Related Reading
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Fo Tranche

Si gwosès ou nan 37 semèn oswa pi lontan epi w gen kontraksyon ki pa vre tranche, ou gen fo tranche. Li poko lè pou akouche tibebe w la.

Vrè kontraksyon tranche yo ka kòmanse yon fason inegal, men anvan lontan yo pran yon modèl regilye. Ofiramezi tan ap pase, kontraksyon yo ap vin pi fò. Epitou, entèval ant kontraksyon yo ap vin pi kout. Menm nan kòmansman, kontraksyon sa yo dire omwen 30 segonn epi yo ka ogmante jiska yon minit. Vrè kontraksyon tranche souvan kòmanse nan do a epi apresa, yo deplase vin devan.

Fo kontraksyon tranche yo ka fò epi rive souvan, men yo raman rapòte kòm bagay ki fè mal. Pa gen okenn modèl regilye nan kontraksyon yo. Entansite a ka varye soti nan fò jiska lejè epi fò ankò. Yo enprevizib epi yo ka dire mwens pase 30 segonn oswa jiska 2 minit. Fo kontraksyon tranche yo santi leplisouvan nan devan abdomèn lan (vant). Alòske vrè kontraksyon tranche yo pa sispann kèlkeswa sa w fè, fo kontraksyon tranche yo ka sispann poukont yo oswa lè w repoze oswa bouje.

Fo kontraksyon tranche yo ka fè w santi w enkyete oswa pèdi somèy. Men, sa pa vle di ou malad ni gen yon bagay ki mal ak tibebe w la. Ou pa bezwen pran okenn medikaman pou fo tranche.

Pafwa, li ka twò difisil pou distenge fo tranche ak vrè tranche. Nan ka sa yo, ou ka bezwen fè yon egzamen nan vajen. Sa pèmèt founisè swen sante w verifye chanjman nan kòl matris la ki rive sèlman avèk vrè tranche.

Swen lakay

  • Bwè anpil dlo epi pran beny cho.

  • Chanje pozisyon w oswa nivo aktivite w. Si w te trè aktif, kouche. Si w te chita pandan yon peryòd pwolonje, al fè yon ti mache.

  • Kenbe yon dosye pou kontraksyon w yo. Ekri a ki lè chak kòmanse epi konbyen tan sa dire. Yon kwonomèt ap itil. Chèche modèl kontraksyon ki espase regilyèman avèk yon ogmantasyon ofiramezi nan tan chak nan yo dire.

  • Ou pa bezwen wont pou ale lopital ak yon “fo alam.” Konsidere sa kòm yon bon pratik pou bagay reyèl la.  

Swen swivi

Fè swivi avèk founisè swen sante w jan li konseye. Si w trè enkyete, bwouye, ou pa ka manje oswa dòmi, oswa w gen kesyon sou sante w oswa sou gwosès ou, pran yon randevou avèk founisè swen w.

Lè pou jwenn konsèy medikal

Kontakte founisè swen sante w touswit si nenpòt nan sa yo rive:

  • Ou gen mwens pase 37 semèn gwosès ou epi w gen kontraksyon.

  • Ou gen kontraksyon ki regilye, ki vin pi long, pi fò, epi ki pi pre ansanm.

  • Ou kase lezo.

  • W ap senyen nan vajen w.

  • Ou santi yon diminisyon nan mouvman tibebe w la oswa nenpòt lòt chanjman etranj. 

  • Ou pa sèten si w gen fo tranche oswa vrè tranche.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer