Konprann fibrilasyon orikilè (A-Fib)
Fibrilasyon orikilè (A-fib) se tip aritmi ki pi kouran. Yon aritmi se nenpòt pwoblèm nan vitès oswa modèl batman kè a. A-fib lakòz siyal elektrik rapid, an dezòd nan oreyèt yo. Sa fè li difisil pou kè a fonksyone jan li ta dwe fonksyone. Li afekte kantite san kè w ka ponpe nan kò a.
A-fib ka rive yon lè konsa epi li disparèt poukont li. Yo rele sa paroksistik. Oswa li ka kontinye pandan peryòd ki pi long. Yo rele sa pèsistan.
A-fib ka mennen nan pwoblèm grav, tèlke estwok. Founisè swen sante w ap gen pou l siveye epi jere eta w.

Kisa k ap pase pandan fibrilasyon orikilè?
Kè a genyen yon sistèm elektrik. Sa voye siyal pou kontwole batman kè a. Amezi siyal yo ap deplase nan kè a, yo endike chanm anwo yo (oreyèt yo) ak chanm anba yo (vantrikil yo)nan kè a kilè pou yo peze (kontrakte) ak relache. Sa pèmèt san an travèse kè a epi soti al nan kò a ak nan poumon yo.
Avèk A-fib, oreyèt yo resevwa siyal anòmal. Sa lakòz yo kontrakte yon fason fason rapid ak iregilye. Yo pa nan senkwonizasyon avèk vantrikil yo. Oreyèt yo gen plis difikilte pou deplase san an al nan vantrikil yo. Apresa, san ka akimile nan oreyèt yo. Sa ogmante risk pou fòme kayo san ak pou estwok. Vantrikil yo ka kontrakte twò vit e yon mannyè ki pa regilye. Yo pa ka ponpe san nan kò a ak nan poumon yo byen jan yo ta dwe ponpe. Sa ka febli misk kè a apre yon sèten tan. Li ka lakòz ensifizans kadyak. Ensifizans kadyak siyifi misk kè a pa ka ponpe san byen.
Kisa ki lakòz fibrilasyon orikilè?
A-fib pi kouran kay granmoun aje yo. Li kapab akòz:
-
Laj pi aje.
-
Maladi atè kowonè.
-
Maladi nan valv kè.
-
Kriz kadyak.
-
Operasyon kè.
-
Tansyon wo.
-
Maladi glann tiwoyid.
-
Dyabèt.
-
Maladi poumon.
-
Apne somèy.
-
Gwo konsomasyon alkòl.
Nan kèk ka A-fib, founisè swen sante yo pa konnen kòz la.
Ki sentòm fibrilasyon orikilè?
A-fib gendwa pa lakòz sentòm. Si sentòm yo rive, yo ka gen ladan:
-
Yon batman kè rapid, fò, iregilye.
-
Souf kout.
-
Fatig.
-
Vètij oswa endispozisyon.
-
Doulè nan pwatrin.
Kijan yo trete fibrilasyon orikilè?
Tretman pou A-fib ka gen ladan nenpòt nan sa yo ki anba la a.
-
Medikaman. Yo gendwa preskri w:
-
Medikaman pou vitès batman kè pou ede ralanti batman kè yo.
-
Medikaman pou ritm kè pou ede kè a bat yon mannyè ki pi regilye.
-
Medikaman ki delye san oswa antikowagilan pou ede redui risk pou fòmasyon kayo san ak pou estwok.
-
Fèmti apendis orikilè goch. Founisè swen sante w ka konseye pwosedi sa a pou anpeche estwok. Ou ka bezwen li si w gen gwo risk pou estwok men ou gen pwoblèm pou pran medikaman ki delye san (antikowagilan). Pwosedi sa a fèt pa mwayen yon katetè nan lenn. Yo mete yon aparèy nan pati nan kè kote pifò kayo san yo fòme. Yo rele zòn sa a apendis orikilè goch (Left Atrial Appendage, LAA). Se yon estrikti ki sanble ak yon pòch nan miray misk oreyèt goch la. Aparèy la fèmen LAA a. Li anpeche kayo san yo deplase sot nan kè a pou ale nan sèvo a epi lakòz yon estwok.
-
Kadyovèsyon elektrik. Founisè swen w lan itilize elektwòd oswa palèt espesyal pou voye 1 oswa plizyè chòk elektrik kout nan kè a. Tretman sa a ka ede retabli batman kè a nan nòmal.
-
Ablasyon. Yo file tib long fen (katetè) nan yon veso sangen pou fè yo rive nan kè a. Nan kè a, katetè yo voye enèji cho oswa frèt nan kote ki lakòz siyal anòmal yo. Sa detwi tisi oswa selil ki bay pwoblèm yo. Tretman sa a amelyore chans pou kè w rete nan ritm nòmal san itilize medikaman. Si vitès batman kè w ak ritm kè w pa ka kontwole, ou ka bezwen yon ablasyon ne ak yon pesmekè. Sa yo pral ede kontwole vitès batman kè a epi ede kenbe batman kè w regilye.
-
Operasyon. Founisè swen an ka itilize yon metòd pou kreye tisi sikatrize nan pati nan kè a ki lakòz siyal anòmal yo. Tisi sikatrize a deranje siyal anòmal yo. Sa ka anpeche A-fib la rive. Leplisouvan, yo fèmen apendis oreyèt goch la tou.
-
Ablasyon ibrid ak katetè chirijikal pou A-fib. Tretman sa a itilize pou moun ki gen A-fib ki kontinye oswa ki difisil pou trete. Li konbine operasyon avèk yon ablasyon ak katetè. Premyèman, chirijyen an fè ti koupe (ensizyon) ant zokòt yo nan pwatrin oswa nan vant toupre zo biskèt la. Chirijyen an mete yon andoskòp nan ensizyon yo. Sa fèt pou rive nan dèyè ak nan lòt zòn kè a. Yo voye enèji sou sifas oreyèt la. Sa deranje siyal elektrik anòmal yo. Apresa, yo mete yon katetè yon venn nan lenn. Yo gide katetè a nan kè a. Avèk èd katetè a, yo fè ablasyon ak radyofrekans lan. Sa detwi tout lòt tisi andedan kè a ki lakòz A-fib la. Li fèt tou pou evalye siksè operasyon an. Tretman ibrid sa a ka mache pi byen pou bloke siyal elektrik anòmal yo. Li ka yon solisyon ki pi dirab pou A-fib pèsistan.
Ki konplikasyon ki posib nan fibrilasyon orikilè?
Pwoblèm ki rve akòz A-fib ka gen ladan:
-
Kayo san.
-
Estwok.
-
Demans.
-
Ensifizans kadyak.
Kilè mwen dwe rele founisè swen sante m?
Kontakte founisè swen sante w touswit si w gen nenpòt nan sa yo: