Related Reading
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Kisa ki Atwoz la?

Atrit la se enflamasyon oswa gonfleman 1 oswa plizyè jwenti. Yon atikilasyon se yon pwen nan kò w kote 2 oubyen plis zo kole ansanm. Gen anviwon 100 diferan tip atrit. Atrit yo ka lakoz pwoblèm nan tisi ki tou pre jwenti yo. Sa gen ladann tandon yo, ak ligaman yo. Epi, nan kèk tip atrit, tout kò a ka afekte.

Yo rele atwoz (Osteoarthritis, OA) la atrit fwotman lakoz tou. Nou jwenn tip atrit sa plis. Avèk atwoz la katilaj vin abize. Katilaj la se tisi ki kouvri pwent zo yo. Li aji tankou yon kousen. Li pèmèt yo glise dousman youn kont lòt. Lè katilaj la vin ize, zo yo fwote youn kont lòt. Sa lakoz doulè, enflamasyon, li fè pati a rèd.

Faktè risk atwoz yo se:

  • Obezite

  • Gen plis pase 40 lane

  • Te blese nan jwenti yo

  • Gen yon atrit enflamatwa

  • Itilize jwenti yo yon fason ki repete

  • Gen manm nan fanmiw ki te gen OA

Imaj fas yon jenou ki nòmal.
Yon jenou ki nòmal.
Imaj fas yon jenou ki moutre atwoz la.
Yon jenou ki gen atwoz.

Sentom

OA ka afekte nenpòt atikilasyon. Jwenti ki ap pote pwa yo konn souvan afekte. Tankou ranch ak jenou yo. Sentom nou plis jwenn yo se doulè ak enflamasyon. Sa yo ka vin pi mal si w pa fè okenn aktivite oubyen si w itilize yo twòp. Ou ka gen plis kote ki rèd nan kòmansman jounen an, anjeneral pandan mwens pase 30 minit. Oubyen kote a ka vin rèd paske w te rete chita pandan lontan. Ou ka gen plis doulè nan ranch ou oubyen jenou w yo si w mache plis pase tann w konn abitye yo.

Lòt sentom nou plis jwenn yo se:

  • Misk yo fèb

  • Atikilasyon yo enstab oubyen yo bankal

  • Lè w bouje atikilasyon yo fè bri

  • Atikilasyon yo anfle oubyen yo gen bòs

  • Ou pa ka pliye epi redrese atikilasyon yo (kantite mouvman w yo redui)

Si w gen nenpòt nan chanjman atikilè sa yo, pran randevou pou w wè founisè swen sante w la. Nou toude a ka travay ansanm pou n kreye yon plan tretman. Plan sa ka ede soulaje doulè ak pati ki rèd ou yo. Li ka anpeche sentom ou yo vin pi grav.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer