Kisa ezofaj Barett la ye?
Ou gen yon ezofaj Barett. Sa vle di gen chanjman nan pawa anndan ezofaj la tou pre lestomak la. Refli asid GERD (refli gastwoezofajyen) la pwodwi a lakoz chanjman sa yo. Doubli modifye a pa ka bay kansè. Men li ka ogmante chans pou ou devlope yon kansè pi devan.

Lè w genyen yon GERD
Ezofaj la se tib ki transpòte manje ak likid soti nan bouch la pou ale nan lestomak la. Esfenktè (sphincter) ezofajyen enferyè w la (LES) se yon valv ki ale nan yon sèl direksyon nan tèt lestomak la. Li anpeche manje yo ak asid gastrik la koule nan move sans lan. Si LES la febli, manje ak asid gastrik la koule nan (refli) ezofaj ou Si sa rive souvan, kondisyon an rele GERD.
Chanjman nan doubli a
Yon doubli espesyal pwoteje lestomak la de pwòp asid li a. Ezofaj la pa fèt poul gen kontak ak asid gastrik la. Men yon ti kantite asid ki koule nòmal epi sa fèt lakay anpil moun. Avèk GERD la, asid la souvan retounen nan ezofaj la. Sa andomaje ezofaj la. Pou reponn a domaj la, gen nouvo tisi ki fòme sa ki pa nòmal. Se sa ki ezofaj Barett. Nouvo tisi a ka kontinye chanje. Se sak fè li fasil pou l vin yon kansè pi devan.
Prevwa lòt domaj
Founisè swen sante w la ka mande w fè tès pou swiv modifikasyon ezofaj la. Souvan se yon andoskopi, lè yo pase pa nan bouch la pou plase yon pòte ki limen pi ki ka bouje nan ezofaj la. Yo ka pran echantiyon tisi (biyopsi) sou zòn ki pa nòmal yo. Ou souvan sou sedatif avèk yon medikaman nan venn ou pou plis konfò. Founisè w la ka konseye w tou mwayen pou w kontwole GERD la. Sa gen ladann chanjman fason w viv tankou kanpe sou tabak epi kenbe yon pwa sante. Yo ka konseye w medikaman oubyen menm operasyon tou. Sa ta dwe ede pou anpeche ezofaj Barett ou a vin pi grav. Si sa vin pi grav, yo fè yon tretman anplis pandan yon andoskopi.
Sentom GERD la
Sentom yo gen ladan yo:
-
Lestomak boule
-
Asid ki remonte nan bouch la
-
Gaz oubye òkèt ki fèt dri
-
Sentom ki vin pi grav lè w fin manje, panche, oubyen kouche.
-
Touse anpil fwa pou eklèsi gòj ou
-
Anwe
-
Difikilte pou w vale
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.