Tchèkòp timoun: 18 Mwa
Pandan tchèkòp 18 mwa a, founisè swen sante a ap egzamine timoun ou an epi li ap mande w kijan sa ye lakay ou. Fèy sa a ap dekri kèk eleman ou ka atann ak yo.
Devlopman ak etap enpòtan
Founisè swen sante a ap poze w kesyon sou timoun ou an. L ap obsève ti pitit ou a pou l ka gen yon lide sou devlopman l. Nan vizit sa a, pifò timoun fè bagay sa yo:
-
Lonje dwèt pou l montre w yon bagay ki enteresan
-
Lonje men l ba ou pou w ka lave yo pou li
-
Eseye di 3 oswa plis mo apa de "manman" oswa "papa"
-
Eseye itilize yon kiyè
-
Bwè nan yon goblè san kouvèti (pafwa li ka jete sa ki ladan l lan)
-
Swiv lòd ki gen 1 etap (tankou "silteplè pote yon jwèt pou mwen")
-
Mache san li pa kenbe pèsòn ni anyen
-
Fè madjigridji
-
Imite w lè w ap fè kèk travay, tankou lè w ap bale
-
Gade kèk paj liv ansanm avè w
Konsèy pou alimantasyon
Ou ka remake pitit ou a vin pi egzijan nan sa l ap manje. Sa a nòmal. Kantite manje pitit ou a manje pandan yon repa oswa pandan yon sèl jou a mwens enpòtan pase abitid manje li devlope sou plizyè jou oswa plizyè semèn. Li nòmal tou pou yon timoun nan laj sa a megri epi parèt pi mens, depi li pa pèdi pwa. Si w enkyete w pou pwa oswa pou abitid manje pitit ou a, pale sou sa yo ak founisè swen sante a. Men kèk konsèy pou alimantasyon pitit ou a:
-
Kontinye ba li yon varyete manje ki ka manje ak men nan lè manje a. Pa sispann ba li nouvo manje. Souvan sa konn pran plizyè esè anvan yon timoun kòmanse renmen yon nouvo gou.
-
Si timoun ou an grangou anvan lè manje a, ba li manje ki sen. Moso fwi ak legim, fwomaj, manba, ak bonbon sèl se yon bon chwa. Sere ti goute tankou chiko oswa bonbon, pou yon okazyon espesyal.
-
Pitit ou a ka prefere manje ti kantite manje souvan pandan tout jounen an olye li chita pou l manje yon sèl kou. Sa a nòmal.
-
Pa fòse pitit ou a manje. Yon timoun nan laj sa ap manje lè l grangou. Gen jou l ap petèt manje plis pase kèk lòt jou.
-
Pitit ou a ta dwe bwè mwens lèt antye chak jou. Pifò kalori yo dwe soti nan manje solid.
-
An plis de lèt, dlo se pi bon bwason an. Limite ji fwi yo. Li dwe 100% ji. Ou kapab ajoute dlo nan ji a tou. Epi pa bay timoun piti ou an gazez.
-
Pa kite pitit ou a mache ak manje ni ak bibwon. Sa a se yon risk pou l toufe epi sa a ka debouche tou sou manje twòp pandan pitit ou a ap grandi.
Konsèy pou ijyèn
-
Bwose dan timoun ou an omwen yon fwa pa jou. De fwa pa jou se ideyal la, tankou apre manje maten ak anvan l al dòmi. Itilize yon ti kras kantite pat, pa pi gwo pase yon grenn diri. Itilize yon bwòs dan bebe ki gen pay ki mou.
-
Mande founisè swen sante a kilè timoun ou an dwe al kay dantis pou premye fwa. Pifò dantis pedyatrik rekòmande pou premye vizit dantè a fèt nan espas 6 mwa apre premye dan an te fin pouse nan jansiv yo, men pa pi ta aprè premye anivèsè nesans timoun lan.
-
Kèk timoun ap kòmanse montre yo pare pou yo aprann rete pwòp depi sou 18 a 24 mwa. Siy ki di yo pare yo gen ladan yo:
-
Kapab mache poukont li
-
Fè plis tan san l pa sal kò l (plis ka kontwole blad pipi l ak lè l gen poupou)
-
Vin pi pa alèz ak yon daypè sal sou li
-
Kapab di w lè l gen twalèt oswa pipi
-
Kapab suiv lòd ki senp yo (lè l prèske gen 24 mwa)
Konsèy pou somèy
A 18 mwa, pitit ou a ka fè syès 1 sèl fwa epi li gendwa dòmi apeprè 10 a 12 èdtan nan nuit. Si li dòmi plis oswa si li dòmi mwens pase sa a men li sanble an sante, se pa yon pwoblèm. Pou w ede timoun ou an dòmi:
-
Veye pou pitit ou a fè ase aktivite fizik pandan jounen an. Sa ap ede pitit ou a byen dòmi. Pale ak founisè swen sante a si w bezwen kèk ide sou kalite jwèt aktif yo.
-
Kenbe yon woutin lè pou l al dòmi, tankou bwose dan l epi apre sa a li yon liv. Eseye kenbe menm lè a pou l al dòmi chak swa.
-
Pa mete l kouche ak okenn bagay pou l bwè bò kote l.
-
Si ou mal pou w fè pitit ou a dòmi leswa, mande founisè swen sante a konsèy.
Konsèy pou sekirite
 |
Mete vewou nan pòt plaka yo pou w kenbe pitit ou a an sekirite. |
Rekòmandasyon pou w ka kenbe pitit ou a an sekirite yo gen ladan yo:
-
Pa kite pitit ou a jwe deyò san siveyans. Aprann li fè atansyon a machin yo. Pitit ou a dwe toujou kenbe men yon granmoun lè l ap travèse lari oswa lè l nan yon pakin.
-
Pwoteje ti pitit ou a pou l pa tonbe pandan w ap enstale ekran solid nan fenèt yo epi enstale ti baryè anlè ak anba eskalye yo. Siveye timoun nan nan eskalye yo.
-
Si ou gen yon pisin, li dwe bare. Baryè oswa pòt pou moun ale nan pisin nan dwe fèmen epi lòk. Pa janm kite pitit ou a poukont li toupre nenpòt bagay ki gen dlo a. Tankou bennwa ak bokit dlo.
-
Nan laj sa a, timoun kirye anpil. Li pwobab pou yo manyen bagay ki danjere. Mete takèt nan amwa yo. Sere pwodui tankou pwodui netwayaj yo ak medikaman yo nan plaka ki gen kle, kote yo pa ka wè yo ni jwenn yo. Bouche priz yo p ap itilize yo. Sekirize tout mèb yo.
-
Veye ti bagay ki piti ase pou toufe l yo. Jan nou konnen l deja, yon bagay ki piti ase pou l pase nan woulo yon papye twalèt ka lakoz timoun nan toufe.
-
Lè w nan machin, toujou mete timoun ou an nan yon chèz machin pou timoun nan chèz dèyè a. Bebe ak timoun piti yo dwe nan yon chèz machin pou timoun ki bay fas pa dèyè pandan plis tan posib. Sa a vle di jiskaske li wotè l oswa pwa l rive nan limit yo mande pou chèz la. Verifye enstriksyon ki nan chèz yo. Anpil nan chèz sekirite ou ka konvèti yo gen yon limit pou pwa ak wotè ki pèmèt timoun nan chita epi pou fas li bay sou dèyè pandan 2 làne oswa plis.
-
Aprann timoun ou an pou l janti epi pridan ak chen, chat, epi lòt bèt. Toujou siveye pitit ou a lè l bò kote bèt, menm si se yon bèt nan kay la ou abitye.
-
Kite timoun ou an lwen bagay ki cho. Pa kite likid cho sou tab yo kote timoun nan ka jwenn yo oswa sou tab ki gen nap timoun nan ka rale.
-
Si ou gen yon zam, toujou ranje l yon kote ki gen kle, san l pa chaje epi yon kote timoun ou an p ap ka rive jwenn li.
-
Konsève nimewo telefòn Poison Control la yon kote ki fasil pou wè, pa egzanp sou frijidè a: 800-222-1222.
-
Limite tan l ap pase devan ekran an. Li pa rekòmande pou timoun ki pa ko gen 2 làne pase tan devan ekran (televizyon, tablèt, telefòn). Limite kantite tan l ap pase devan yon ekran nan apèl videyo ak moun ou renmen yo.
Vaksen
Sou rekòmandasyon CDC a, nan vizit sa y ap bay timoun ou an vaksen sa yo:
Pare pou “dezan tèrib yo”
Ou petèt tande istwa sou “dezan tèrib yo.” Anpil timoun vin pi tèrib epi yo vin pi difisil pou w jere yo nan anviwon laj 2 làne. An reyalite, ou te petèt kòmanse remake chanjman nan konpòtman l deja. Men kèk bagay ou ka atann ak yo, ak konsèy pou w fè fas ak yo:
-
Pitit ou a ap vin pi endepandan epi pi tèt di. Li kouran pou l teste limit li, pou l wè jis ki kote li ka rive. W ap petèt tande mo "non" an anpil, menm lè timoun nan sanble vle di wi! Ou dwe klè epi koyeran. Sonje se ou ki se paran an, epi se ou ki fikse règ yo. Sonje, se ou ki granmoun nan, kidonk eseye kenbe yon tanperaman kalm menm lè pitit ou a ap fè kolè.
-
Sa se yon laj kote timoun yo souvan pa gen mo pou yo mande sa yo vle. Olye de sa, yo ka reponn ak fristrasyon. Pitit ou a ka plenyen, kriye, rele sou moun, bay kout pye, mòde oswa frape moun. Tou depan de pèsonalite timoun nan, kriz kolè yo ka ra oswa frekan. Kriz kòlè yo rive mwens lè timoun yo aprann kijan pou yo sèvi ak mo pou yo eksprime yo. Laplipa kriz kolè yo dire sèlman kèk minit. Si kriz kòlè pitit ou a dire pi lontan pase sa a, pale ak founisè swen sante a.
-
Fè tout mwayen posib pou w inyore yon kriz kolè. Verifye si timoun nan yon kote ki san danje epi voye je sou li. Men, pa fè anyen toutotan kolè a pa fini. Lè w fè sa a, ou aprann timoun nan kolè pa yon fason pou l jwenn atansyon. Souvan, deplase pitit ou a mete nan yon kote ki prive, lwen atansyon lòt moun, ap ede rezoud kriz kolè l la.
-
Rete kalm epi eseye pa fache. Sonje, se ou ki granmoun nan. Ba li yon bon egzanp sou fason pou l konpòte l lè l fristre. Pa janm frape ni rele sou pitit ou a pandan oswa apre yon kriz kolè.
-
Lè ou vle pitit ou a sispann fè sa l ap fè a, eseye distrè l ak yon nouvo aktivite oswa yon nouvo bagay. Ou ka pran timoun nan tou epi w al yon lòt kote ak li.
-
Chwazi batay ou yo. Se pa tout bagay ki merite pou w batay. Yon pwoblèm pi enpòtan si sante oswa sekirite pitit ou a oswa pa yon lòt timoun an danje.
-
Pale ak founisè swen sante a pou w jwenn lòt konsèy sou fason pou w fè fas ak konpòtman pitit ou a.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.