Related Reading
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Konprann Rinosinizit Egi a

Rinosinizit egi a rive lè mikez anndan nen an ak sinis yo vin irite epi yo anfle. Yo rele l sinizit, oubyen enfeksyon sinis tou.

Sinis yo se espas ki plen lè nan kràn nan dèyè figi a. Yo ede filtre ajan polyan, mikwo òganis, pousyè ak lòt iritan. Granmoun yo genyen 4 pè sinis. Yon pawa mikez kenbe yo imid ak pwòp. Bagay tankou polèn, lafimen, ak vapè chimik ka irite mikez la. Li ka vin anfle. Kòm repons pou iritasyon an, mikez la ap fè plis larim ak lòt likid. Ti pwal ki sanble ak cheve ki kouvri mikèz la. Sil la ede mennen mikis la nan ouvèti sinis la. Twòp mikis ka lakoz sil la sispann travay. Sa bloke ouvèti sinis la. Lè yon kantite likid fè yon pil nan sinis yo sa vin lakoz doulè ak presyon.

Likid sa a ka gen bakteri ki rete ladan l epi sa ka bay enfeksyon.

Imaj fas sinis yo k ap montre yon pawa wouj, anfle epi ki gen mikis.

Kisa ki lakoz rinosinizit egi a?

Yon enfeksyon viral, bakteryèn oswa fonjit ka vin bay yon rinosinizit. Enfeksyon viral la se koz nou jwenn pi souvan. Li plis pwobab pou w gen yon enfeksyon apre w fin gen yon rim oswa yon grip. Nan kèk ka, se yon bakteri ki lakoz enfeksyon sinis la. Menm si l ra, enfeksyon fonjit yo ka se koz la tou, espesyalman lakay moun ki gen sistèm iminitè yo fèb.

Ou gen gwo risk pou w gen enfeksyon sinis si w:

  • Ou granmoun nan laj

  • Ou gen pwoblèm estriktirèl nan sinis ou yo tankou

    • Polip nazal se bagay ki pouse sou mikez nen an oswa sou sinis yo,

    • Yon klwazon nazal devye- lè zo nen an ak katilaj ki separe 2 tou nen yo defòme,

    • Yon epin nazal oswa bagay ki pouse sou zo nen an

    • Ouvèti sinis yo vin retresi

  • Ou fimen sigarèt oswa ou eskpoze ak lafimen segondè

  • Ou ekspoze a chanjman presyon, tankou lè yo vole anpil oswa plonje nan fon lanmè

  • Ou asmatik oswa ou gen alèji sezonye yo

  • Ou gen yon sistèm iminitè ki fèb oswa w ap pran medikaman ki fè w pa santi sentom iminitè ou yo

  • Gen maladi dan

  • Ou toujou ekspoze nan lè ki polye

Sentom rinosinizit egi yo

Sentom rinosinizit egi yo souvan dire anviwon 7 a 10 jou. Si ou gen yon enfeksyon bakteri, yo ka dire pi lontan. Yo ka vin miyò men aprè yo vin pi mal. Ou ka gen:

  • Nen k ap fè dlo oswa nen bouche

  • Doulè nan vizaj ou oubyen presyon anba je w ak alantou nen w

  • Tèt fè mal

  • Likid ki ap koule nan fon gòj ou (gout pòs nazal)

  • Konjesyon

  • Likid pwès k ap sòti nan nen w ki gen koulè (souvan vèt), olye li klè

  • Tous

  • Pwoblèm ak odora w

  • Doulè nan zòrèy oubyen pwoblèm pou w tande

  • Lafyèv

  • Doulè nan dan

  • Fatig

  • Difikilte pou ou respire

Dyagnostike rinosinizit egi a

Founisè swen sante ou an ap mande ou pou ou pale de sentom ou yo ak istwa sante w. Yo pral gade nan zòrèy, nen, gòj, ak sinis ou. Souvan yo pa bezwen tès imaj, tankou reyon lazè.

Li ka difisil pou yo konnen si se yon viris oubyen bakteri ki lakoz yon enfeksyon sinis. Founisè swen sante w la ap pran echantiyon mikis nan nen w lan pou l chache bakteri.

Trete rinosinizit egi a

Pifò enfeksyon sinis yo ap disparèt nan 10 jou. Kò w ap goumen ak viris la.

Wòl Antibyotik yo:

  • Jeneralman, maladi viral yo disparèt aprè 3 oswa 5 jou san w pa bezwen pran antibyotik.

  • Lè w itilize antibyotik pou w trete enfeksyon viral yo, sa a ka lakoz efè segondè ki pa t nesesè, tankou reyaksyon alèjik sou po w, li ka pa grav konsa tou li ka grav, enfeksyon ki reziste ak antibyotik epi enfeksyon C. difisil (dyare, kolon andomaje epi menm lanmò).

  • Men, pou kèk enfeksyon sinis, founisè swen sante w la ka rekòmande w "yon atant vijilant" oswa yon "preskripsyon antibyobitk difere." Pale ak founisè swen sante w la konsènan tretman k ap pi bon pou maladi ou a.

Ou ka gen yon enfeksyon bakteryèn pito.

  • Ou gen plis pase 10 jou ak sentom yo

  • Aprè yon peryòd inisyal amelyorasyon, sentom ou yo vin pi mal

  • Ou gen gwo lafyèv 100.4°F (38°C) oswa pi wo avèk nen w k ap fè dlo epi figi w k ap fè w mal

Founisè swen sante ou a ap ba w antibyotik. Pran medikaman yo jiskaske li geri, menm si w santi w miyò.

Pou ede w diminye sentom ou yo, founisè swen sante w la ka konseye w:

  • Medikaman pou soulaje doulè san preskripsyon. Medikaman tankou asetaminofèn oubyen ibipwofèn ka diminye doulè nan sinis lan. Yo ka desann yon lafyèv tou. Byen li epi suiv enstriksyon ki sou etikèt medikaman san preskripsyon yo avan ou pran yo. Pa pran medikaman sa yo si ou gen maladi ren oswa maladi fwa, sof si doktè w la te di w ou ka pran yo.

  • Lavaj nen. Lave tou nen w ak dlo sale ka diminye doulè a ak presyon an. Li ka elimine mikis yo oubyen lòt iritan ki nan sinis ou yo. Founisè swen sante w la ka montre w kijan pou w fè sa.

  • Espre nazal ki gen estewoyid. Preskripsyon medikaman sa ka redui enflamsyon nan sinis ou yo. Estewoyid entranazal yo ka ede diminye enflamasyon an, sa ki ka ede soulaje obstriksyon an.

  • Lòt medikaman yo. Dekonjesyon, antistamin, ak lòt espre nazal ka ba w soulajman akoutèm. Yo ka ede w ak konjesyon an. Pale ak founisè swen sante w la anvan w pran medikaman sa yo, espesyalman anti-istaminik yo. Jeneralman, yo itilize yo sèlman lè yo dyagnostike yon alèji.

Evite rinosinizit egi a

Ou ka ede evite enfeksyon sinis la avèk etap sa yo:

  • Byen lave men w epi fè sa souvan.

  • Gade endis kalite lè lokal ou a si kalite lè a mete w an danje. Endis la ap ede w limite kantite lè ki polye ou genyen nan anviwònman w .

  • Rete lwen moun ki gen rim oubyen enfeksyon respiratwa.

  • Pa fimen. Epi rete lwen moun ki ap fimen pa okazyon.

  • Itilize imidifikatè pou w imidifye lè ki lakay ou epi asire ou li toujou pwòp.

  • Asire w ou ajou nan vaksen w yo, tankou vaksen pou grip, vaksen COVID ak vaksen kont nemokòk.

Lè pou w rele founisè swen sante w la

Rele founisè swen sante ou a imedyatman si w gen nenpòt nan sa yo:

  • Yon fyèv 100.4°F (38°C) oswa pi wo, oswa jan founisè swen sante w la te di w la

  • Doulè ki vin pi mal

  • Sentom ki pa vin miyò oswa ki vin pi mal. Ou gen yon gwo tèt fè mal ki pa soulaje lè w pran medikaman pou doulè yo.

  • Gen nouvo sentom ki parèt tankou:

    • Doulè oswa enflamasyon ozalantou je w, difikilte pou w bouje je w, gwo doulè lè w fè sa, ou pa wè menm jan an

Rele 911

Rele 911 oswa al pran swen medikal san pèdi tan si ou gen:

  • Doulè nan kou oswa kou rèd ansanm avèk gwo lafyèv

  • Konfizyon, dezoryantasyon, kagou depase, lòt chanjman mantal oswa ou santi w pral pèdi konesans.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer