Related Reading
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Ki sa Katarat yo ye?

Lantiy ki nan je a kenbe limyè a. Li pèmèt je a byen wè imaj yo. Vyeyisman se koz katarat yo pi konnen. Plis laj ap monte, lantiy a ap vin twoub tikal pa tikal. Lantiy twoub la se yon katarat. Yon katarat distribiye limyè a epi li fè je a difisil pou l konsantre l. Katarat yo souvan fòme nan de je yo. Men yon lantiy ka pèdi limyè pi vit ke lòt la.

Yon imaj twa ka je a k ap montre yon lantiy ki byen fokalize limyè a. Yon imaj twa ka je a k ap montre limyè k ap dfize katarat la.

Vyenyisman lantiy ou an.

Lantiy ou a ka pèdi limyè a tèlman lantman ou pa remake okenn chanjman nan fason w wè nan kòmansman. Men plis katarat la ap vin grav, se plis je a ap gen pwoblèm poul konsantre l. Nan kòmansman, linèt ka ede w pi byen wè. Plis lantiy a ap vin pi twoub, founisè swen sante w la ka konseye w yon operasyon pou w ka wè pi byen.

Yon lantiy transparan pèmet je w fè mizopwen sou bagay yo.

Yon katarat ki pa grav ka bwouye fason w wè on ti kal.

Yon katarat ki grav ka fè gwo domaj nan fason w wè.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer