Enstriksyon Ekzeyat pou Maladi Gastwoezofajyen (Gastroesophageal Reflux Disease, GERD)
Maladi gastwoezofajyen an (GERD) se lè asid la sot nan lestomak ou pou tounen monte nan tib pou w vale a (ezofaj). Se tib ki soti nan bouch ou pou rive nan vant ou an. Tout moun gen asid ki konn monte sou lestomak yo. Men lè asid ap plede monte sou lestomak ou gen tretman pou sa. Sentòm lè asid monte sou lestomak la yo ka trete tou.
Swen Adomisil
Etap sa yo pou w pran swen w lè w lakay ou ka ede w jere GERD la:
-
Rete nan yon pwa ki bon pou sante w. Chache èd pou w ka pèdi tout pwa an plis.
-
Pa kouche aprè w fin manje.
-
Pa manje ta nannuit.
-
Mete tèt ou wo nan wotè 4 a 6 pous sou kabann ou. Ou ka fè sa lè w mete blòk an bwa oubyen bagay ki pou bay kabann nan wotè anba tèt kabann ou an. Oubyen w ka mete yon bagay (wedge) pou soulve anba matla a.
-
Pa mete rad ki sere.
-
Pa pran manje oswa bwè bagay ki ka deranje lestomak ou. Tankou manje ak ji ki gen:
-
Alkòl
-
Grès
-
Chokola
-
Kafeyin
-
Mant vèt oswa mant
-
Fwi ki sot nan menm fanmi ak sitwon oswa lòt ji asid
-
Piman, lay, zonyon, oswa lòt epis tankou sa yo
-
Pale ak founisè swen sante w la si w ap pran medikaman. Kèk medikaman ka fè sentom GERD yo vin pi mal. Tankou:
-
Inibitè kalsik yo (Calcium channel blockers)
-
Theophylline
-
Medikaman antikolinèjik yo, tankou oksibitinin ak benzatwopin
-
Kòmanse yon pwogram ekzèsis. Mande founisè swen sante w la kijan pou w kòmanse. Kèk aktivite senp, tankou mache oubyen fè jaden, ka ede w.
-
Si w fimen, pran mezi pou w sispann. Rejwenn yon pwogram kite fimen pou w ogmante chans pou w kite a.
-
Limite kantite alkòl w ap bwè.
-
Si yo preskri w medikaman pou GERD, pran li jan yo mande w sa. Pa sote dòz yo.
-
Pa pran medikaman anti enflamatwa ki pa gen estewoyid (NSAIDs) san preskripsyon, amwens founisè swen sante w la KONSEYE W sa. Tankou aspirin ak ibipwofèn.
-
Si w ansent pale de tretman w lan ak founisè swen sante w la. GERD la ka kòmanse oswa li vin pi mal pandan gwosès la.
Suivi pou swen
Al fè vizit kontwòl jan estaf sante ou a mande pou w fè sa.
Rele 911
Rele 911 si w gen nenpòt nan sentom sa yo:
-
Ou gen doulè nan kou w, pwatrin ou, oubyen nan do w
-
Ou gen etoufman, tous, ou gen difikilte pou respire oswa w gen souf anlè
Kilè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante w la imedyatman si w gen nenpòt nan siy sa yo:
-
Ou gen difikilte pou w vale
-
Ou gen difikilte lè ou ap vale
-
Ou santi manje rete sou lestomak ou oubyen nan gòj ou
-
Ou gen kè brile ki fè w vomi
-
W ap vomi san oswa tankou ma kafe
-
Ou twalèt nwa oubyen goudwon
-
Ou krache plis pase dabitid
-
W ap pèdi pwa lè w p ap eseye pèdi pwa
-
Ou gen mal gòj ki pa vle pase
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.