Related Reading
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Konprann opresyon an

Opresyon se yon maladi nan poumon alontèm (kwonik). Li lakoz vwa respiratwa yo anfle epi sere(tib bwonchyal yo). Misk ki anviwonnen vwa respiratwa ou yo kòmanse vin sere. Lè vwa respiratwa w yo kòmanse retresi, lè a pa ka twò byen antre epi soti nan poumon w yo. Rim nan fè yon pil tou nan tout vwa respiratwa yo. Sa vin fè lè a pi difisil ankò pou l antre ak soti nan poumon w yo.

Ekspè yo poko konnen egzakteman sa ki lakoz opresyon an. Se ka yon melanj faktè ereditè ak anviwonnmantal ki lakoz li. Moun ki gen opresyon ka pa gen okenn sentom jiskaske yo ekspoze ak yon alèjèn oswa yon deklannchè.

Imaj fas yon nèg la k ap montre sistèm respirstwa a. Anka a (l'ancart) montre vwa respiratwa ki anfe yo.

Poumon ki an sante

Anndan poumon w yo gen vwa respiratwa ki ramifye sou fòm tisi ki ka detire. Gen bann miskililè ki vlope chak vwa ayeryèn yo. Plis vwa respiratwa yo ap rantre pi fon nan poumon yo se plis y ap vinn pi piti. Nan pwent pi piti vwa respiratwa yo gen grap ti sak ayeryen ki gen fòm blad (alveyòl). Veso sangen antoure pil bagay sa yo. Lè w rale lè a (enspire), li antre nan poumon yo. Li deplase nan vwa respiratwa yo jis li rive nan sak ayeryen yo. Lè w jete lè a (espire), lè a monte nan vwa respiratwa yo epi soti nan poumon yo. Vwa respiratwa yo pwodui larim ki anprizone patikil w ap enspire yo. Nòmalman, aprè poumon yo ap pouse rim nan avèk ti plim (si) ki kouvri anndan vwa respiratwa yo. Yo vale oubyen krache rim nan panadan jounen an.

Kisa poumon yo fè

Lè w rale a gen oksijèn ladan. Lè oksijèn nan rive nan sak ayeryen yo, li pase nan veso sangen ki nan wonn sak yo. Kidonk aprè san w voye oksijèn bay tout selil ou yo. Lè w jete lè a, dyoksid kabòn nan elimine menm jan nan san ki nan wonn sak ayeryen yo, epi nan kò w.

Lè w fè opresyon

Moun ki fè opresyon yo gen vwa respiratwa ki sansib anpil. Sa vle di vwa respiratwa yo reyaji ak kèk bagay yo rele deklannchè. Deklannchè yo gen ladan yo polen, pousyè, oubyen lafimen. Deklannchè yo ka lakoz enflamasyon. Sa fè vwa respiratwa yo vinn anfle epi sere. Se yon pwoblèm (kwonik) ki dire anpil tan. Vwa respiratwa w yo pa toujou ase kole pou w remake pwoblèm respiratwa.

Sentom yon enflamasyon kwonik gen ladann: 

  • Tous (kwonik)

  • Ou santin pwatrin ou rèd

  • Ou santi souf kout

  • Respirasyon w tankou w ap sifle (yon sifleman, sitou lè w ap jete lè a)

  • Enèji fèb ak sansasyon fatig

Lakay kèk moun, plis tan ap pase yon ti enflamasyon kwonik ka mennen sikatris k ap pran tan (pèmanan) nan vwa respiratwa yo epi fè poumon yo pèdi fonksyon yo.

Kriz opresyon

Lè yon deklannchè irite vwa respiratwa sansib yo, mis ki antoure vwa respiratwa yo kontrakte. Pawa vwa respiratwa yo anfle. Rim epè, kole a ogmante epi bare kèk kote nan vwa respiratwa yo. Tout sa yo vin fè w gen plis difikilte pou w respire.

Sentom kriz yo ka gen ladan yo:

  • Tous, espesyalman lèswa. Tous yo ka anpeche w domi.

  • Fatigue oubyen bouke fasil

  • Respirasyon ki fè bri

  • Pwatrin ki rèd

  • Respirasyon rapid lè w ap repoze w

Kriz yo ka pa grav oubyen potansyèlman mòtèl. Nan yon kriz ki grav, mis yo ki rèd, enflamasyon, ak rim yo vin pi grav. Li vin difisil anpil pou w respire. Kò w pa ka jwenn ase oksijèn epi li pa ka elimine dyoksid kabòn nan. Debri gaz yo rete anprizone nan alveyòl yo. Echanj gaz la paka fèt. Kò a pa resevwa ase oksijèn. San oksijèn, tisi kòporèl yo, espesyalman tisi serebral yo, kòmanse andomaje. Si sa dire anpil tan, li ka mennen lezyon serebral ki grav oubyen lanmò.

Rele 911 (oubyen mande yon moun rele pou ou) si w prezante youn nan sentom sa yo epi yo pa soulaje tousuit lè w pran jan yo preskri w medikaman k ta dwe soulaje w byen vit:

  • Difikilte pou w respire

  • Santi w twò bouke pou w pale oubyen mache

  • Bouch ou oubyen dwet ou vin ble

  • Santi w toudi, gen tèt vire, kòmsi w pral dekonpoze

  • Debi pwent ou (volim espirasyon maksimòm poumon yo) 50% pi piti pase rekò pèsonèl ou, si w ap itilize yon debimèt pwent (aparéy ki mezire espirasyon maksimòm yon moun)

Jere opresyon w

Opresyon an se yon maladi alontèm. Kidonk li enpòtan pou w travay avèk founisè swen sante w la pou jere l. Si w gen opresyon, ou ka prevwa kriz yo. Elabore yon plan kont opresyon avèk founisè swen sante w la. Li ka ede w kontwole opresyon w lan epi jere sentom ou yo. Yon plan aksyon kont opresyon ap endike tou ou menm ak fanmi w oubyen zanmi w kisa nou dwe fè si opresyon w lan eklate oubyen vin pi grav.

Pote yon kat idantite pou alèt medikal oswa mete yon braslè oswa yon kolye alèt medikal. Sa ap ede anplwaye medikal yo jere opresyon w nan ka ou pa ka pale fasil avèk yo. Kat idantite medikal ou a ka gen ladan l non w, dyagnostik opresyon, medikaman opresyon yo, alèji yo, ak yon moun pou kontakte ann ijans.

Pran medikaman w yo jan yo preskri w yo a. Pran enfòmasyon tou sou sa ki deklannche opresyon w lan. Konnen kisa ki lakoz kriz opresyon w yo an premye ka ede w prevwa pwoblèm respiratwa pi devan.

Si w fimen, mande èd pou w kanpe sou sa. Pa itilize sigarèt elektwonik oubyen aparèy ki bay lafimen paske yo ka lakoz lezyon nan poumon yo.

Fason pwoblèm ou jwenn chak jou yo afekte sante w

Anpil bagay nan lavi chak jou w gen enpak sou sante w. Se kapab transpò, pwoblèm lajan, lojman, aksè pou jwenn manje, ak pran swen timoun. Si ou pa kapab ale nan randevou medikal ou yo, ou ka pa resevwa swen ou bezwen an. Lè pa gen ase lajan, li ka difisil pou w peye medikaman. Epi rete lwen yon makèt ka fè li difisil pou w achte manje ki sen.

Si ou gen enkyetid pou youn nan domèn sa yo oswa nan lòt, pale sa a ak ekip k ap ba w swen an. Yo ka konnen resous lokal ki ka ede w. Oswa yo ka gen yon manm nan pèsonèl la ki ka ede w.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer