Entèraji ak tibebe prematire w la ki nan NICU a
Yo pran swen tibebe ki prematire yo nan NICU (inite swen entansif neyonatal). Pèsonèl NICU a ka okipe yo de bezwen medikal ti bebe w la. Prezans ou enpòtan tou. Se ou menm sèlman ki ka bay ti bebe w la lanmou ak swen sèl paran kapab bay yo. Okòmansman ou ka twouve NICU a efreyan epi twoublan. Men, malgre fil yo, tib yo, ak machin yo, ou ka toujou kòmanse kreye yon lyen pou tout lavi ak ti bebe w la. Sansasyon chalè ak koneksyon sa a bon pou nou toulède. Paran yo souvan gen menm santiman yo lè yo fè yon ti bebe ki malad, men yo ka eksprime santiman sa yo yon fason ki diferan—epi sa a nòmal. Pran pasyans ak patnè w la.
Ki moun ki ka vizite NICU a?
Antanke paran ou gen plis chans pou rete ak ti bebe w la pandan yon bon pati nan jounen an. Pale ak enfimyè ti bebe w la konsènan ki lè ou ka vizite l. Frè, sè, ak granparan ti bebe w la ka pa gen dwa antre nan NICU a. Oswa yo ka sèlman gen dwa pou yo bay ti vizit tou kout. Sa a se pou pwoteje ti bebe w la kont enfeksyon ak twòp eksitasyon.
Kenbe ak manyen ti bebe w la

Prematire ki fèt twò bonè yo gen yon po ki mens epi ki frajil. Kidonk, yo ka pa kapab sipòte lè yo manyen yo. Men pandan ti bebe w la ap grandi epi devlope, li ka vin agreyab ni pou ou ni pou li lè w manyen l. Tou depann de laj jestasyonèl ti bebe w la, pèsonèl NICU a ka sijere w:
-
Konfinman. Sa a vle di ou dwe mete men w ak bra w de bò ti bebe w la pandan l kouche nan kabann li. Prematire yo renmen sa a paske li sanble anpil ak sa yo te konn santi lè yo te nan matris la.
-
Ti manyen anlè anlè. Karese ti bebe w la ka se yon twò gwo estimilasyon. Yon manyen regilye pi bon.
-
Kontak po a po (swen kangouwou). Depi ti bebe w la pare, kontak po a po se yon etap enpòtan. Sa a se chans ou pou w kenbe epi karese ti bebe w la. Ranje kòsaj ou yon fason pou w ka kenbe ti bebe a kole sou po w konsa. Kouvri ti bebe w la ak kòsaj la oswa ak yon dra pou l ka rete cho. Swen kangouwou a ka detann ni ou ni bebe w la. Li ka ede ti bebe w la refè pi byen oswa pi vit tou apre kèk pwoblèm sante prematire yo konn genyen yo.
-
Alètman ki pa nitritif (konfò). Ti bebe ki nan NICU yo gen tib ki pase nan bouch yo epi ki kole nan figi yo. Sa ka fè yo sansib anpil si gen yon bagay ki toupre oswa ki nan bouch yo, oswa menm a manje oswa bwason (degoutans oral). Kenbe ti bebe w la epi fè l tete, menm si li pa jwenn okenn lèt, ka ede ti bebe w la simonte degoutans oral li a. Sa a pral ede ti bebe w la devlope kapasite l pou l tete. Epi sa a ap ede w fè plis lèt.
-
Prezans ou bò kabann nan. Ti bebe w la konn vwa w ak sant ou, kidonk li enpòtan pou w rete bò kabann nan. Vwa w ka ede ti bebe w la rete kalm pou li ka grandi epi fè mye. Yon fwa ti bebe w la fè mye, enfimyè w la ap montre w ki jan ou ka mete men w sou ti bebe w la pou w ka fè ti bebe w la santi li an sekirite. Amezi ti bebe w la ap fè mye, enfimyè a ap fè w konnen ki lè w ka patisipe nan swen y ap ti bebe w la.
Kreye yon anviwònman ki kalm
Prematire yo ka trè sansib a touche, a son, a gwo limyè, epi ak tout lòt fòm eksitasyon. Pou kenbe ti bebe w la pi konfòtab posib:
-
Kite ti bebe w la dòmi lè li bezwen dòmi.
-
Fè mwens bri epi itilize gwo limyè mwens fwa posib.
-
Eseye pa frape bagay ki sou kouvez la, ni pale fò, ni frape pòt yo.
-
Si limyè yo sanble twò klere, mande yon enfimyè si ou ka ouvri yon dra sou kouvez la.
Lòt fason ou ka ede
-
Pèsonalize anviwònman ti bebe w la. Men, anvan, tcheke yon enfimyè pou w konnen kisa yo dakò ak kisa yo pa dakò epi kisa ki san danje pou ti bebe w la.
-
Lè je ti bebe w la klè, pale oswa chante tou ba pou li.
-
Patisipe nan swen ti bebe w la jan enfimyè ti bebe w la konseye w sa a. Sa a kapab se chanje daypè sou ti bebe w la, ba l tete oswa bibwon, oswa kontwole tanperati l. Si ti bebe w la malad anpil, pèsonèl NICU yo ka plis dwe fè bagay sa yo. Men, toujou gen yon bagay ou ka fè.
-
Travay ansanm ak pèsonèl NICU yo pou nou fè yon plan pou swen pou ti bebe w la.
-
Pataje enpresyon w sou eta ti bebe w la ak pèsonèl NICU a. Pandan w ap aprann konnen ti bebe w la, ou ka remake kèk ti chanjman pèsonn lòt moun pa wè.
-
Pran swen tèt ou tou. Si w santi w malad, li enpòtan pou w di pèsonèl NICU yo sa a. Pa ale si yo panse ti bebe w la ka pran rim oswa lòt enfeksyon nan men w. Menm si sa a difisil, li enpòtan pou ti bebe w la rete pi an sante posib. Mande pèsonèl NICU yo oswa founisè swen sante w la ki lòt fason ki genyen pou w pwoteje ti bebe w la, tankou pandan w asire w ou te pran vaksen Tdap la ak vaksen kont grip sezon an.
Ki jan prematire yo eksprime tèt yo
Prematire yo bouje mwens epi yo fè mwens bri pase ti bebe ki fèt sou lè yo a. Ekspresyon vizaj yo pi diskrè. Veye siy sa yo epi eseye aprann konnen diferan karaktè ti bebe w la.
Siy kontantman oswa plezi:
-
Men l ak pye l lage
-
Vijilans
-
Woukoule
-
Gade alantou l
Siy estrès:
-
Tranbleman, sekous
-
Kite men l oswa pye l tou rèd
-
Leve yon men l anlè ak dwèt yo griyen tankou siy ki nan yon pankat estop
-
Koubi do l
-
Souf li anlè, li ajite, oswa l ap kriye
-
Mank reyaksyon (fèmen)
-
Chanjman koulè
-
Etoufman
-
Òkèt