Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Fibrilasyon Atriyal

Fibrilasyon atriyal se yon kondisyon kote kè a bat yon fason iregilye. Se ritm kadyak anòmal ki pi komen. Se yon pwoblèm nan chemen elektrik kè a nan misk chanm anwo yo nan kè a (oreyèt) ki lakoz li. Li kapab yon siy maladi kè oswa lòt pwoblèm sante ki afekte kè a.

Palpitasyon kè yo se yon sentòm komen nan fibrilasyon atriyal. Se sansasyon ke kè ou ap bat, oswa bat vit, fò, oswa yon fason diferan. Lè kè a bat twò vit, li pa ponpe san trè byen. Sa ka lakoz lòt sentòm tankou anksyete, fatig, souf kout, doulè nan pwatrin, etoudisman oubyen evanouyisman. Fibrilasyon atrial ka vini epi ale pou kont li, yo rele sa fibrilasyon atriyal paroksymal. Li ka dire kèk èdtan jiska kèk jou. Oswa li ka vin pèsistan, dire plizyè semèn oswa plizyè mwa yon sèl kou oswa li ka menm vin pèmanan. Gen kèk sentòm fibrilasyon atriyal ki difisil pou remake. Pa egzanp, kèk moun vin gen yon fatig ki pa klè. Gen lòt ki remake kapasite pou fè egzèsis diminye. Gen kèk moun ki pa prezante okenn sentom.

Fibrilasyon atriyal la pi komen lakay granmoun aje yo. Se ka maladi kè oswa lòt kondisyon nan kò a ki afekte kè a ki lakoz li. Tankou:

  • Maladi atè kowonè (aterosklewoz), pafwa yo rele atè bloke.

  • Tansyon wo

  • Maladi valv kè yo

  • Kè ki vin gwo

  • Ensifizans kadyak

Fribilasyon atriyal ka rive tou san okenn maladi kè akòz:

  • Tiwoyid ki twò aktif (ipètiwoyid)

  • Maladi nan poumon ki kwonik (COPD, anfizèm, oswa bwonchit)

  • Konsomasyon anpil alkòl

  • Estimilan kè tankou kokayin, anfetamin, konprime rejim alimantè, Kèk medikaman pou nen bouche, kafeyin, oswa nikotin

  • Enfeksyon

  • Boul san nan poumon yo (anboli pilmonè)

  • Dyabèt

  • Maladi kwonik nan ren

  • Obezite

  • Sispann respire nan dòmi

  • Kondisyònman espotif ekstrèm san kanpe

  • Kèk maladi jenetik

Tretman oswa eliminasyon koz sa yo ap rann tretman fibrilasyon atriyal la pi fasil. Sa pral fè li gen mwens chans pou li tounen.

Fibrilasyon atriyal la ka altène ak yon lòt rit anòmal ki rele flutter atriyal. Flutter atriyal se yo rit kadyak ki pi regilye. Li gen rapò tou ak yon gwo risk aksidan serebral vaskilè. Yon tretman apwopriye pou aritmi sa yo ka redwi risk pou w fè yon aksidan serebral vaskilè.

Swen adomisil

Swiv enstriksyon sa yo lè w ap pran swen tèt ou lakay ou:

  • Tounen nan aktivite nòmal ou yo depi ou santi ou tounen nan nòmal ou.

  • Si w fimen, kanpe sou fimen. Kontakte founisè swen sante w la oswa yon pwogram lokal pou sispann fimen pou w ka jwenn èd.

  • Pa sèvi ak estimilan tankou alkòl, kokayin, anfetamin, konprime rejim alimantè, kèk medikaman pou nen bouche, kafeyin, oswa nikotin.

  • Si founisè w la preskri w medikaman pou anpeche fibrilasyon atriyal la retounen, pran li egzakteman jan yo mande w la. Gen kèk medikaman ou dwe pran chak jou, pa sèlman lè ou gen sentòm yo. Sa ap ede yo travay jan yo ta dwe.

  • Si yo preskri w yon antikowagilan, pran li egzakteman jan yo preskri w la. Youn nan medikaman sa yo, rele warfarin , mande pou w fè tès san regilyèman jan founisè w la te konseye w. Sa ap pèmèt ou resevwa dòz ki bon pou ou a. L ap diminye tou risk pou efè segondè yo. Yo gendwa preskri w lòt antikowagilan ki pa bezwen w fè tès regilye.

Suivi pou swen yo

Fè suivi ak founisè swen sante w la jan yo rekòmande a.

Kilè pou w chache konsèy medikal

Rele founisè swen sante w la tousuit si nenpòt nan bagay sa yo rive:

  • Enflamasyon nan janm yo vin pi mal

  • Pran pwa sanzatann

  •  

  • Doulè, woujè, oswa enflamasyon nan yon sèl janm

  •  

Rele 911

Rele 911 se fason ki pi rapid epi ki pi an sekirite pou jwenn depatman ijans la. Anbilansye yo ka kòmanse tretman an tou sou wout lopital la, si sa nesesè.

Rele 911 menm moman an si w gen nenpòt nan sentom sa yo:

  • Feblès nan yon bra, nan janm, yon bò nan figi an

  • Doulè nan pwatrin

  • Souf kout, oswa sansasyon ou pa ka jwenn ase lè

  • Ou santi w angoudi oubyen w anvi endispoze

  • Batman kè w trè rapid, dousman oswa iregilye an konparezon ak jan li abitye ye a

  • Senyen sankontwòl

  • Pwoblèm pou w pale oswa pou w wè byen

  • Gwo kagou, konfizyon, vètij, oswa endispoze

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer