Related Reading
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Bilan sante bebe a: 9 mwa

Nan bilan 9 mwa a, founisè swen an ap ekzamine ti bebe ou a epi li ap mande w kijan sa ye nan kay la. Papye sa ap dekri kèk nan sa w ka atann.

Devlopman ak etap enpòtan

Founisè swen an ap poze kesyon sou ti bebe ou a. Li ap gade bebe ou a pou l gen yon ide de devlopman ti bebe ou a. Pandan vizit sa, li pwobab pou ti bebe ou a ka fè kèk nan sa yo:

  • Li konprann ''non''

  • Li itilize dwèt li pou l lonje sou bagay yo

  • Li fè diferans ant kèk son

  • Li chitan san sipò

  • Li kanpe, li ret kanpe

  • Li manje pou kont li

  • Li retire bagay yo nan yon men mete nan lòt men l

  • Li chache yon jwèt li te jete

  • Li rale

  • Li souke epi li bay men l

  • Li ap deplase anndan an pandan li kenbe chèz oubyen nenpòt lòt mèb (yo rele aksyon sa "cruising" an anglè ki vle di "kenbe")

  • Li fache lè yon paran li ale, oubyen li anksye lè l kote moun li pa konnen

Konsèy alimantasyon

Yon bebe ki nan yon chèz wo ak yon gode, ki ap pran manje ak dwèt li.
Nan laj 9 mwa, pi fò manje bebe w la se ap manje li ka pran a men l.

Nan 9 mwa, manje bebe w la ka tankou manje pou manje a men, ak sereyal diri ak manje ki lejè (gade anba a). Kwasans lan ka ralanti epi bebe w la kòmanse sanble pi mens ak pi mèg. Sa nòmal. Sa pa vle di bebe a pa manje ase. Pou w ede ti bebe ou a byen manje:

  • Kite timoun ou an sispann manje si vant li plen. Pandan l ap manje, ou ka di vant bebe w la plen si li kòmanse manje pi dousman oubyen l tire kiyè lòtbò.

  • Bebe w la dwe manje bagay solid 3 pa jou epi li bwè tete oubyen sa w te konn ba li a 4 a 5 fwa pa jou. Kòm bebe w la ap manje plis bagay solid, li ap bezwen mwens tete oubyen lèt ou te konn ba li a. Nan laj 12 mwa, pi fò nitrisyon bebe a ap soti nan bagay solid.

  • Kòmanse ba li dlo nan t gode. Sa se yon ti gode bebe ki gen manch ak kouvèti. Yon gode poko ap ranplase yon bibwon, men se bon laj pou l kòmanse itilize l.

  • Poko bay ti bebe w la bwè lèt bèf. Pa gen pwoblèm pou w ba li lòt manje yo, tankou yogout ak fwomaj. Sa yo dwe pwodui gra (pa pwodui ki pa gra).

  • Rete konsyan manje tankou siwo myèl pa nouri bebe ki pi piti pase 12 mwa yo. Nan pase, yo te konn konseye paran yo pou yo pa bay bebe yo manje ki ka deklanche reyaksyon alèjik yo. Men kounye a espè yo panse manje sa yo pi bonè ka ede diminye risk pou bebe yo devlope alèji a Si w gen kesyon poze founisè swen sante timoun ou an yo. 

  • Mande founisè swen an si ti bebe w la bezwen pran sipleman fliyorid.

Konsèy pou sante

  • Si w wè yon chanjman nan twalèt oubyen pipi ti bebe w la, pale sa ak founisè swen an. Mete nan tèt ou twalèt timoun nan ap chanje, selon sa w bay bebe w la manje.

  • Mande founisè swen sante a kilè timoun ou an dwe al kay dantis pou premye fwa. Pi fò dantis timoun yo rekòmande pou premye vizit la fèt tousuit aprè premye dan an pouse. Timoun ou an pa ko bezwen swen dan kounye a, men yon vizit kay dantis byen bonè ap pèmèt li gen dan ki an sante pandan lontan.

Konsèy pou somèy

A 9 mwa laj, bebe w la ap je klè pandan pi fò jounen an. Li ka fè syès youn oubyen de fwa, pou yon total anviwo 1 a 3 è chak jou. Bebe a dwe dòmi anviwon 8 a 10 somèy chak swa. Si timoun ou an dòmi plis oubyen dòmi mwens pase sa men li sanble an sante, pa gen yon pwoblèm. Pou w ede ti bebe ou a dòmi:

  • Bay timoun nan abitid fè menm bagay la chak swa anvan li ale nan kabann. Lè w gen yon woutin sa ede ti bebe ou a ap aprann lè moman pou l al dòmi. Pa ekzanp, woutin lè kabann ou ka yon beny, apre sa li manje, apre sa ou mete l kouche pou l dòmi. Ou dwe eseye rete a menm lè pou li al dòmi an chak swa.

  • Pa mete bebe w la nan bèso ak yon bibwon oubyen yon ti gode.

  • Rete konsyan menm ti bebe ki renmen dòmi yo ka kòmanse gen difikilte pou yo dòmi nan laj sa. Se pa yon pwoblèm pou w mete bebe a kouche nan bèso a si li pa p dòmi epi w kite l kriye jiskaske li dòmi. Mande founisè swen sante a pandan konbyen tan w ta dwe kite bebe w la kriye.

Konsèy pou sekirite

Kòm timoun ou an mache plis, li enpòtan pou w toujou ap siveye li. Toujou rete konsyan de sa timoun ou an ap fè. Yon aksidan ka rive nan yon bat je. Pou w kenbe ti bebe w la an sekirite: 

  • Si w poko fè sa, mete kay la an sekirite pou timoun nan. Si ti bebe w la ap rale founiti oubyen ap pouse yo (li ap mache pandan li kenbe kèk bagay), asire w gwo bagay tankou kabinèt yo ak televizyon byen mare atè oubyen yo an sekirite nan mi an. Sinon timoun nan ka rale yo tonbe sou tèt li. Retire tout sa ki kapab blese timoun ou an kote timoun nan ka rive. Rete konsyan de bagay tankou nap ak kòd ti bebe w la ka rale. Tcheke sekirite tout kote bebe w la pase tan.

  • Pa kite ti bebe w la jwenn sa ki piti ase ki ka toufe l. Tankou, jwèt, manje, ak bagay timoun nan ka jwenn atè a pandan li ap rale. Kòm nou konnen, yon bagay ki piti ase pou l rete nan tib yon papye twalèt ka lakoz timoun nan toufe.

  • Pa kite ti bebe w la sou yon sifas ki wo, tankou tab, kabann, oubyen kanape. Li ka tonbe epi li ka blese. Sa menm pi pwobab lè bebe w la konnen kijan pou li vire.

  • Lè w nan machin, bebe a dwe nan yon syèj ki gade pa dèyè nan chèz machin nan. Bebe ak timoun piti ta dwe nan yon syèj ki gade pa dèyè otan sa posib. Sa vle di jiskaske yo gen tay oubyen pwa pou yo chita nan machin nan.  Suiv enstriksyon ki nan chèz yo. Sa ki plis ka transfòmab yo gen pwa ak tay limit pou timoun nan chita nan syèj ki gade pa dèyè a pandan 2 an oubyen plis.

  • Kite nimewo nan ka anpwazònman sa yon kote ki fasil pou w wè l, tankou sou frijidè a: 800-222-1222. 

Vaksen

Sou rekòmandasyon CDC, nan vizit sa y ap bay timoun ou an vaksen sa yo:

  • Epatit B

  • Polyo

  • Grip

Fè ti bagay li ka pase nan bouch li a men l tounen yon repa

Timoun 9 mwa w la ap manje bagay solid depi kèk mwa. Si w pa ko fè sa, li lè pou w kòmanse ba li bagay pou li pase nan bouch li. Gen manje bebe a ka pran epi manje l san èd ou. (Ou dwe toujou ap sipèvize l!) Prèske tout manje yo ka tounen bagay pou timoun nan manje a men, toutotan yo koupe l an ti moso piti. Men kèk ti konsèy:

  • Eseye ti moso, fwi ak legim tankou bannann, pèch, oubyen zaboka.

  • Bay bebe a yon men plen sereyal ki pa dous oubyen kèk branch espageti.

  • Koupe fwomaj oubyen pen mou an ti kawo. Li ka difisil pou l manje oubyen vale gwo moso yo epi yo ka lakoz bebe a toufe.

  • Kuit legim, tankou kawòt, pou w ka fè l vin mou.

  • Pa bay bebe w la okenn manje ki ka lakoz li toufe. Sa konn rive ak manje ki gen tay ak fòm gòj timoun nan. Tankou moso òtdòg ak sosis, sirèt ki di yo, nwa, grenn rezen antye, ak legim kri. Mande founisè swen sante li a ki manje li dwe evite.

  • Prepare kote pou bebe a ka manje ak rès fanmi an regilyèman, nan chèz wo li a. Sa ka yon kwen nan kizin nan oubyen yon espas sou tab la. Ba li ti moso byen koupe nan menm manje rès fanmi an ap manje a (sa ki apwopriye).

  • Si w gen kesyon sou tip manje oubyen ti moso yo, pale de sa ak founisè swen sante a.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer