwoz, oswa fibwoz pilmonè
-
Maladi fwa
-
Kayo san nan poumon yo
-
Ensifizans kadyak sou bò goch
-
Sispann respire pandan somèy
-
Lòt enfeksyon, tankou esklewodèmi, lipis, oswa drepanositoz
-
Kèk medikaman
-
Maladi jenetik
Ki sentom ipètansyon pilmonè yo?
Sentom yo ka parèt sanzatann. Oubyen, yo ka parèt dousman pandan tan ap pase. Sentom yo gen ladan yo:
-
Souf kout
-
Po bouch oswa zong ki ble( siy ki di oksijèn nan ba)
-
Fatige vit, sitou si w an mouvman
-
Kè w ap bat vit
-
Doulè sou anwo nan bò dwat abdomèn ou
-
Enflamasyon nan janm ou yo oswa nan je pye w yo
-
Doulè nan lestomak oswa presyon
-
Fatig oswa etoudisman
Kijan yo dyagnostike ipètansyon pilmonè a?
Founisè swen sante w la ap ba w fè yon egzamen. Y ap koute kè w ak poumon w yo. Yo ap kontwole tansyon w. Ou ka fè tès tankou:
-
Egzamen san. Sa yo mezire kèk fonksyon kò a. Y ap chèche pwoblèm tankou enfeksyon tou.
-
Y ap fè radyografi lestomak ou. Sa ap pran imaj anndan pwatrin nan. Li ka montre kèk pwoblèm ki genyen nan kè a ak nan poumon yo.
-
Elektwokadyogram (ECG). Tès sa a ap anrejistre aktivite elektrik kè a.
-
Ekokadyogram (eko). Tès sa a itilize son pou l kreye yon imaj jan kè a ap bouje.
-
Tès fonksyon pilmonè yo. Tès sa yo mezire respirasyon ak kapasite poumon yo.
-
Eskànè pilmonè pèfizyon. Yo ka itilize eskànè sa a pou yo jwenn chanjman ki fèt nan atè yo ki mennen nan poumon yo. Li ka montre fli sangen ki nan poumoun yo. Epi li ka montre kayo yo.
-
Eskànè nan lestomak la. Egzamen sa ap pran foto poumon yo byen detaye.
-
Tès mache pandan 6 minit. Tès sa ap mezire tolerans ou pou egzèsis. Li tcheke si nivo oksijèn ou bese lè w ap fè egzèsis.
-
Kateteris kadyak dwat (cath). Pwosedi sa a mezire presyon ki nan kè a ak nan poumon yo. Se sèl tès sa a ki mezire presyon anndan atè pilmonè yo. Yo mete yon tib fen (katetè) nan veso sangen an nan lèn nan oswa nan kou a. Yo mennen l nan bon pati nan kè a ak nan atè pilmonè a. Sa a se atè prensipal ki ap mennen san nan poumon w yo. Lè sa yo fè tès tansyon pou ou.
Kijan yo trete ipètansyon pilmonè a?
Tretman an depann de laj ou, de sante w, ak de gravite sentom ou yo. Y ap trete tout pwoblèm sante w gen pa anba yo. Tretman yo ka:
-
Oksijèn
-
Medikaman pou desann presyon nan veso sangen poumon an
-
Medikaman pou ede kò a pèdi eksè dlo a
-
Medikaman pou anpeche kayo fèt
-
Medikaman ki ede kè a bat pi fò, ponpe plis san, epi kontwole rit kadyak ki pa nòmal yo
Ki preyokipasyon ki genyen alontèm?
Ipètansyon pilmonè pa gen gerizon. Men, kèk tretman ka soulaje sentom yo epi ralanti pwogresyon maladi a. Nan kèk ka ki ra ak grav, yo ka bezwen fè yon transplantasyon poumon. Founisè swen sante ou a ka di ou plis sou sa si sa nesesè.
Kilè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante ou a imedyatman si w gen nenpòt nan sa yo:
-
Po bouch, zong, oswa pwent zòrèy ki vin ble
-
Souf kout
-
Etoudisman oswa vètij
-
Tèt fè mal
-
Yon fyèv 100,4° F ( 38,0°C ) oswa pi wo, oswa nan nivo founisè swen sante w la di w lan
-
Pye oswa janm ki ap anfle pou premye fwa oswa ki etranj
-
Sentom ki vin pi mal
-
Nouvo Sentom
Rele 911
Rele 911 si w gen nenpòt nan bagay sa yo:
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.