Konprann menopoz la
Menpoz la se lè ou pase 12 mwa youn dèyè lòt san w pa gen règ ou. Laj mwayen pou sa se anviwon 51 lane. Men li ka rive pandan moun nan pi jèn oubyen pi gran. Pandan mwa oubyen ane anvan menopoz la, kò w ap sibi anpil chanjman. Sa ka itil pou konprann chanjman sa yo epi kisa w ka fè pou sentom ki vini ak sa.

Sentom
Pafwa yo konn rele perimonopoz la tranzisyon menopoz la. Sa fèt nan mwa oubyen ane anvan menopoz la. Sa ka rive lè w rive nan mitan karantèn ou. Pandan tan sa yo nivo estwojèn ou yo monte, yo desann epi yo desann nèt. Se sa ki fè w ka petèt remake kèk nan sentom sa yo.
-
Peryòd manstriyèl la vin plis oubyen pi piti pase sa ki nòmal la
-
Peryòd manstriyèl pi lejè oubyen pi lou ke nòmal la.
-
Ogmantasyon sentom sendwom premanstriyèl yo (SPM).
-
Yon sansasyon chalè ki anvayi tout kò a
-
Swe nan nwit
-
Karaktè enstab
-
Sechrès vajinal avèk posib doulè lè wap fè sèks
-
Difikilte pou dòmi oubyen pou rete ap dòmi
-
Dimininisyon anvi fè sèks ak fonksyonnman ògàn seksyèl yo.
-
Pipi souvan
Li enpòtan pou w konnen ke w ka ansent jiska 12 mwa aprè dènye règ ou a. Mande doktè w la ki metòd kontrasepsyon w ka chwazi.
Kontwòl sentom yo
Doktè w la ka konseye w pilil yo oubyen yon dispozitif entraiteren (DIU) ki gen ladann òmòn pwojestewòn nan. Sa ka fè règ ou vin pi regilye epi evi seyen ki anplis yo. Si w prezante sentom ki gen pou koz yon bès to estwojèn yo, doktè w la ka konseye w pilil ki gen ladann estwojèn oubyen pwojestewòn. Se sa yo rele òmonoterapi a. Gen lòt medikaman sou òdonans ki ka ede kontwole kèk nan sentom yo, tankou sansasyon chalè ki anvayi tout kò a, karaktè enstab, ak sechrès vajinal la.
W ap jwenn lòt mwayen pou jere sentom yo anba a.
-
Yon sansasyon chalè ki anvayi tout kò a Mete kouvèti ke w ka retire. Eseye rad, dra, ak kouvèti ki an koton nèt. Mete yon vè dlo glase bò kabann ou an.
-
Doulè lè w ap fè sèks. Ou ka achte yon librifyan ki fèt ak dlo oubyen yon idratan vajinal nan famasi ki ka ede w. Doktè w la ka ba ou tou yon krèm ki fèt ak estwojèn pou vajen w.
-
Karaktè enstab. Pale avèk zanmi k ap viv menm chanjman yo ka ede pafwa.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.