Related Reading
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Medikaman pou Refli Asid

Founisè swen sante w te di w ou soufri refli asid. Pwoblèm sa a lakòz asid nan lestomak ou remonte nan gòj ou, sa ki souvan lakòz sansasyon boule. Pou pifò moun, refli asid jennan. Men, sa pa danjere anjeneral. Si li rete san trete, li ka pafwa domaje nan ezofaj la epi lakòz plis pwoblèm medikal. Medikaman ka ede kontwole refli asid epi limite risk ou pou pwoblèm alavni. Chanjman nan mòdvi ka ede w jere refli asid tou.

Medikaman pou refli asid

Founisè swen sante w ka preskri medikaman pou ede trete refli asid ou a. Medikaman an pral baze sou eta sante pase, sentòm, e nenpòt rezilta tès yo. Founisè swen w lan pral eksplike kijan pou w pran medikaman w lan. Mande founisè swen w enfòmasyon sou efè segondè ki posib yo epi kilè ou dwe rapòte yo.

Redui asid nan lestomak

Founisè swen sante w ka sijere antiasid ou ka achte an vant lib. Antiasid yo ka bay soulajman rapid. Oswa li ka di w pou w pran yon tip medikaman ki rele blokè H2. Sa yo disponib san preskripsyon epitou ak preskripsyon (pou pi gwo dòz). Yo preskri pou yo pou itilizasyon dire kout oswa dire long.

Bloke asid nan lestomak

Nan ka ki pi grav yo, founisè swen sante w ka sijere medikaman ki pi fò tankou inibitè ponp pwoton (Proton Pump Inhibitor, PPI). Medikaman sa yo diminye kantite asid lestomak ki pwodui. Yo souvan preskri yo pou itilizasyon dire kout oswa dire long.

Lòt medikaman

Nan kèk ka, medikaman pou redui oswa pou bloke asid lestomak gendwa pa aji. Si lestomak ou ralanti pou l vide (gastwoparezi), yo ka chanje w nan yon lòt tip medikaman ki ede lestomak ou vide pi byen.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer