Kisa ki yon estwòk iskemik?
Sèvo a bezwen yon kantite san ki konstan pou l fonksyonne. Pandan moman estwòk la, san an sispann sikile nan yon pati nan sèvo a. Zòn ki touche a vin andomaje. Fonksyon l yo vin andomaje oubyen li menm pèdi yo. Anpil nan estwòk yo se yon blokaj nan yon veso sangen ki alimante sèvo a ki lakoz yo. Sa se yon estwòk iskemik. Yo ka rive tou nan ka yon veso sangen nan sèvo a koupe (estwòk emorajik).
 |
Kawotid yo se gwo atè ki transpòte san soti nan kè a ale nan sèvo a. |
Soti nan kè a ale nan sèvo a.
Kè a se yon ponp. Li voye san ki rich ak oksijèn gras a veso sangen yo rele atè yo. Si yon atè ki nan mitan kè a ak sèvo a bloke, sèvo a paka jwenn ase oksijèn. Kèk blokaj ateryèl se depo grès ki lakoz yo (plak). Kayo sangen ka bloke atè yo tou. Kèk kayo se sou plak la yo fòme. Gen lòt se nan kè a yo fòme—espesyalman lakay moun ki fè fibriyasyon orikilè yo, ki gen yon rit kadyak ki pa regilye. Si yon moso plak oubyen kayo kase epi antre nan sikilasyon san an, li ka bloke san ki prale nan sèvo a epi pwovoke yon estwòk.
Kòman yon estwòk fè rive
Yon estwòk iskemik rive lè yon atè k ap alimante sèvo a retresi oubyen bloke yon fason konsiderab. Sa ka se koz plak yo ki fè yon pil. Sa ka rive tou lè ti moso plak oubyen kayo sangen (yo rele anbòl) detache nan veso sangen an oubyen nan kè a nan sikilasyon san an. Anbòl yo koule nan san jis yo rete kwense nan yon ti veso sangen nan sèvo a.
Atè sen. Nan yon atè an sante, mikez pawa ateryèl la lis. Sa pèmèt san lib poul sikile soti nan kè a ale rès kò a. Sèvo a jwenn tout san li bezwen pou l byen fonksyonne.
Atè andomaje. Tansyon wo, fimen sigarèt, to kolestewòl ki wo, oubyen lòt pwoblèm ka fè pawa atè graj. Sa fè plak yo fe yon pil nan pawa yo. Kayo sangen yo ka fòme sou plak la tou. Sa ka retresi atè a epi limite fli (kantite) san an.
 |
Atè sen |
 |
Atè andomaje |
Aprann konnen sentom estwòk
-
Feblès. Ou kapab santi yon feblès sanzatann, pikotman, oswa w santi yon pati nan vizaj ou pòk oswa yon pati nan kò w, tankou men w oswa pye w.
-
Pwoblèm pou w wè. Ou kapab gen yon pwoblèm vizyon sanzatann oswa w wè twoub nan yonn oswa toude je w.
-
Pwoblèm langaj. Ou kapab gen pwoblèm pou w pale sanzatann, pwoblèm pou w pwononse, oswa pwoblèm pou konprann sa y ap di w.
-
Pwoblèm pou w bouje. Ou kapab gen pwoblèm sanzatann pou w mache, ou toudi, ou santi tèt ou ap vire, ou pa gen ekilib, ou santi w pral tonbe, oswa w pa wè anyen.
Sonje: Si w gen nenpòt nan sentom sa yo, rele 911 epi doktè w pi bonè ke sa ka posib.
F.A.S.T. se yon mwayen ki fasil pou w ka sonje siy estwòk yo. Lè w wè siy yo, w ap konnen ou dwe rele 911 byen rapid.
F.A.S.T. Vle di:
-
F la se pou "Face" an anglè, ki vle di vizaj, w ap santi vizaj ou pòk. Yon pati nan vizaj la ap tonbe oswa ou pa p santi anyen ladan l. Lè moun nan ap souri, souri ap fèt nan yon sèl pati nan bouch li.
-
A a se pou "Arm" an anglè, ki vle di ponyèt, ponyèt ki fèb. Yonn nan ponyèt yo ap fèb oswa w pap santi anyen ladan l. Lè moun nan ap leve de ponyèt li en menm tan, youn nan ponyèt yo ka vle gad anba.
-
S lan se pou "Speech" an anglè, ki vle di langaj, difikilte pou moun nan pale. Ou ka remake moun nan gen difikilte poul atikile oubyen pou l pale. Moun nan pa ka repete yon senp fraz kòrèkteman lè yo mande l sa.
-
T a se pou "Time" ki vle di tan an anglè, sa vle di li lè pou w rele 911. Si yon moun genyen yonn nan nenpòt nan sentom sa yo, menm si yo pa dire, rele 911 menm moman an. Pran nòt a kilè sentom yo premye parèt.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.