Enfeksyon Irinè Lakay Fi
Pi souvan se bakteri ki lakoz enfeksyon irinè(UTI) yo. Bakteri sa yo antre nan aparèy irinè a. Bakteri yo ka soti anndan kò a. Oswa yo ka vwayaje soti nan po ki deyò rektòm nan (twou dèyè a) oswa vajen an pou yo ale nan irèt la. Jan ànatomi fi yo ye a fè li fasil pou bakteri ki soti nan trip yo antre nan aparèy irinè fi a. Sa a se sous UTI ki pi kouran an. Sa vle di fi fè UTI pi souvan pase gason. Doulè nan oswa alantou aparèy irinè a se yon sentòm UTI ki kouran.
Pifò UTI yo trete ak antibyotik. Yo touye bakteri a. Kantite tan ou dwe pran yo a depann de kalite enfeksyon an. Li ka tou kout tankou 3 jou. Si w plede gen UTI, ou ka petèt bezwen pran yon dòz antibyotik fèb pandan plizyè mwa. Pran antibiyotik yo egzakteman jan yo preskri w yo a. Pa sispann pran yo toutotan tout medikaman an pa fini. Si w sispann pran antibyotik la twò bonè, enfeksyon an ka pa pase. Ou ka devlope yon rezistans a antibyotik la tou. Sa ka fè li vin pi difisil pou l trete alavni.
Swen adomisil
Chanjman nan jan w ap viv ki anba yo ap ede w debarase w a UTI ou a. Yo ka ede w evite UTI tou alavni:
-
Bwè anpil likid. Sa enplike dlo, ji, oswa lòt bwason ki pa gen kafeyin. Likid ede w elimine bakteri nan kò w.
-
Vide blad pipi w. Toujou vide blad pipi w lè w santi ou anvi pipi. Epi toujou pipi anvan w ale dòmi. Pipi ki rete nan blad pipi w ka lakoz enfeksyon. Eseye pipi anvan epi apre sèks tou.
-
Pratike bon ijèn pèsonèl. Siye tèt ou devan ale dèyè apre w fin itilize twalèt. Sa ap ede anpeche bakteri antre nan irèt la.
-
Sèvi ak kapòt lè w ap fè bagay. Yo anpeche w trape UTI akoz bakteri moun trape nan fè bagay. Epitou pa sèvi ak espèmisid lè w ap fè bagay. Sa yo ka ogmante risk pou w fè UTI. Chwazi lòt fòm plànin pito. Pou fi ki gen tandans pran UTI apre yo fin fè bagay yo, yo ka itilize yon dòz antibyotik fèb kòm prevansyon. Asire w ou pale de opsyon sa a ak founisè swen sante w la.
-
Eseye sipleman olistik tankou konprime cranberry ak D-mannoz. Sa yo ka ede w evite UTI.
-
Eseye estwojèn topik pou vajen. Ou ka itilize l pou w evite fè UTI si ou gentan nan menopoz.
Suivi pou swen yo
Fè suivi ak founisè swen sante w la jan yo rekòmande a. Li ka fè w fè tès pou l asire l enfeksyon an disparèt. Si sa nesesè, yo ka kòmanse yon lòt tretman.
Kilè pou w chache konsèy medikal
Rele founisè swen sante w la touswit si nenpòt nan bagay sa yo rive:
-
Pipi souvan
-
Doulè oswa kànal boule lè w ap pipi
-
Yon fyèv 100,4°F (38°C) oswa pi wo, oswa jan founisè swen sante w la di w
-
Pipi nwa, twoub, oswa wouj. Sa a ka vle di pipi a gen san ladan l.
-
Pipi a gen move sant
-
Santi doulè menm lè w p ap pipi
-
Fatig
-
Doulè nan vant anba lonbrit la, oswa nan do w oswa sou kote w, anba kòt yo
-
Anvi vomi oswa vomisman
-
Gen yon gwo anvi pou w pipi, men se sèlman yon ti kantite pipi ki soti
-
Presyon enkonfòtab anlè zo pibyen an
-
Santi w twouble oswa ou fatige anpil (pou granmoun ki gen anpil laj yo)
Date Last Reviewed:
5/1/2020
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.