Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Anpeche enfeksyon nan anplasman kote w fin opere a

Imaj an gran plan sou yon men k ap lave ak dlo ak savon nan yon evye.
Lave men redui risk pou w gen enfeksyon.

Yonn nan risk lè yon moun fè operasyon, se yon enfeksyon li ka genyen nan pati ki fann nan. Pati ki fann nan se kote chirijyen an te fann nan po w la pou l te fè operasyon an. Enfeksyon nan anplasman kote yon moun fin fè yon operasyon kapab ale ant yon enfeksyon minè sou po w jiska yon gwo enfeksyon ki ka menm fatal ki gen rapò ak tisi anba po a oswa ògàn yo. Papye sa ap ba w plis enfòmasyon sou enfeksyon nan anplasman operasyon yo, ki lopital ki anpeche sa, e kòman yo trete yo si sa rive. Papye sa ap di w sa pou w fè tou pou w anpeche w gen enfeksyon.

Kisa ki koze enfeksyon sou pati ki fann nan?

Jèm tout kote. Yo sou po w, nan lè a, e sou bagay w ap manyen. Plizyè jèm se bon jèm. Men gen kèk ki pa bon. Enfeksyon nan anplasman yon operasyon rive lè yon jèm ki pa bon antre nan kò w atravè kote ki fann nan. Gen kèk enfeksyon ki rive akoz jèm ki nan lè a oswa jèm ki te nan yon bagay. Men pifò enfeksyon yo se jèm ki sou pwòp kò moun yo ki ba yo l.

Kiyès moun ki riske gen yon enfeksyon nan pati kote li fann lan?

Nenpòt moun ka gen yon enfeksyon nan pati kote li fann lan. Ou gen plis risk si w:

  • Se yon granmoun

  • Si w gen yon sistèm iminitè ki fèb oswa lòt pwoblèm sante oswa ou gen yon maladi tankou sik

  • Si w ap pran kèk medikaman tankou esteroyid

  • Si w konn fimen

  • Si w sibi kèk operasyon tankou operasyon nan vant

  • Si w pa byen manje

  • Si w twò twò gwo

  • Si w te sibi yon operasyon ki te dire plis pase 2 èd-tan

Ki sentom yon enfeksyon sou anplasman yon moun ki fin fè operasyon?

  • Enfeksyon an toujou kòmanse ak yon po ki vin pi wouj, doulè, ak akote kouti a ki vin anfle. Apre ou ka remake kouti a ap bay yon likid ki tankou yon ti nyaj oswa ki vèt ak jòn sa ka vin bay yon gwo sant. Kouti a ka separe oswa ouvè. Ou kapab gen yon lafyèv tou epi w ka santi w vrèman malad.

  • Sentom yo ka parèt nenpòt kilè, apre kelke lè oswa kelke semèn apre operasyon an. Enplan tankou jenou ak anch atifisyèl kapab enfekte nenpòk kilè apre operasyon an.

Kòman yo trete yon enfeksyon nan anplasman kote yon moun fin fè yon operasyon?

  • Enfeksyon nan anplasman kote yon moun fin fè operasyon ka trete ak antibiyotik. Tip medikaman y ap ba ou a depan de ki jèm yo panse ki ka koze enfeksyon an. Laplipa enfeksyon ki grav yo ap jwenn tretman kote w ye a, epi nan kèk ka sa ka nesesite ou sibi yon lòt operasyon,

  • Yon maleng sou po kapab mande pou yo re-ouvè l epi netwaye l. Gen de lè, maleng ki grav yo bezwen pou met twal gaz sou yo ki ap nesesite pou yo chanje l souvan, jiskaske malad la kòmanse geri pa anndan. Moun k ap ba w swen an ap konnen ki meyè swen w ap bezwen pou l trete enfeksyon sou kouti a.

  • Si w vin gen yon enfeksyon nan zòn kote yo te fè yon enplan pou ou, li posib pou yo retire enplan an.

  • Si w gen yon enfeksyon ki pi fon nan kò w, sa ka mande pou yo fè w lòt operasyon pou yo trete l.

Kisa lopital yo fè pou yo anpeche enfeksyon nan kouti operasyon an.

Plizyè lopital ranpli etap sa yo pou yo anpeche yon enfeksyon nan kouti kote moun nan fin opere a:

  • Lave men yo Anvan operasyon an, chirijyen w lan ansanm ak estaf nan chanm operasyon an fwote men yo ak ponyèt yo ak yon savon kont mikwòb.

  • Netwaye po a. Yo pran prekosyon pou yo pase yon likid kont mikwòb kote yo pral fann nan kò w la.

  • Yo esterilize rad yo a dra yo. Manm ki nan ekip chiriji ou an mete inifòm medikal sou yo, blouz manch long pou chiriji, mask, kaskèt, kouvèti bagay pye, ak gan ki esterilize. Tout kò w kouvri ak yon dra esterilize ki laj (dra esterilize) esepte pati kote yo pral fann nan kò w la.

  • Yon lè ki pwòp.  Sal pou operasyon yo gen filtè espesyal pou lè a ak yon presyon pozitif pou lè a yon fason pou anpeche lè ki pa filtre antre nan sal la.

  • Itilizasyon antibiyotik ak prekosyon  Jeneralman yo bay moun k ap fè operasyon an antibiyotik 60 minit avan yo fann li epi apre sa yo kanpe sou li 24è apre chiriji a, depandamman de tip chiriji a. Sa ede nan tiye jèm men tou li anpeche pwoblèm ki konn rive lè moun nan pran antibiyotik la twò lontan.

  • Kontwole nivo sik ou. Sik ou ka monte akoz estrès chiriji a. Y ap siveye nivo sik ou pou yo asire yo ke li rete nan yon nivo nòmal. Si sik ou wo sa ka anpeche malad la geri pi rapid epi li ka ogmante risk pou w fè enfeksyon.

  • Kontwole tanperati kò w. Yon kò ki gen yon tanperati ki ba pandan e aprè chiriji a anpeche oksijèn pou li rive jwenn blesi a kidonk li vin pi difisil pou kò w konbat enfeksyon. Lopital yo ka chofe likid IV yo, yo ka ogmante tanperati sal la, epi bay dra ki gen lè cho.

  • Byen retire pwal ki sou moun yo. Tout pwal ki sipoze soti sipoze retire anvan yo fanm moun nan, se pa ak razwa pou yo raze l. Sa anpeche ti koupi kote jèm ki nan cheve a ka antre.

  • Swen blesi a. Apre chiriji a, yo sipoze kouvri blesi ki fèmen an avèk yon pansman ki esteril pou yon jou oubyen de (2). Si blesi a pa fèmen yo sipoze mete twal gaz sou li ak yon pansman ki esteril.

Kisa w ka fè pou w anpeche yon enfeksyon kote ou fin opere a

  • Poze kesyon. Aprann konn sa lopital ou a fè pou li anpeche enfeksyon.

  • Si doktè la di w sa, pran yon douch oswa yon beny ak savon nòmal pandan nuit anvan operasyon an ak jou pandan operasyon an. Suiv enstriksyon li ba ou yo. Yo ka mande w pou itilize yon netwayan espesyal ke w pa dwe rense.

  • Si w konn fimen, kanpe sou sa pandan plis tan ou kapab anvan ak apre operasyon an. Mande doktè w la kòman ou ka fè pou w kite fimen.

  • Pran antibiyotik sèlman lè moun k ap ba w swen an mande w pou w fè sa. Itilize antibiyotik lè w pa bezwen yo kapab kreye jèm ki difisil pou tiye apre. Men tou, fin pran tout antibiyotik yo preskri w la, menm si w santi w byen.

  • Asire w ke moun k ap ba w swen yo netwaye men yo ak savon ak dlo oswa ak yon pwodui pou netwaye men ki gen alkòl ladan l anvan ak apre yo pran swen w. Pa pè pou w raple yo sa.

  • Apre w fin opere, manje manje ki bon pou sante w. Pran swen kote ki fann nan jan doktè w la oswa enfimyè w la mande w sa.

Kilè ou sipoze rele moun k ap baw swen an

Rele moun k ap ba w swen an si ou wè nenpòt nan sa ki vin annapre yo:

  • Blesi a irite w anpil, doulè, oswa li vin frajil

  • Yon tras wouj an zigzag ladan l, li vin pi wouj, oswa arebò yo vin gonfle

  • Kote ki fann nan ap bay yon likid ki jòn, ki tankou nèj, oswa ki gen move sant

  • Kouti yo ap defèt anvan menm blesi a geri

  • Yon fyèv 100.4°F (38°C) oswa pi wo, oswa nan nivo moun k ap ba w swen an di w lan

  • Yon sansasyon fatig ki pa janm ale

Date Last Reviewed: 6/1/2019
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer