Pran Medikaman Opyoyid
Pou sante w ak sekirite w li enpòtan pou w pran medikaman opyoyid yo egzakteman jan w resevwa enstriksyon pou sa. Sa pèmèt ou asire w l ap fonksyone kòmsadwa. Li diminye risk pou gen efè segondè. Li diminye risk pou w pran yon dòz ki twò wo (òvèdoz). Chak medikaman opyoyid se yon medikaman diferan epi yo gen pwòp kondisyon itilizasyon pa yo. Founisè swen sante ou a ap ekslike w ki medikaman yo preskri w. L ap fè w konnen kòman w dwe pran l. Si w gen kesyon oswa preyokipasyon pale avèk founisè swen sante ou a.
Itilize medikaman opyoyid yo san pwoblèm
Medikaman opyoyid yo kapab fonksyone byen pou kalme doulè. Men, lè w pran twòp, lè w pran l pandan twò lontan, oswa lè w pa pran l jan w ta dwe pran l, sa kapab fè w anpil mal. Pou ede w diminye risk pou l ba w pwoblèm sante, suiv konsèy sekirite sa yo:
-
Asire w ou konnen si w dwe pran medikaman sou yon baz regilye oswa si w dwe pran l sèlman lè w bezwen sa.
-
Fè tout founisè swen sante ou yo ak famasi ou konn achte yo konnen medikaman w ap pran yo. Tankou medikaman opyoyid yo.
-
Mande pwofesyonèl sante ou yo pou yo fè w konnen prekosyon ou dwe pran ak efè segondè ou dwe evite yo. Suiv enstriksyon yo ba ou yo.
-
Si w dwe pran medikaman an sou yon baz regilye, pran l nan lè w dwe pran l lan epi pran egzakteman kantite w dwe pran an. Si w pa t gentan pran yon dòz, pa double l lè w ap pran pwochen dòz la.
-
Itilize yon ajanda, yon aplikasyon, oswa yon kalandriye pou w make lè ou dwe pran medikaman yo. Sa ede w respekte orè a epi pa rate oswa pran yon dòz depase.
-
Lè w ap pran dòz likid yo, itilize yon kiyè ki mezire oswa yon mezi pou gout. Konsa w ap kapab sètifye ou pran dòz egzak la.
-
Fè founisè swen sante ou a konnen si w gen nenpòt efè segondè.
-
Pa koupe, kraze, oswa chanje medikaman ou sou kèlkeswa fòm nan.
-
Pa pran medikaman opyoyid yo te preskri yon lòt moun. Pa pataje medikaman w yo ak lòt moun.
-
Pa kondi pandan w ap pran yon medikaman opyoyid.
-
Pa mete ekipman ki danjere oswa itilize zouti elektrik pandan w ap pran yon medikaman opyoyid.
-
Verifye dat ekspirasyon yo tanzantan. Jete kòrèkteman nenpòt medikaman ki ekspire.
Fè atansyon ak medikaman w ap melanje yo
Gen kèk medikaman ki kapab reprezante gwo danje lè yo itilize yo avèk opyoyid. Nan kèk ka, sa konn pwovoke lanmò lè w melanje medikaman yo. Asire w ou fè founisè swen sante ou a ansanm ak tout famasyen an konnen tout medikaman w ap pran yo. Tankou medikaman san preskripsyon. Ki gen ladan l vitamin, remèd fèy yo, ak lòt sipleman. Sa gen ladan l dwòg ilegal oswa medikaman ki pa kontwole yo. Pami medikaman ki kapab reprezante danje lè w itilize yo ak medikaman opyoyid yo, nou jwenn:
-
Medikaman san preskripsyon ki bon pou soulaje doulè yo, tankou asetaminofèn
-
Lòt medikaman opyoyid sou preskripsyon
-
Benzodyazepin, tankou clonazepam oswa alprazolam
-
Medikaman pou dekontrakte misk yo, tankou cyclobenzaprine oswa carisoprodol
-
Somnifè, egzanp yon somnifè tankou zolpidem
Atansyon: Pa janm pran medikaman opyoyid avèk alkòl oswa ak lòt medikaman ki pa kontwole. Sa ka koz lanmò w.
Sentòm lè w fè yon òvèdòz opyoyid
Medikaman opyoyid yo afekte pati nan sèvo w ki kontwole respirasyon w. Lè w fè yon òvèdoz medikaman opyoyid sa kapab ralanti respirasyon w twòp. Li ka menm bloke respirasyon w. Sa ka koz lanmò w. Rele 911 imedyatman si w panse ou menm oswa yon lòt moun fè yon òvèdoz.
Chèche 3 sentòm prensipal sa yo:
-
Boul nwa ki nan mitan je yo vin piti anpil (mikwo-pipiy)
-
Respirasyon an kout oswa l bloke
-
Moun lan pa djanm oswa li pa gen konesans, oubyen li pa reveye (li pa konsyan)
Lòt sentòm pou w chèche yo se:
Naloxone pou òvèdòz
Naloxone se yon medikaman yo ba ou pou ranvèse efè yon òvèdoz. Ou pa bezwen preskripsyon pou w achte l. Pale ak founisè swen sante ou a konsènan sentòm òvèdoz la, ansanm ak nesesite pou w gen naloxone lan. Pou plis enfòmasyon konsènan òvèdoz opyoyid ak naloxone lan, ale sou Sit entènèt CBC a.
Estoke medikaman opyoyid yo an sekirite
Medikaman opyoyid yo bezwen ranje yon kote ki sekirize. Sa ap ede anpeche yon lòt moun pran medikaman an san l pa t swete sa. Li pèmèt ou anpeche vòl ak abi nan itilizasyon medikaman sa. Si posib, konsève medikaman an nan yon resipyan oswa yon plaka lòt moun pa gen aksè avè l. Konsève medikaman an nan yon espas ki fre epi ki sèch. Pa mete l nan yon espas ki mouye, tankou nan douch. Toujou mete medikaman an nan espas sekirize a chak fwa w fin itilize l.

Eliminasyon medikaman opyoyid yo
Debarase w de tout medikaman opyoyid ou pa itilize oswa ki ekspire yo yon fason ki san danje. Sa anpeche w fè lòt moun yo mal. Pa konsève medikaman ou a oswa bay yon lòt moun li pou kèlkeswa rezon an. Menm yon senp dòz nan yon medikaman opyoyid ka pwovoke lanmò si se yon lòt moun ki itilize l. Pou w debarase w san danje de medikaman ou yo:
-
Jwenn pwogram rekiperasyon medikaman nan kominote ou a. Ou kapab gen pou w depoze medikaman sa nan yon komisarya polis oswa nan yon famasi.
-
Mande famasi ou a si gen yon pwogram rekiperasyon atravè lapòs. Ou kapab gen aksè pou w voye medikaman an atravè lapòs. Pou w fè sa, w ap itilize yon anvlòp espesyal.
Si chwa sa pa disponib pou ou, mande founisè swen sante ou a èd.
Sispann yon tretman avèk medikaman opyoyid
Si w gen plis pase kèk semèn deja depi w ap pran yon medikaman opyoyid, kò w gentan abitye avè l. Lè w sispann pran medikaman sa, ou ka prezante sentòm ki montre ou an mank li. Gen plizyè sentòm ki manifeste mank yo. Yo kapab varye ant senp ak grav. Tankou:
Pa sispann pran medikaman opyoyid san w pa jwenn èd nan men founisè swen sante ou a. W ap bezwen yon plan pou w sispann pran l san pwoblèm. Se yon fason pou w jere sentòm ki manifeste mank yo. Nan majorite ka yo, kantite medikaman w ap pran yo ap diminye. Toutotan semèn ap pase, se toutotan w ap pran mwens. Si sa nesesè, ou kapab bezwen pran lòt medikaman ak tretman pou ede w nan pwosesis sa. Lè medikaman opyoyid la kite kò w, kò a pral adapte l. Sentòm ki manifeste mank yo ta sipoze disparèt. Kantite tan sa pran an kapab varye selon moun lan.