Alètman: Pran Swen Tèt ou
Lè w gen yon nouvo timoun nan lavi w, li fasil pou w bliye tèt ou. Ou vin gen lòt bagay ki reklame tan w. Ou vin genyen tou nouvo responsablite. Men li enpòtan pou w pran swen tèt ou. Sa ap ede w pi byen pran swen nouvo bebe ou a.

Abitid ki bon pou sante
Men kèk konsèy ki bon pou sante:
-
Nouri kò w avèk manje ki bon pou sante, bwè anpil dlo, epi pran ase repo.
-
Fè egzèsis lè w kapab. Si lèt ou ap koule, li t ap pi bon si w bay bebe a tete anvan aktivite a.
-
Pa fimen. Fimen an pa bon pou sante w epi li koz ou pwodui mwens lèt. Respire lafimen lè lòt moun ap fimen se yon danje tou pou bebe ou a.
-
Pale ak founisè swen sante ou a konsènan alkòl, si w chwazi bwè.
-
Lè w malad, fè founisè swen sante ou a konnen w ap fè alètman. Pa gen twòp medikaman ak maladi ki afekte alètman an, men li enpòtan pou w verifye.
-
Mande founisè swen sante ou a si w kapab anvan w pran nenpòt medikaman sou preskripsyon oswa san preskripsyon, fèy, oswa sipleman.
Abiman konfòtab
Sijesyon pou w kapab konfòtab pandan alètman an:
-
Jwenn yon soutyen konfòtab. Anpil moun konn twouve manch soutyen yo pa konfòtab. Gen kèk magazen ki pèmèt ou eseye l kote w achte l la. Mande founisè swen sante w la oswa enfimyè a pou l refere w youn.
-
Si lèt ou ap koule, mete yon eponj anndan soutyen w.
-
Chwazi yon soutyen ki favorab pou w fè sa. Oubyen ou ka mete 2 soutyen an menm tan pou plis sipò.
-
Mete kòsaj ki ka leve fasilman pou w bay tete a. Ou ka achte tou, rad ki kreye espesyalman pou moun ki fè alètman.
Yon ti mo sou sèks
Aprè akouchman an, sa ka pran w ti tan anvan w rekòmanse enterese ak fè sèks. Pataje sa w santi yo ak patnè ou a. Founisè swen sante ou a ap fè w konnen nan ki moman w ap kapab rekòmanse fè sèks san pwoblèm. Lè w prè a, ou dwe konnen:
-
Genyen plizyè mwayen ou ka itilize pou w pa fè timoun ankò pandan alètman an. Mande founisè swen sante ou a ki mwayen prevansyon kont gwosès pou w itilize pandan alètman an.
-
Òmon alètman an kapab lakoz bouboun lan sèk. Gen kèk moun ki twouve itilize yon librifyan ki fèt ak dlo rann yo pi konfòtab lè y ap fè sèks.
-
Lèt kapab koule nan tete w lè w eksite. Sa kapab ede w si w fè presyon sou pwent tete w, oswa si w itilize yon eponj ki fèt pou sa oubyen yon sèvyèt.
Lè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante ou a si:
-
Si w santi w depase, ou pa konn kiyès pou w rele.
-
Ou santi w tris oswa ou pa anvi rete bò kote bebe ou a.
-
Ou gen enpresyon bebe a toujou ap kriye epi w pa ka kalme l.
-
Ou paka fè egzèsis oswa fè sèks san l pa entewonp ou.
-
Ou gen dout sou efè yon medikaman, maladi, oswa yon aktivite kapab genyen sou alètman an.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.