Kontwole Tansyon Wo
Yo souvan rele Tansyon Wo (ipètansyon) tiyè silansye a. Se paske anpil moun ki genyen l, pa konn sa. Li ka trè danjere. Tansyon wo ka ogmante risk pou w fè kriz kadyak, estwòk, maladi kè, epi ensifizans kadyak. Kontwole tansyon ou ka diminye risk pou pwoblèm sa yo. Li enpòtan pou w pran tansyon ou regilyèman. Sa ka sove lavi w.
Yo mezire tansyon an ak 2 nimewo. Tansyon sistolik la se nimewo ki anwo a. Se presyon lè kè a kontrakte a. Tansyon dyastolik la se nimewo ki anba a. Presyon sa se lè kè a detann li ant batman yo.
Yo groupe tansyon konsa:
-
Tansyon nòmal. Se lè tansyon sistolik lan mwens pase 120 ak tansyon dyastolik lan mwens pase 80
-
Tansyon wo. Se lè tansyon sistolik lan ant 120 a 129 ak tansyon dyastolik lan mwens pase 80.
-
Etap 1 tansyon wo. Se lè tansyon sistolik lan ant 130 a 139 oswa tansyon dyastolik la ant 80 rive 89.
-
Etap 2 tansyon wo. Se lè tansyon sistolik lan 140 oswa pi wo oswa tansyon dyastolik la 90 oswa pi wo.
Viv yon bon fason pou kè a ka ede w kontwole tansyon san medikaman. Pi ba a wap jwenn kèk bagay ou ka fè pou w ka viv yon bon fason pou kè w.

Manje manje ki sen pou kè a
-
Chwazi manje ki pa gen anpil sèl, ki pa gen anil grès. Limite sodyòm ou a 2,300 mg pa jou oswa kantite sa founisè swen sante w la konseye w.
-
Limite manje nan bwat, seche, nan pake, ak fasfoud yo. Sa yo ka gen anpil sèl.
-
Manje 8 a 10 pòsyon fwi ak legim chak jou.
-
Chwazi vyann mèg, pwason, oswa poul.
-
Manje pat ki fèt ak grenn antye, diri mawon, ak pwa.
-
Manje 2 a 3 pòsyon pwodwi letye ki pa gen anpil grès oswa ki pa gen grès ditou.
-
Mande founisè swen sante w la enfòmasyon sou plan manje DASH la. Plan sa a ede w diminye tansyon.
-
Lè ou ale nan yon restoran, mande pou yo fè plat ou a san yo pa ajoute sèl.
Rete nan yon pwa ki bon pou sante w
-
Mande founisè swen sante w la konbyen kalori pou w manje pa jou. Epi rete atache ak kantite sa.
-
Mande founisè swen sante w la ki entèval pwa k ap bon pou sante w. Si w twò gwo, pèdi sèlman 3% a 5% nan pwa kò ou ka ede w bese tansyon w. Yon bon objektif pou w pèdi pwa se pèdi 10% nan pwa kò ou nan yon ane.
-
Limite ti goute ak bagay dous.
-
Fè egzèsis regilyèman.
Vin pi aktif
-
Jwenn aktivite ou renmen. Ou ka fè yo pou kò w oswa avèk zanmi oubyen fanmi. Eseye monte bisiklèt, danse, mache oswa djògin.
-
Pake pi lwen antre bilding lan pou w ka mache plis.
-
Itilize eskalye nan plas asansè.
-
Lè ou kapab, mache oswa monte bisiklèt olye w kondui.
-
Sanble fèy ak rato, fè jaden, oswa fè reparasyon nan kay la.
-
Ret aktif ak yon nivo aktivite fizik modere a difisil pou pi piti 30 minit pa jou pandan omwen 5 jou pa semèn.
Jere estrès
-
Pran tan pou w relakse w epi jwi lavi. Jwenn tan pou ri.
-
Pale sou enkyetid ou yo ak moun ou renmen yo ak founisè swen sante ou.
-
Vizite fanmi w ak zanmi w epi kontinye gen yon pastan.
Pa konsome oswa limite kantite alkòl ou ap bwè epi sispann fimen
-
Gason pa ta dwe bwè plis pase 2 bwason pa jou.
-
Fi pa ta dwe bwè plis pase 1 bwason pa jou.
-
Si w fimen, pran mezi pou w sispann. Pale ak founisè swen sante w la pou ede w. Fimen ogmante anpil risk pou w fè maladi kè ak estwòk. Mande founisè w la enfòmasyon sou pwogram sispann-fimen an (stop-smoking) ak lòt sipò yo.
Jwenn bon kalite somèy ase
Medikaman tansyon
Si chanjman nan fason w ap viv pa ase, founisè swen sante w la ka preskri medikaman pou tansyon wo. Pran tout medikaman yo jan yo preskri w la. Si w gen nenpòt kesyon sou medikaman w yo, mande founisè w la anvan w sispann oswa chanje yo.
Fason pwoblèm ou jwenn chak jou yo afekte sante w
Anpil bagay nan lavi chak jou w gen enpak sou sante w. Se kapab transpò, pwoblèm lajan, lojman, aksè pou jwenn manje, ak pran swen timoun. Si ou pa kapab ale nan randevou medikal ou yo, ou ka pa resevwa swen ou bezwen an. Lè pa gen ase lajan, li ka difisil pou w peye medikaman. Epi rete lwen yon makèt ka fè li difisil pou w achte manje ki sen.
Si ou gen enkyetid pou youn nan domèn sa yo oswa nan lòt, pale sa a ak ekip k ap ba w swen an. Yo ka konnen resous lokal ki ka ede w. Oswa yo ka gen yon manm nan pèsonèl la ki ka ede w.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.