Planifikasyon pou Kite Fimen
Founisè swen sante w ka di w ou dwe abandone tabak. Se ou sèlman ki ka deside si e kilè ou prè pou w kite. Kite se bagay ki difisil pou fè. Men, benefis yo pral vo lapenn. Lè w deside kite fimen, devlope yon plan ki bon pou ou. Diskite sou plan w lan avèk founisè swen w. Epi pale ak li sou medikaman pou ede w kite fimen.

Prepare sipò
Pou kite fimen, w ap bezwen yon plan epi kèk èd. Chwazi yon dat nan 2 a 4 semèn k ap vini yo pou w kite. Sèvi ak tan ant kounye a ak dat sa pou òganize sipò.
-
Klas ak konseye. Klas pou kite fimen ankadre moun tankou ou atravè pwosesis la. Aprann konnen lòt moun yo nan yon klas. Epi youn soutni lòt pi lwen pase klas la. Konsèy nan telefòn ede w rete sou bon wout tou. Mande founisè swen sante w, lopital lokal ou, oswa depatman sante piblik ou pou mete w an kontak avèk yon klas ak yon konseye nan telefòn.
-
Fanmi ak zanmi. Di fanmi w ak zanmi w dat w ap kite a. Mande yo soutni chanjman ou. Si yo fimen, wè ak yo sèlman nan kote yo entèdi fimen. Pa pèmèt fimen lakay ou ak nan machin ou.
Fè atansyon ak pwodui sa yo
Jwenn yon bagay pou ranplase sigarèt gendwa difisil pou fè. Kèk bagay ka danjere menm jan ak sigarèt. Sa yo gen ladan:
-
Tabak pou (chike) san lafimen. Li danjere menm jan ak tabak regilye. Pa sèvi ak tabak kòm ranplasan sigarèt.
-
Medikaman abaz plant oswa te. Sa yo ka afekte fason kò w jere nikotin. Pale avèk founisè swen sante w anvan w sèvi ak pwodui sa yo.
-
Sigarèt elektwonik. FDA pa apwouve sigarèt elektwonik yo kòm yon èd pou kite fimen. Jiskaprezan, rechèch montre prèv limite ke sigarèt elektwonik yo efikas pou ede fimè kite fimen. Yo ka gen tou sibstans ki ka lakòz kansè oswa pwoblèm poumon ki mete lavi an danje. Ekspè yo konseye pou pa sèvi ak pwodui sa yo.
Pwodui pou kite fimen
Anpil pwodui ka ede w kite fimen. Kèk nan yo se medikaman sou preskripsyon ki ede redui gwo anvi ak sentòm sevraj yo. Lòt pwodui diminye tou dousman nivo nikotin kò w absòbe. Nikotin se sibstans ki trè adiktif ki prezan nan sigarèt, siga, ak tabak pou chike. Pwodui ranplasman nikotin yo ka ede kò w abitye diminisyon kantite nikotin yo dousman apre ou kite fimen. Pwodui sa yo gen ladan yon patch, chiklèt, pastiy, spre nan nen, ak inalatè nikotin. Toujou swiv esplikasyon yo pou medikaman oswa pwodui ou a ak anpil atansyon. Founisè swen sante w ka di w pou w kòmanse pran medikaman sou preskripsyon an 1 semèn anvan w planifye kite fimen. Pa fimen pandan w ap itilize pwodui nikotin yo. Si w fè sa, li ka nwi sante w.
Pou jwenn plis enfòmasyon
Pou plis konsèy ak resous itil, vizite:
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.