Related Reading
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Kisa ki andometriyoz la?

Andometriyoz la se yon pwoblजèm ki afekte ògàn repwodiktè w yo ak sik manstriyèl ou. Sa ka ba w kranp ak doulè lè w gen règ ou. Oubyen ou ka genyen doulè pèlvyen pandan tout mwa a. Si w gen pwoblèm sa epi li pa trete, sa ka afekte sante w. Men si w dekouvri epi trete sa bonè, li ka jere.

Yon imaj sou kote an koup basen yon fanm ki montre iteris la ak mikez iteris la.
Andomèt la vlope iteris la. Li vin pin epè chak mwa pou l prepare l pou yon gwosès.
Yon imaj sou kote an koup basen fanm nan k ap montre zòn andometriyoz ki anfle yo.
Avèk andometriyoz la, tisi andometriyal la devlope pa deyò iteris ou.

Konprann andometriyoz la?

Avèk andometriyoz la tisi ki anndan iteris la kòmanse devlope kote l pat dwe. Tisi andometriyal sa ka devlope tou sou ovè yo, entesten yo, oubyen sou pawa basen w yo. Lè w gen règ, ou tisi anplis sa gonfle ak san Tisi a ka bay ti gout san tou piti tou. Gonfleman ak san ka irite tisi ki tou pre yo. Sa bay doulज è ak kranp. Iritasyon sa ka koze fòmasyon tisi sikatrisyèl. Tisi sikatrisyèl sa ka fè ògàn yo kole youn ak lòt. Sa ka lakoz pwoblèm pou tonbe ansent (enfètilite) tou. 

Sentom nou jwenn plis yo

Si w gen andometriyoz ou ka prezante youn oubyen plizyè nan sentom sa yo:

  • Kranp ak doulè lè w gen règ ou.

  • Doulè pèlvyen

  • Doulè lè w ap fè sèks

  • Doulè lè w ap twalèt.

  • Difikilte pou tonbe ansent (enfètilite)

Opsyon pou tretman

Tretman ka ede soulaje doulè a. Tretman ka ranje pwoblèm paka enfètilite a. Opsyon yo gen ladan yo terapi medikal, operasyon, oubyen tou de. Medikaman yo ka ede pou soulaje kèk nan sentom ou yo tou. Diskite ak doktè w sou opsyon sa yo.

Doulè nan sèks

Andometriyoz la ka lakoz doulè lè w ap fè sèks. Eseye pou w wè si gen kèk peryòd nan mwa lè w ap fè sèks li mwens fè w mal. Kèk pozisyon tou ka bay doulè. Chèche konn ki pozisyon ki fè w gen mwens doulè.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer