Related Reading
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Kòz ki Pa Sèten pou Doulè Nan Pwatrin

Doulè nan pwatrin ka rive pou yon kantite rezon. Pafwa kòz la entwouvab. Si founisè swen sante w te egzamine w epi eta w pa sanble grav, epi si doulè w la pa sanble soti nan kè w, founisè swen w lan ka rekòmande pou siveye ak anpil atansyon nenpòt sentòm. Pafwa siy yon pwoblèm grav pran plis tan pou parèt. Anpil pwoblèm ki pa gen rapò ak kè w ka lakòz doulè nan pwatrin, tèlke:

  • Pwoblèm nan misk ak zo. Sa yo gen ladan kostokondrit (yon anflamasyon nan tisi yo toutotou zokòt yo ki kapab rive apati chòk oswa blesi akòz twòp itilizasyon) epi yon dechiri nan misk kòf lestonmak yo.

  • Pwoblèm respiratwa. Sa yo gen ladan nemoni, poumon ki plati (nemotoraks), ak anflamasyon nan doubli pwatrin lan ak poumon yo (plerezi).

  • Pwoblèm gastwoentestinal. Sa yo gen ladan refli ezofajyen, zègrè, ilsè, ak maladi nan vezikil bilyè.

  • Anksyete ak twoub panik yo.

  • Konpresyon ak anflamasyon nè.

  • Pwoblèm ki ra, tèlke anevris awòt oswa diseksyon awòt (yon anfleman nan gwo atè ki sòti nan kè a oswa yon dechiri nan miray atè a), epi anboli pilmonè (yon kayo san nan poumon yo).

Yon imaj fas yon pwatrin yon gason ki ap montre poumon yo, trache a, kè a ak zo kòt yo.

Swen lakay

Apre vizit ou a, asire ou:

  • Repoze jodi a, epi w rete lwen aktivite fatigan.

  • Pran tout medikaman yo preskri w jan yo endike a.

  • Ou dwe konsyan de nenpòt doulè nan pwatrin ki retounen, epi remake nenpòt chanjman.

Swen swivi

Fè swivi avèk founisè swen sante w si w pa kòmanse santi w pi byen nan lespas 24 èdtan, oswa jan li konseye w.

Rele 911

Rele 911 si ou gen:

  • Yon chanjman nan tip doulè a. Ou ka santi l diferan, li vin pi grav, dire pi lontan, oswa kòmanse gaye nan zepòl, bra, kou, machwè, oswa do w.

  • Souf kout oswa ogmantasyon doulè nan respirasyon.

  • Feblès, vètij oswa endispozisyon.

  • Yon batman kè rapid.

  • Yon sansasyon krazman nan pwatrin ou.

  • Touse krache plis pase yon ti kantite san.

Lè pou jwenn konsèy medikal

Rele founisè swen sante w oswa jwenn swen medikal touswit si w gen:

  • Yon tous avèk krache (flèm) koulè fonse oswa ti kantite san.

  • Yon lafyèv 100,4 °F (38 °C) oswa pi wo, oswa jan founisè swen w endike.

  • Anfleman, doulè oswa woujè nan yon sèl janm.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer