Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Tranche anvan lè

Tranche anvan lè (tranche prematire) se lè sentom akouchman yo rive anvan 37 semèn gwosès. (Se 3 semèn anvan dat akouchman w lan.) Yon tranche prematire ka lakoz yon akouchman anvan lè. Sa vle di akouche pitit ou a anvan lè. Tibebe yo bezwen omwen 37 semèn gwosès pou tout ògàn nan kò yo devlope nòmalman. Plis akouchman an fèt pi bonè, se plis ris yo anpil pou tibebe a.

Nan pifò ka yo, yo pa konnen kòz tranche anvan lè yo. Men kèk faktè ka rann pwoblèm nan plis pwobab. Tankou:

  • Antesedan tranche anvan lè ak lòt gwosès

  • Fimen

  • Abi alkòl oswa sibstans

  • Yon ti kal pwa anvan gwosès oswa pran pwa pandan gwosès la

  • Yon ti kal tan ant gwosès yo

  • Ansent ak marasa, triple, oswa plis

  • Antesedan kèk kalite operasyon nan kòl matris oswa nan matris la

  • Gen yon kòl matris kout

  • Kèk enfeksyon

Gen yon kantite lòt faktè risk. Mande founisè swen sante w la pou l ede w konprann faktè risk espesifik pou ka w la. Answit chèche konnen kisa w ka fè pou w kontwole oswa diminye yo.

Kontraksyon yo se youn nan siy prensipal tranche twò bonè yo. Yon kontraksyon diferan de yon kranp. Li ka douloure epi vant ou (abdomèn) ka vin di. Sa ka dire kèk segond pou ale nan kèk minit. Gen kèk fanm ki ka santi sèlman yon presyon nan vant, kwis, rèktòm, oswa vajen. Gen moun ki ka sèlman santi matris la vin di san doulè oswa presyon. Oswa ka gen yon doulè konstan nan anba do a, ki gaye pi devan nan direksyon vant lan. Yo souvan trete tranche anvan lè ak medikaman. Li ka nesesè pou w ospitalize. Si tranche a pa pwogrese epi ou menm ak tibebe w la an sante, yo ka egzeyate w pou w kontinye pran swen lakay ou.

Swen adomisil

  • Poze founisè w la tout kesyon w genyen. Asire w ou konprann kijan pou w pran swen tèt ou lakay ou. Epitou swiv tout rekòmandasyon founisè swen sante w yo bay yo.

  • Aprann siy akouchman anvan lè yo. Siveye siy sa yo lè w tounen lakay ou.

  • Limite oswa mete restriksyon nan aktivite yo jan yo konseye w sa. Sa ka gen ladan l sispann kèk aktivite fizik ak redwi nan lè travay yo.

  • Pa fè travay ki difisil jan founisè w la konseye w sa. Mande fanmi w ak zanmi w yo èd pou travay ou yo epi pou yo sipòte w nan kay la, si sa nesesè.

  • Pa fimen, pa bwè alkòl, oswa pa itilize lòt sibstans ki pa bon pou sante w.

  • Pran mezi pou redwi estrès.

  • Rapòte tout sentòm etranj bay founisè w la.

Suivi pou swen yo

Fè suivi ak founisè swen sante w la jan yo rekòmande a. Li ka nesesè pou w al wè founisè w la chak semèn.

Kilè pou w chache konsèy medikal

Rele founisè swen sante w la touswit si nenpòt nan bagay sa yo rive:

  • Kontraksyon regilye oswa souvan, menm si yo fè w mal oswa yo pa fè w mal

  • Presyon nan basen an

  • Presyon anba vant oswa ti kranp nan vant ou avèk oswa san dyare

  • Ti doulè nan ba do tout ki pèsistan

  • Gout oswa ekoulman likid tou piti nan vajen w

  • Chanjman nan pèt vajinal la (dlo, pi, oswa san)

  • Tout senyen vajinal

  • Diminisyon mouvman tibebe w la

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer