Konprann Depresyon Aprè Akouchman an
Ou apèn gen yon bebe. Ou te panse w t ap eksite epi kontan. Men, olye de sa w ap kriye san rezon. Ou petèt gen difikilte pou w reyalize travay yo chak jou. Majorite fwa yo, ou santi w tris, fatige, san espwa. Ou ka menm santi w wont oswa koupab. Men sa w ap travèse a ou pa responsab li, epi ou kapab amelyore. Pale ak founisè swen sante w la. Yo ka ede w.

Kisa depresyon an ye?
Depresyon se yon twoub imè ki afekte jan w panse ak jan w santi w. Sentom ki pi kouran an se santi yon gwo tristès. Ou kapab menm gen enpresyon ou pa ka fè fas ak vi sa ankò. Gen lòt sentom tankou:
-
Pran oswa pèdi anpil pwa
-
Dòmi twòp oswa pa dòmi ase
-
Santi w fatige tout tan
-
Santi ou ajite
-
Kriye anpil
-
Pa gen twòp, oswa gen twòp apeti
-
Bay fanmi w ak zanmi w distans yo
-
Tèt fè mal, doulè ak malèz, oswa pwoblèm nan lestomak ki pa janm pase
-
Ou an kolè oswa w gen raj
-
Ou pè pou w pa fè bebe w la mal
-
Ou pa enterese ak bebe w la
-
Santi w pa vo anyen oswa koupab
-
Ou pa jwenn plezi nan bagay ou abitye jwenn plezi ladan yo ankò
-
Gen pwoblèm pou w panse klè oswa pou w pran desizyon
-
Panse a lanmò oswa a swisid
Depresyon aprè akouchman
Ou kapab santi w tris epi fatige aprè akouchman an. Sansasyon sa yo nòmal. Yo rele yo pafwa baby blues. Sansasyon sa yo ap disparèt sou 1 a 2 semèn. Men depresyon Pòspatòm lan (ki siyifi aprè akouchman) dire pi lontan epi pi grav pase baby blues la. Li ka fè w santi w tris ak san espwa. Li ka fè w pè pou w pa fè bebe w la mal epi koz w ap enkyete w nan di tèt ou; ou se yon move manman.
Patnè ou a tou kapab fè depresyon pòspatòm lan. Li kapab deklare nan ane ki vin aprè akouchman an. Sentòm yo se toujou menm sentòm manman an genyen yo.
Kisa ki pwovoke depresyon pòspatòm lan?
Yo pa rive detèmine koz egzak depresyon pòspatòm lan. Men, modifikasyon chimik oswa estrikti sèvo a ta sanble jwe yon wòl enpòtan nan depresyon. Se kapab akoz chanjman nan òmon yo pandan ak aprè akouchman an. Se kapab tou paske w fatige pran swen bebe ou a epi adapte w nan wòl manman an. Tout faktè sa yo ka lakoz depresyon an. Nan kèk sitiyasyon, jèn ou kapab jwe yon wòl nan sa tou.
Depresyon an ka trete
Gen anpil fason ou ka trete depresyon pòspatòm lan. Pale ak founisè swen sante w la konsènan premye etap ou dwe suiv pou w amelyore w la.
Lè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante ou a si:
-
W ap kriye pou yon rezon ki pa evidan
-
Ou gen difikilte pou w manje, dòmi, ak fè yon chwa
-
W ap mande tèt ou si w ka okipe yon bebe
-
Ou genyen gwo sansasyon tristès, anksyete, oswa dezespwa ki anpeche w reyalize travay ou yo chak jou
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.