Doulè Abdominal
Nou konprann kesyon jan an se yon domèn ki laj. Nou ka itilize tèm ki gen rapò ak jan pou nou pale sou ànatomi ak risk sante. Tanpri itilize enfòmasyon sa yo nan fason k ap pi bon pou oumenm ak pou founisè w la lè n ap pale de swen ou yo.
Doulè Abdominal vle di doulè nan zòn vant la oswa nan lestomak la. Tout moun konn santi doulè sa yon lè. Nan anpil ka li pase pou kont li. Kèk nan doulè abdominal yo ka se yon pwoblèm ki grav ki bay yo. Youn nan egzanp yo se apenndisit. Donk li enpòtan pou ou konnen ki lè pou ou chache èd.

Koz doulè abdominal yo
Gen anpil bagay ki lakoz doulè abdominal. Koz nou plis jwenn pou granmoun yo se:
-
Konstipasyon, dyare, oswa gaz
-
Enflamasyon lestomak ak entesten an akoz yon viris oswa yon bakteri (gastwo anterit)
-
Asid gastrik la k ap remonte nan gòj ou (refli asid)
-
Refli asid grav, yo rele maladi gastwoezofajyen (gastroesophageal reflux disease, GERD)
-
Yon doulè nan doubli lestomak la oswa ti entesten an (ilsè peptik)
-
Enflamasyon vezikil bilyè a, fwa a, oswa pankreya a
-
Pyè nan ren
-
Apenndisit
-
Blokaj entestinal
-
Yon ògan ki ap peze yon mis oswa yon lòt tisi (èni)
-
Enfeksyon irinè
-
Kranp lè w gen règ ou
-
Fibwòm nan matris
-
Kis nan ovè
-
Maladi pelvyen anfle lakay fi
-
Andometriyoz
-
Maladi Crohn
-
Rektokolit emorajik
-
Sendwom entesten irite
Dyagnostike koz doulè abdominal la
Founisè swen sante ou a ap fè w fè yon egzamen fizik. Sa a se pou yo ka jwenn kisa ki lakoz doulè ou genyen an. Si li nesesè, w ap gen tès pou w fè. Vant fè mal gen anpil koz posib. Sa ka pran yon ti tan pou yo jwenn sa ki koz ou gen doulè a. Bay detay sou kalite doulè ou santi a. Di founisè w si li fò oswa anba anba. Di l ki kote ak kilè ou santi doulè a. Di l kisa ki fè li mye oswa ki fè li vin pi mal. Epi di l si ou gen lòt sentom tankou:
Di founisè w la:
-
Si ou gen moun nan fanmi w ki gen pwoblèm lestomak oswa pwoblèm entesten oswa kansè, nan fanmi w
-
Konsènan jan ou itilize alkòl ak jan ou itilize nenpòt dwòg ilegal
-
Tout medikaman ou pran, ni sa yo preskri w ni sa ou pran san preskripsyon
-
Ki vitamin, remèd fèy, ak lòt sipleman ou pran
Trete doulè abdominal
Kèk koz doulè konn nesesite tretman medikal an ijans touswit. Tankou apenndisit oswa blokaj entestinal. Gen lòt pwoblèm ki ka trete ak repo, likid, oswa medikaman. Founisè swen sante w la kapab ba ou enstriksyon. Ou ka bezwen tretman oswa swen pou tèt ou dapre sa ki lakòz doulè ou a.
Si w ap vomi oswa gen dyare, bwè dlo oswa lòt likid klè. Lè ou ka manje manje ki solid ankò, kòmanse ak ti kantite. Manje ti kantite manje ki fasil pou dijere epi ki pa gen anpil grès. Tankou, konpòt pòm, pen griye, oswa bonbon sèl.
Rele 911
Rele 911 touswit si ou:
-
Ou pa ka twalèt epi ou ap vomi
-
Ap vomi san
-
Ap dyare san oswa dyare tou nwa, tankou goudwon
-
Ou gen doulè nan pwatrin ou, nan kou w, oswa nan zepòl ou
-
Ou santi tankou w ap dekonpoze (endispoze)
-
Ou gen doulè nan omoplat ou epi ou anvi vomi
-
Ou gen gwo vant fè mal, sanzatann
-
Ou gen nouvo doulè ki pi di pase sa ou te konn santi anvan an
-
Ou gen vant balonnen, ki di, e ki fè ou mal si yo touche li
Kilè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante ou a imedyatman si w gen nenpòt nan sa yo:
-
Doulè ki vin pi mal oswa ki pa soulaje
-
Balonnman ki vin pi mal oswa ki pa soulaje
-
Dyare ki vin pi mal oswa ki pa soulaje
-
Lafyèv 100,4°F (38°C) oswa pi wo, oswa jan yo endike sa a
-
Pèt pwa san okenn rezon
-
Kontinye pèdi apeti
-
San nan twalèt ou
Kijan pou w evite doulè abdominal
Men kèk pratik pou ede ou evite doulè abdominal:
-
Manje ti kantite manje pandan chak repa.
-
Pa manje grès, bagay fri, oswa manje ki gen anpil grès.
-
Pa manje manje ki ap ba ou gaz.
-
Fè egzèsis regilyèman.
-
Bwè anpil likid.
Pou ede ou evite sentom yo:
-
Sispann fimen.
-
Redui sou kantite alkòl ak manje ki ogmante asid nan lestomak ou.
-
Pa pran aspirin oswa medikaman anti enflamatwa ki pa estewoyid (nonsteroidal anti-inflammatory drugs, NSAID) yo.
-
Pèdi pwa an plis.
-
Fin manje omwen 2 èdtan anvan ou ale nan kabann ou oswa anvan w al kouche.
-
Mete tèt ou wo sou kabann ou.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.