Ensifizans Kadyak ak Depresyon
Ensifizans kadyak se yon pwoblèm sante (kwonik). Ensifizans kadyak pa vle di kè w sispann travay. Li vle di kè w pa ponpe san an jan li ta dwe. Li ap lakoz pwoblèm nan anpil pati nan kò a. Gen kèk moun ki gen plis pase yon sèl pwoblèm sante alafwa. Si yo dyagnostike ou gen ensifizans kadyak, ou ka gen depresyon tou.
Si ou santi w pa gen moral pi fò jou yo oubyen ou gen pwoblèm apeti oubyen dòmi, ou ka gen depresyon. Depresyon se yon maladi ki vrè e serye menm jan ak ensifizans kadyak la. Li fè w santi w tris e san sekou. Li deranje lavi w ak relasyon w yo. Li entèfere ak abilite w pou w panse ak aji. Tretman ka ede w amelyore sentom yo. Lè depresyon an anba kontwòl, tout sante w ka amelyore tou.

Kijan ensifizans kadyak ogmante risk pou w fè depresyon?
Yon moun ki gen ensifizans kadyak gen gwo risk pou li fè depresyon. E yon moun ki gen depresyon gen gwo risk pou l gen ensifizans kadyak. Youn devlope risk pou gen lòt la. Nou pa fin konprann lyen ki gen ant yo de a. Jere ensifizans kadyak ka mande anpil efò. Sa ka afekte jan w santi w. Kèk medikaman ka chanje imè w, tou. Anpil nan konpòtman ki souvan mache ak depresyon, tankou fimen ak bwè alkòl, se faktè risk pou tout maladi nan kè. Pou moun ki gen ensifizans kadyak, depresyon an ka ogmante risk kriz kadyak oubyen pou san an gen kayo.
Sentom yo
Anpil nan sentom ensifizans kadyak yo ka sanble ak sentom depresyon an. Li ka difisil pou di ki sa ki mennen lòt la. Li nòmal pou ou santi w tris oubyen irite aprè yo dyagnostike w gen ensifizans kadyak, men si emosyon sa yo dire plis pase 2 semèn, ka se depresyon ki lakoz. Siy depresyon yo ka:
-
Mank enterè nan aktivite w yo
-
Ou gen imè depresif oubyen ou irite
-
Chanjman nan abitid somèy ou
-
Chanjman nan apeti ou
-
Ou gen santiman kilpabilite oubyen dezespwa
-
Mank enèji
-
Ou gen pwoblèm konsantrasyon
-
Ou panse ak suisid
Rele 911
Si sentom anba yo vin anpire, rele founisè swen sante w la oubyen 911 tou suit. Yo kapab se siy ensifizans kadyak.
-
Souf kout ou a vin ogmante
-
Ou pran pwa san rezon
-
Ogmantasyon tous ou a, ou sifle pandan w a respire, oubyen ou fè tou de
-
Ou gen doulè nan lestomak, tèt vire, oubyen konfizyon
-
Batman kè w rapid oubyen li iregilye
-
Fatig ou a ak feblès ou a anpire
-
Ou gen gonfleman nan pye w, janm ou, je pye w anpire
Dyagnostik depresyon
Pa gen ekzamen fizik pou depresyon. Men si w gen sentom depresyon yo pandan jounen an, chak jou, pandan plis pase 2 semèn, kontakte founisè swen sante w la. Sa espesyalman enpòtan si:
-
Ou gen sentom depresyon ki pa amelyore
-
Ou ap panse a fè tèt ou mal oubyen suisid
-
Imè w afekte travay ou, relasyon w yo ak zanmi, fanmi w, oubyen enterè ou yo
Tretman pou ensifizans kadyak ak depresyon
Depresyon se yon pwoblèm sante (kwonik). Men trete depresyon ka ede w santi w byen oubyen amelyore kalite lavi w. Gen anpil opsyon tretman ki ka soulaje sentom ou yo ak ede w rete motive pou amelyore sante kè ou. Sentom depresyon yo ka disparèt pandan yo kontwole ensifizans kadyak la. Founisè swen sante w la ap travay ak ou pou fe yon plan tretman ki ap genyen:
-
Medikaman pou ede w trete sentom depresyon an
-
Pale ak yon terapet (sikoterapi)
-
CBT (terapi koyitif konpòtman)
-
Soutyen zanmi, fanmi
-
Fè ekzèsis regilyèman
-
Pwogram dezentoksikasyon (reyabilitasyon) kadyak