Kisa ki kansè nan poumon an?
Genyen 2 tip kansè nan poumon:
Kansè nan poumon ki pa gen ti selil
Anpil moun ki gen kansè nan poumon se kansè ki pa gen ti selil la yo genyen (NSCLC). Gen diferan tip kansè nan poumon ki pa gen ti selil. Yo gen ladan yo kasinòm epidèmoyid, adenokasinòm, epi kasinòm ak gwo selil. Menm si chak nan soutip sa yo kòmanse nan yon tip selil diferan nan poumon an, yo tout regwoupe. Yo tout gen apeprè menm opsyon pou tretman yo ak menm pèspektif yo (pwonostik).
Kansè nan poumon ak ti selil
Kansè nan poumon ak ti selil la (SCLC) mwen kouran pase kansè nan poumon ki pa gen ti selil la. Pafwa yo rele SCLC kansè selil avwàn yo. (Se paske lè yo wè selil yo nan mikwoskòp yo gen fòm avwàn.) Tip kansè nan poumon sa yo gen tandans devlope ak simaye pi rapid pase kansè ki pa gen ti selil yo.
 |
Kansè poumon an ka simaye ka simaye nan lòt poumon an, nan fwa a, nan sèvo a, oubyen nan zo yo. |
Kòman kansè a simaye
Selil ki gen kansè yo pa toujou rete menm kote a. Selil ki gen kansè yo ka detache nan kote yo te kòmanse a. Yo ka antre nan sikilasyon san an oubyen nan sistèm lenfatik la epi simaye nan lòt pati kò a. Sistèm lenfatik lan se yo rezo ki plen ne ak veso ki pou ede kò a konbat maladi yo. Li ale tout kote nan kò w, menm jan ak veso sangen w yo.
Lè kansè a ap simaye, pwosesis la rele metastaz. Kansè poumon an k ap simaye a (metastaz) ale souvan nan lòt poumon an oubyen nan fwa a, nan sèvo a, oubyen nan zo yo. Selil ki gen kansè nan lòt pati sa yo nan kò a sanble, aji, epi trete tankou kansè poumon an. Se pa nouvo kansè yo ye. Pa egzanp, lè kansè nan poumon an simaye nan sèvo a, yo rele sa kansè nan poumon metastazik nan sèvo a oubyen kansè nan poumon avèk metatstaz serebral. Se pa yon kansè nan sèvo.
Fason pwoblèm ou jwenn chak jou yo afekte sante w
Anpil bagay nan lavi chak jou w gen enpak sou sante w. Se kapab transpò, pwoblèm lajan, lojman, aksè pou jwenn manje, ak pran swen timoun. Si ou pa kapab ale nan randevou medikal ou yo, ou ka pa resevwa swen ou bezwen an. Lè pa gen ase lajan, li ka difisil pou w peye medikaman. Epi rete lwen yon makèt ka fè li difisil pou w achte manje ki sen.
Si ou gen enkyetid pou youn nan domèn sa yo oswa nan lòt, pale sa a ak ekip k ap ba w swen an. Yo ka konnen resous lokal ki ka ede w. Oswa yo ka gen yon manm nan pèsonèl la ki ka ede w.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.