Konprann Esklewoz an plak (Multiple Sclerosis, MS)
Esklewoz an plak (MS) se yon maladi nan sèvo a oubyen mwal enpinyè a. Pou kounye a, pa ko gen trètman pou MS. Men gen anpil trètman ki disponib pou ede w jere l. Anpil moun ki gen MS ka jere sentom yo epi mennen aktivite yo, ak viv yon vi an sante. Li pou w aprann plis sou MS yo ak tretman yo.

Kisa MS la ye?
Sèvo a se sant ki kontwole kò a. Chak pati nan sèvo a kontwole yon bagay espesifik. Tankou mouvman, ekilib, sansasyon ak panse. Sèvo a kontwole fonksyon sa yo pandan l ap voye epi l ap itilize nè yo pou l resevwa mesaj. Nè yo gen yon anvlòp ki pwoteje yo. Anvlòp la rele myelin. Lè gen MS, myelin nan ki sou nè yo ki nan sèvo a ak mwal epinyè a andomaje. Si anvlòp sa a pèdi, sa a ap lakòz mesaj k ap sikile nan nè ki afekte yo ralanti oubyen kanpe. Sa se rezilta sentom MS la.
Faktè risk ak koz pou yon moun gen MS
Espè yo pa konnen kisa ki lakoz MS la. Men anpil rechèch sigjere se sistèm imitè kò a ki sibi atak ki detwi myelin nan pa erè. Pi souvan, MS la kòmanse lakay granmoun ki gen ant 20 a 40 lane yo. Sa rive kay fanm plis pase kay gason. Sa rive plis lakay moun ki gen ka MS nan antesedan familyal yo. Gen anpil jèn yo idantifye kòm jèn ki ogmante risk pou fè MS. Yon ansyen enfeksyon Epstein-Barr (mononikleyoz) pi kouran lakay moun ki fè MS. Moun ki gen MS yo tou gen plis chans pou yo fimen, pou yo gen karans vitamin D oswa pou yo obèz pandan yo timoun.
Tip MS yo
Gen 4 tip prensipal MS. Tankou:
-
MS ki ap fè ale vini (Relapsing-remitting). Nou jwenn tip MS sa plis. Li pwovoke yon seri sentom. (yo rele kriz tou oubyen pouse). Gen peryòd retablisman pasyèl oubyen total ki vin aprè kriz sa yo. Chak atak ka pi mal pase sa anvan li an.
-
MS primè pwogresif. Sentom pou tip MS sa yo parèt yon fason pwogresif epi tanzantan y ap vin pi grav. Pa gen peryòd gerizon.
-
MS segondè pwogresif. Tip MS sa yo kòmanse tankou yon MS siklik. Aprè yon peryòd estabilite, maladi a vin pi grav. Anviwon 50% moun ki gen yon MS siklik gen MS segondè pwogresif la nan yon peryòd 10 lane aprè premye kriz yo a. Prèske yo tout genyen l nan yon peryòd 25 lane.
-
MS ki tounen pwogresivman. Tip MS sa a gen yon seri sentom ki ap vin pi grav yon fason pwogresif, li tou mache ak kèk peryòd pouse.
Sentom MS yo
Sentom yo varye sòti nan yon moun rive sou yon lòt moun. Tip sentom yo depann de ki nè ki afekte yo. Yo depann de konbyen nè ki andomaje nan sèvo a ak nan mwèl epinyè a. Yon moun ka gen divès sentom pandan maladi a ap evolye. Sentom yo ka gen ladan yo:
-
Gwo fatig
-
Angoudisman, pikotman, oubyen pèt sansasyon
-
Doulè
-
Kontraksyon miskilè oubyen feblès nan bra, nan janm oubyen nan tou de
-
Difikilte pou byen wè, tankou je a ki ap fè mouvman rapid, wè doub, pa wè
-
Pwoblèm ekilib ak kowòdinasyon
-
Difikilte pou ou mache oubyen bouje bra w, janm ou, oubyen tou de
-
Difikilte pou kontwole w pou w pa twalèt oswa pipi sou ou
-
Pwoblèm nan fonksyònman ògan seksyèl ou
-
Toudisman
-
Difikilte pou w konsantre w, rete atantif oubyen sonje yon seri bagay
-
Difikilte pou w reflechi ak rezoud pwoblèm
-
Difikilte pou w pale oubyen vale
-
Depresyon
Dyagnostike MS la
Tès ki pou pèmèt ou dyagnostike MS la genyen:
-
IRM. Tès sa a ap pèmèt ou wè foto sèvo a ak mwèl epinyè a byen detaye. Li ap ede chache kote nè yo andomaje a. Sa yo se lezyon oubyen plak.
-
Teste memwa vizyèl la. Tès sa a pèmèt ou evalye fonksyònman nè optik yo.
-
Rachisantèz. Yo rele l ponksyon lonbè tou. Tès sa a pèmèt ou verifye sante likid ki ozalantou sèvo w ak mwèl epinyè w pou jwenn siy pou konnen si anvlòp nè yo andomaje (demyelinasyon).
-
Egzamen san. Yo ede n elimine lòt koz sentom yo.
Trete MS la
Objektif tretman an se jere sentom ou yo epi ralanti sou jan maladi a ka anpire a. Ou ka jere sentom ou yo nan youn nan fason sa yo:
-
Medikaman. Kèk medikaman ap ede w anpeche sistèm iminitè w atake myelin nan. Sa a ka diminye frekans kriz yo. Epi sa a ka diminye nivo gravite yo. Lòt medikaman ap ede w kontwole sentom yo oubyen soulaje doulè ou yo lè w gen kriz.
-
Reyabilitasyon. Sentom MS yo ka afekte vi kotidyen w. Reyabilitasyon an gen ladan l fizyoterapi, ègoterapi ak òtofoni. Sa a ka ede w kenbe fòs ak fonksyon kò w. Si sa nesesè, founisè swen sante w la ap preskri w baton pou w mache, deyanbilatè oubyen chèz woulant. Ou ka chanje travay ou oubyen kote w ap viv la pou w amelyore sekirite w.
-
Sèvis sipò. Gen konsèy ak gwoup soutyen k ap ede w fè fas ak difikilte ki genyen lè w ap viv ak MS. Manm fanmi w ak zanmi w ka benefisye sèvis sa yo tou.
-
Fason w te konn viv la ap chanje. Modifye fason w ap viv ak sa w ap fè chak jou ka ede w kontwole sentom yo. Tankou w pran bon ti repo epi fè espò regilyèman. Tankou manje byen epi diminye nan estrès ou yo. Sa ap ede w konnen epi elimine bagay ki ka pwovoke MS la.
-
Lòt Tretman yo. Chèchè yo ap esplore nouvo tretman pou MS la. Anpil nan yo se esè klinik. Sa vle di yo teste yo pou yo verifye sekirite yo ak efikasite yo. Pale ak founisè w yo sou tretman ki ta ka yon opsyon pou ou yo.
Preyokipasyon alontèm
MS la se yon maladi nou pa ka prevwa. Eksperyans chak moun diferan. Jeneralman, ou ta dwe al kay founisè swen sante w la regilyèman. Y ap siveye sentom ou yo. Y ap egzamine efikasite medikaman w yo ak lòt trètman. Sentom MS yo ka anpire pandan maladi a ap pwogrese. Nan ka sa a, ou ka bezwen plis swen ak trètman.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.